28/02/2026
🇭🇹 NÒT POU LAPRÈS : Pati Politik Patriyòt APIYE POZISYON "Pati Politik Pitit Dessalines"
Pati Politik fè konnen li pran nòt piblikman de deklarasyon Pati Politik Pitit Dessalines lan ki anonse angajman aksyon jidisyè kont Premye Minis defakto a, Fils-Aimé, pou zak yo konsidere kòm koripsyon, abi pouvwa ak usurpasyon tit.
Apre analiz kontni nòt sa a, Patriyòt deklare li apiye demach legal la, sitou sou kestyon :
__ Respè Konstitisyon 1987 amande a ;
__ Oblijasyon transparans nan jesyon lajan piblik ;
__ Respè pwosedi legal nan siyen kontra Leta ;
__ Defans prensip netralite elektoral pandan tranzisyon an ;
__ Pwoteksyon enstitisyon repibliken yo kont tout derive pèsonèl oswa otoritè.
Patriyòt kwè nenpòt kontra ki angaje Leta pou plizyè dizèn milyon dola dwe pase nan pwosedi regilye yo, ak tout kontwòl legal ki egzije pa lalwa. Menm jan an tou, okenn responsab pa gen dwa pran desizyon ki depase limit pouvwa li dapre Konstitisyon ak lwa peyi a.
Nou reafime angajman nou pou defann Leta de dwa, bon jan gouvènans, ak respè prensip demokratik yo. Peyi a pa dwe dirije sou baz entèpretasyon pèsonèl oswa kalkil politik ki mete an danje estabilite ak kredibilite tranzisyon an.
Patriyòt rete ouvè pou kolabore ak tout fòs politik ak sosyal ki kwè nan respè lalwa, transparans ak diyite pèp ayisyen an.
Okap, 22 fevriye 2026.
Direksyon Nasyonal
Pati Politik Patriyòt
https://www.facebook.com/share/p/1HYrwSJcoJ/
Pati Politik Patriyòt fans

23/02/2026