Mairie de l'Anse-a-Galets

Mairie de l'Anse-a-Galets

Partager

Se paj ofisyel Meri Ansagalè a

31/01/2026
Photos from Mairie de l'Anse-a-Galets's post 31/01/2026

2018

Photos from Mairie de l'Anse-a-Galets's post 14/06/2025
Photos from Mairie de l'Anse-a-Galets's post 11/06/2023

Yon ekip Dyaspora sou zile a sou lidèchip Pastè Armand ORNIS bay meri Ansagalè 4 Motosiklèt Lorcin 200.
Meri Ansagalè remesye Pastè Armand ki te pran inityativ sa pou rive mobilize lòt konpatriyot Gonavyen ki nan dyaspora a pou rive fè gwo jès sa .
Majistra Ernso di mèsi ak chak moun spesyalman Rony Civil ki bay yon moto pou kont li.

Pou administrasyon Kominal la zile a pap ka pran wout chanjman dirab nap chèche a si tout pitit zile pa mete tèt ansanm pou n rezoud pwoblèm yo.

Moto yo pa la pou neg al pran plezi yo se pou ede ranfòse kapasite entèvansyon Polis minisipal la ak polis nasyonal la .

Majistra Ernso Louissaint Promèt ak tout moun toutan l nan tèt meri Moto sa yo ap byen jere .

Photos from Mairie de l'Anse-a-Galets's post 15/02/2023

PNH
AVI REKRITMAN

Polis Nasyonal Peyi dayiti ak administrasyon kominal Ansagalè ap anonse tout moun gen enskripsyon pou vinn ajan Polis nasyonal k’ap demare mekredi 15 Fevriye 2023 nan Komisarya Ansagalè .

Apre tout pyès yo mande yo, wap bezwen yon setifika nan komisarya ki di ke yo pa jwenn pyès dosye kont ou e ki ap ba w otorizasyon pou w al fe sètifika bòn vi ak mès la nan tribinal la .

Pou setifika sante a administrasyon kominal Ansagalè ak MSSP jwenn yon antant pou tout moun kap gen pou enskri yo jwenn setifika sa gratis nan Lopital Wesleyen ki nan sant vil la .

Meri Ansagalè remesye direktè Jeneral Polis la( Frantz ELbé) ki pèmèt La Gonav gen jodi a yon biwo rekritman pèmanan kap pèmet pitit zile kapab antre nan La polis la e apre tounen vinn sevi kominote yo.

05/09/2022

Ga Maritim Waf Ansagalè a

Photos from Mairie de l'Anse-a-Galets's post 05/09/2022

An nou pote kole.
An nou kenbe l pwòp se pou nou li ye

Photos from Mairie de l'Anse-a-Galets's post 05/09/2022

Tout moun ap gen pou pase nan Ga Maritim (Waf Ansagalè a) depwi wap antre e soti nan komin nan.

Ga Maritim nan se pral espas pou gen bon jan kontrol pou n rive identifye rantre e soti tout pasajè yo.

Se nan espas sa wap kapab fe tikè w pou n rive gen kontrol tout moun .

Anpil fwa sa rive moun yo monte yatch batiman bato pyes moun pa rive idantifye yo sitou nan ka gen yon problem sou Dlo a.

Meri detèmine pou bagay yo chanje,
Men nou konnen chanjman yo pa yon sèl jou .
An nou respekte prensip yo e ke komin nan kontinye vanse .

Vous voulez que votre entreprise soit Service Du Gouvernement la plus cotée à Anse à Galets ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Téléphone

Site Web

Adresse


Anse à Galets