09/04/2026
Avril 2026
Nou ofri divès sèvis pou kominote a tankou liv, klas, aktivite kiltirèl, aksè teknologi, ak lot sèvis
09/04/2026
Avril 2026
23/03/2026
Se te premye reyinyon gwoup konseye bibliyotèk la pou ane sa, Reyinyon sa, te yon etap enpòtan, kote nou te fè bilan sou pwogrè nou deja reyalize, epi pataje ide nou ansanm sou plan avansman bibliyotèk la.
Gras ak kolaborasyon ak angajman tout manm yo, nou gen konfyans ke bibliyotèl la ap sèvi kominote ya bi byen toujou.
19/03/2026
Nou te gen yon bèl rankont staf pou planifye kijan premye rankont gwoup konseye bibliyotèk la ap dewoule pou ane a.
Se te yon moman refleksyon, pataj lide, ak kolaborasyon pou konsolide plan pou fasilite tout bèl pwopozisyon manm yo.
09/03/2026
Nan okazyon jounen Entènasyonal Fanm 8 Mas la, bibliyotèk la te òganize yon bèl aktivite pou mete an valè fanm yo epi pataje enfòmasyon enpòtan sou sante yo.
Nou te gen prezans Doktè Brezault, ki te prezante yon konferans trè itil sou prevansyon ak deteksyon kansè nan tete.
Pandan aktivite sa, klas dans lan te ofri yon bèl pèfòmans, anpil bèl kesyon epi te gen entèpretasyon mizikal ki te pote anpil anbyans ak lajwa.
Nou te pwofite remèt kèk kado kòm siy apresyasyon. Haiti Projects ankouraje tout fanm yo pou kontinye fè bon travay nan devlopman kominote nou an.
19/02/2026
Bibliyotèk la, te òganize yon bèl aktivite espayal pou timoun yo nan okazyon kanaval la.
Nou te pataje moman plezi, aprantisaj ak kreyativite ansanm. Timoun yo te gen chans patisipe nan yon konferans kote nou te esplike yo kisa kanaval la ye, ki orijin li, ak enpòtans li nan kilti nou kòm pèp ayisyen.
Ansanm, n ap kontinye transmèt kilti nou bay jenerasyon kap vini yo.
22/01/2026
08/01/2026
Jou ki te 29 desanm 2025 lan, Haiti Projects te òganize yon bèl tounwa avèk tout ekip fi ki nan pwogram foutbòl ki gen anviwon 120 jenn fi ki soti nan divès zòn, tankou franchipay, laborye, pas bwadòm epi senton.
Se te yon bèl jounen foutbòl kote tout ekip yo te gen chans rankontre pou t jwe fas a fas. Konsa, ekip senton an te rive nan final fas ak ekip franchipay la kote ekip senton an te chanpyon 4:1 .
Evènman sa make anpil nan pratik tout fi yo, epi aprann plis pou pi byen prepare pou pwochen tounwa 2026 la. Anpil moun moun nan kominote ya sezi de evolisyon talan fi yo ki nan pwogram nan.
06/01/2026
06/01/2026
Nan fen mwa desanm 2025 lan, nou te òganize gradyasyon espesyal pou selebre reyisit 15 fanm nan pwogram alfabetizasyon Haiti Projects la. Anplis de sa, nou te remèt plis pase 20 jèn fi ak jèn gason sètifika nan enfòmatik ak anglè, kòm rekonesans pou efò ak angajman yo.
Evènman sa a te make yon gwo etap nan devlopman kominote a, paske li montre enpak pozitif pwogram alfabetizasyon an ansanm ak lòt inisyativ edikatif nou yo nan bibliyotèk la.