Lig Ouvriye ak Travayè Endepandan « LOTE »

Lig Ouvriye ak Travayè Endepandan « LOTE »

Partager

Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Lig Ouvriye ak Travayè Endepandan « LOTE », Organisation politique, Delmas.

Lig Ouvriye ak Travayè Endepandan (LOTE) se yon mouvman ki konekte klas Ouvriye a nan peyi Ayiti, nan objektif pou lite pou endepandans konplèt Ouvriye ak Travayè yo.

02/05/2026
20/04/2026

Lig Ouvriye ak Travayè Endepandan (LOTE)
75, catalpa, Delmas Ouest Haïti
[email protected]

Lendi 20 avril 2026.
Afwontman ant gwoup kriminèl yo nan Laplèn ak atak yo nan Segen ; Yon lòt kou di pou ekonomi ak pwodiksyon agrikòl peyizan yo !
Yon lòt fwa bandi atake Segen ak Laplèn. Jis kounya Leta pa gen kapasite pou bay bilan kantite moun ki mouri ak estrateji yo devlope pou repouse gwoup rezo kriminèl yo, gwoup milis boujwa yo, epi tabli konfyans lakay travayè latè yo, pwofesè yo, ti machann yo, etidyan yo, élève Lekòl yo, andikape yo, ak lòt abitan ki nan chomaj yo. Nou konnen byen, Segen se pa sèlman yon bèl zòn mòn; se li ki souvan sèvi kòm "manman nourisyè" pou Pòtoprens ak depatman Lwès la. Konsènan Kilti Mare Chè: Se la pifò legim (chou, kawòt, bètrav, elatriye) ak fwi nou konsome soti. Kominote sa genyen yon estrik depandans ekonomik. Lè w di 95% vejetal soti la, sa montre si Segen bloke, se grangou k ap moute pi rèd nan mache Kwadèbouke, mache petyonvil, ak lòt kote. Sa ki lakòz, pandan tout moman tansyon san rete yo, masak, efondreman masif plizyè lòt kominote tankou Kenskòf, Peyizan yo pa t janm bouke travay latè pou sove lavi fanmi, zanmi, ak plizyè milyon lòt ayisyen k ap viv nan grangou anndan kè depatman sa yo ki tonbe anba grif bandi klas dominan an. Divivye, Dorigòl, Lawous ak Wout 9, se yon lòt ansanm kominote ki okipe yon plas enpòtan nan lavi popilasyon an k ap viv nan menm depatman Lwès la. Nan anviwon 112 seksyon kominal ak 6 katye yo ki genyen nan depatman Lwès la, zòn nou site yo patisipe nan pote dlo bay yon bon majorite. San konte, konpayi Brasri yo, tankou Babankou, Brasri Nasyonal d Ayiti, Lakouwòn.
Atak sou kominote sa yo sanble ak yon estrateji pou fini ak ti rès fòs peyizan yo genyen. Aprè antre nan lokalite y ap viv la pou touye fanmi ak zanmi yo, blokis won pwen yo, tankou Wout 9, se yon refleksyon estratejik. Toutfwa gwoup lame boujwa yo kontwole wout sa yo, san pran tan, y ap koupe tout kòmann ki ta dwe antre ak sòti nan zòn pwodiksyon yo pou rive nan bouch konsomatè yo. Anpil fwa, lè bandi yo fin kraze brize konsa, peyizan sa yo ki kouri kite tè yo a pa sèlman pèdi kay yo men se gwo kapasite peyi a ki disparèt pou bay pwop tèt li manje.
An reyalite, aksyon malonèt sa yo pouvwa politik ekstrèm dwat la ak boujwazi a ap poze la pa inosan. Pou klas kapitalis la ak gwo pwisans enperyalis yo, rezistans ekstraòdinè klas travayè yo nan peyi sa parèt yon reyalite inakseptab. Aprè yo fin kraze Solino, Kriswa, Nazon, Bèlè, Kafou fèy, matisan, kenskòf, yo panse okenn altènativ pa t ap pran lavi pou kontinye reziste fas ak pwojè liberalizasyon ak likidasyon zòn estratejik sa yo. Jewografikman kote nou site la yo pa sèlman reprezante yon ansanm espas men yo se veritab poto mitan rezistans popilè yo ak baz kote revandikasyon klas travayè yo te konn pran chè. Rekonstriksyon lavi sosyal ak ekonomik anba san, flanm dife, laterè, domi sou plas ak enstitisyon piblik, pa gen mwayen pou kesyone ak jwenn repons sou fason klas travayè yo ak Pèp la òganize lavi yo chak jou k ap pase. Lè boujwa yo ofri zam, lajan ak pwòp pitit travayè yo pou anpeche yo manje, bwè ansanm, menm travayè sa yo ak mas oprime yo kreye pwop rezo solidarite yo. Plis pase 1 milyon moun deplase nan plizyè seksyon kominal nan depatman Lwès, Latibonit ak nan Sant lan. Sa ki eksplike yon bon pati nan fòs travay la vin tounen refijye nan pwòp peyi li, san kapasite pou repwodui ak revandike kont mòd lavi sa. Fòk nou konprann byen, klas dominan an kreye sitiyasyon sa pou efase klas travayè yo pou yo pa yon aktè politik men sèlman moun k ap viktim presyon, represyon, masak epi rete tann èd alimantè ONG yo. Klas kapitalis la mete travayè yo nan kondisyon pou yo gaye, epi anpeche yo jwenn altènativ pou konstrui veritab rezo konbit la. Nan kan y ap dòmi, yo fè lyannaj ant vwazinay ak lafanmi vin yon priyorite pou kanpe djanm fas ak fòm opresyon boujwa yo pran. Nan menm moman klas kapitalis la ap fonde kowalisyon milis li yo nan lane 2023, pou kraze prizon, boule komisarya, efondre plizyè espas nan divès seksyon kominal nan depatman Lwès la ak Latibonit, yo tou pwofite revoke plizyè milye Ouvriye nan Faktori yo. Klas travayè yo ap kouri yon bò pou gwoup rezo kriminèl yo, nan menm tan an, y ap pèdi travay yo nan Izin yo. Sa ki pi di a, ti rezèv yo te genyen an, yo oblije al achte machandiz detaye, tankou (vèsèl, savon, klowòks, likid) oswa manje kri pou vann nan yon espas ki gen yon ti sekirite. Transpò vin pi chè, plis risk. Chak ane k ap pase, pwodiksyon agrikòl l ap diminye pi plis. Plis ensekirite planifye a ap pran espas teritoryal yo, mwens moun y ap viv ak yon revni regilye. Lavi yon ponyen Travayè ak mas oprime yo ap kontinye ak anpil ensètitid. Chak jou y ap depanse. Chak jou y ap janbe enpas enstabilite.
Nan Segen, Bèlans, Laplèn, Travayè latè yo se sè ak frè zam yo ye ki gen menm valè ak Travayè Endistri a. Jan nou te ka di li, yo fòme de (2) pati nan yon sèl ak menm klas la. Enterè youn ak lòt endispansab ak enseparab. Pwogram revandikasyon pou yon gouvènman Tranzisyon ouvriye-Peyizan an genyen kèk chanjman sou kèk pwen fondamantal, men pwogram revanndikasyon travayè latè yo pa diferan ak Travayè Endistri a. Gwo peyi pwisans enperyalis yo motive klas kapitalis la an Ayiti pou aktive milis li yo nan objektif anpeche peyizan yo prezante pwogram nasyonalizasyon tè ak kolektivizasyon agrikilti a ki mete sou kote radikalman tout lide ekspwopriyasyon ti peyizan yo ak tout tè yo. Boujwazi ki nan peyi a bezwen tè pou konstrui otèl, magazen, pandan li paka tande peyizan an vle rete sèl pwopriyetè tè li. Nan sans sa, li nesesè pou tout mobilizasyon k ap fèt nan solidarite ak viktim sa yo denonse metòd san pitye boujwazi kriminèl la, k ap bay dikte ak pouvwa politik ekstrèm dwa yo ak sosyal-demokrasi a kont enterè klas travayè yo.

Tout sitiyasyon sosyal, ekonomik ak lavi politik entèn peyi a plonje anba menas lagè, masak klas kapitalis la ak pwisans enperyalis mondyal la. Katastwòf gwoup milis boujwa yo komèt la antre dirèk nan kè chak travayè latè, ouvriye, sosyopwofesyonèl ak chomè yo pi fon pase sa nou pa ta panse. Chak fanmi ap viv ak yon sikatris. Nan koze lagè sa, klas kapitalis la itilize pwòp ajan li pou enfiltre tout fòm otodefans mas oprime yo, twonpe klas travayè yo ak Pèp la ak anpil fòmil san fondman. Chak brigad otodefans transfòme tankou sekirite antrepriz ak konpayi boujwa yo. Malgre tout diskou sekirite kolektif, defans nasyonal, majorite fòmil sa yo redui ak yon senp lagè sou tray ak tribilasyon Travayè yo ak Pèp la. Klas kapitalis la, gwo pwisans enpepryalis yo (Kanada, Etazini, Espay, Frans), ak gouvènman defakto yo, tout konplote kont Pèp la ak klas travayè yo. Nou kapab remake, malgre rejè popilasyon an, gouvènman yo pa sispann kore pwojè masak klas kapitalis la ki pa sispann pran direksyon lagè. Anplis sa, menm gouvènman sa yo ofri yo lajan pou ranfòse gwoup rezo kriminèl yo. Fas ak sitiyasyon sa, mas eksplwate yo dwe sòti ak yon pwogram Tranzisyon ki ranmase revandikasyon klas Travayè yo, nan kelkeswa kouch yo ye a.
Popilasyon oprime nan Laplèn pa kapab ankò !
Ti peyizan eksplwate nan Segen, Belans, Jandeni pa kapab ankò !
Jenès y ap ofri zam nan katye popilè ak nan kanpay yo pa kapab ankò !
Òganizasyon Sendikal yo, Pati sosyalis yo, moman an rive pou n fè fwon inik kont militarizasyon, eksplwatasyon ak dominasyon opresè yo !

Jones Jn Baptiste : Sekretè jeneral Ògàn Santral LOTE
Tuetssain Gufson : Sekretè jeneral komite Santral
Narosa Constant : Trezoryè

Photos from Lig Ouvriye ak Travayè Endepandan « LOTE »'s post 18/04/2026
Vous voulez que votre entreprise soit Service Du Gouvernement la plus cotée à Delmas ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Site Web

Adresse

Delmas