10/08/2026
Jounen Dimanch 9 dawout 2026 la, Prezidan Pati politik LaVEH a Fritsnel Chery te rive Òganize yon bèl rankont ak anpil manm nan pati politik la.
Objektif la, se pou te bay esplikasyon sou gwoupman Delivrans ke pati politik LaVEH rive fè pati de li a.
Aprè prezantasyon tout dokiman gwoupman delivrans yo, tout manm pati yo te kontan pou gwo etap sa ki rive franchi nan kad gwo batay ke yap mennen pou rive delivre peyi sa.