Bonsoir à tous!!
PCDD - Plan Kominotè pou Devlopman Desab
PCDD se yon oganizasyon ki pa nan politik, ki gen pou misyon poul kontinye devlopman kominote Desab la ke ansyen "Koperativ Delivrans Desab" la te komanse.
18/05/2025
Aider un enfant à aller à l'école, c'est préparer l'avenir d'une communauté, voire d'un pays. Avec cet effet, l'école Mixte Comunautaire de Dessables (EMCD) a lancé un appel à tous ceux qui reconnaissent l'importance d'aider un enfant ou de faire un don pour que certains enfants puissent apprendre à lire ou à écrire.
La famille Exavius, qui s'est engagée depuis 5 ans et qui rémunère les enseignants d'environ 200 enfants, invite tous ceux qui souhaitent contribuer à aider un ou plusieurs enfants de leur choix.
Veuillez appeler ou envoyer un SMS aux numéros ci-dessous si vous partagez notre idée d'offrir une éducation aux enfants qui n'ont pas les moyens d'aller à l'école.
Contacts :
4453-0725 Direct et Whatsapp
31 67 3989 WhatsApp
Déjà, un grand merci à tous ceux qui veulent nous aider !
Personnel de l'EMCD
02/10/2023
Bon travay e mèsi Cabaret Info-Media (CIM). Mwen aplodi travay ou a. Siw byen gade sou foto pwofil mwen an, wap wè youn nan timoun yo pami timoun lekòl Dessables yo (gen plizyè nan sa ou posté yo ki te lekòl la, men se youn nan yo mwen wè).
Nenpòt moun ki ta renmen ede timoum sa ki nan pòs, lap bon. Mwen di sa paske se gras ak mwen menm avèk yon staff ki avèk mwen ki pemèt Dessables gen yon lekòl Kominotè kote timoun zòn lan ka ale aprann ABCD, malgre se pa fasil ditou paske nou poko gen okenn èd pou sa.
Nan sans sa a, nap di pòt nou ouvri pou tout moun ki gen volonté ak bon kè pou ofri tèt yo kòm volontyé pou swa sponsorize yon timoun, envesti nan salè yon pwofesè, nan yon ban, yon valiz, yon kaye, etc.
Non Lekòl Dessables se (Ecole Mixte Communataire de Dessables - *EMCD*) ki kwafe anba yon òganizasyon Kominotè ki rele:
Plan Communautaire pour le Dévelopement de Dessables - *PCDD*
Pou plis detay, ou ka kontakte nou pa messenger.
Mèsi anpil, e BonDye beniw🙏
- Pdg, PCDD
01/10/2023
Bonjou/Bonswa Lasosyete!
Jodi a se avèk anpil plezi poum anonse ke EMCD- Ecole Mixte Communautaire de Dessables" pati pou yon 4èm ane eskolè menmsi se nan kondisyon difisil.
Nou deja ouvri pòt nou depi 11 Septanm! Nap prezante foto staff nou pou ane eskolè 2023-2024 a nan pòs sa-a, e nap lagé foto elèv nou yo gradyèlman.
PCDD
10/08/2023
Let's educate them today so that they can be the leaders of tomorrow👍🙏
PCDD - Plan Communautaire pour le Dévéloppement de Dessables NewHampshire
10/08/2023
Ecole Mixte Communautaire de Dessables (EMCD) te fèl ankò pou yon 3èm ane eskolè, e nap pati pou yon 4èm ane. Kòm ane avan yo, ane lekòl sa a te posib gras ak sipò inik sponsò lekòl la ki se "Fanmi Elissoir Exavius aka Fanmi Sekwam" malgre sitiyasyon difisil🙏
*PCDD ouvè ak tout moun ki ta renmen pote sipò yo ak lekòl la (EMCD)*
Bilan to reyisit EMCD pou ane eskolè 2022-2023 la pati konsa👇
Preskolè 1: 63.63% reyisit
Preskolè 2 e 3: 85.71% reyisit
Premyè AF: 88.89% reyisit
Dezyèm AF: 100% reyisit
Twazyèm AF: 100% reyisit
Katriyèm AF: 83.33% reyisit
Senkyèm AF: 100% reyisit
Sizyèm AF: 100% reyisit
Setyèm AF: 100% reyisit
Nou konsyan ke gen plis travay ki dwe fèt nan kèk klas nou yo, men nou trè satisfè ak ane eskolè 2022-2023 a.
Siw entèrese nan pote soutyen w ak lekòl la pou n kontinye fè edikasyon timoun yo, pa ezite fè nou konnen.
Silvouplè, kòmante, renmen ak pataje post nou yo pou plis moun ka dekouvri bèl travay PCDD ap fè nan Desab.
Mèsi🙏
05/07/2023
Ecole Mixte Communautaire de Dessables, Commune de Cabaret Haiti
EMCD: (Ecole Mixte Communautaire de Dessables)
Men timoun Desab yo wi 2,3 grenn nèg Mal entansyoné pa vle alé lekòl la. Ou fèmen lekòl la pandan 2 zan de 2019 a 2021 pou yon rezon ki rete yon mistè. Malgre sitiyasyon ekstra difisil, yon grenn fanmi fè sakrifis epi pran responsabilité rouvri lekòl la, peye yon staff, epi ou konprann Bondye Ap baw pouvwa eliminé fanmi Sa-a!
Yo te ban m' yon bourad pou fè m' tonbe. Men, Seyè a te pote m' sekou ( Sòm 118:13)
Go PCDD Go! Seyè-a avèw!
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Emplacement
Contacter l'entreprise
Téléphone
Site Web
Adresse
Entré Leveque, Prolongé #15
Cabaret
HT6420
