Mairie De Delmas

Mairie De Delmas

Partager

A la Mairie de Delmas, l’argent des contribuables est au service du bien-être collectif.

30/05/2026

Mèsi Mairie De Delmas

29/05/2026
Photos from Mairie De Delmas's post 28/05/2026

Les cours continuent de progresser au niveau de la Bibliothèque Municipale de Delmas, dans une ambiance marquée par la discipline, l’apprentissage et la volonté de réussir. Chaque séance représente une opportunité offerte aux jeunes de renforcer leurs connaissances, de développer leurs capacités et de mieux préparer leur avenir.

Comme l’a toujours souligné le Maire Wilson JEUDY, l’éducation demeure l’un des piliers fondamentaux de son programme d’accompagnement de la jeunesse. Investir dans le savoir, c’est investir dans une génération capable de contribuer positivement au développement de la communauté.

Bureau de communication

27/05/2026

Majistra Wilson JEUDY ap kontinye ak travay konstriksyon wout yo nan plizyè kwen nan komin nan, an patikilye nan Delma 75, zòn Silo, ri Michel. Anpil evolisyon ap fèt, trè byento se pral enprenyasyon pou resevwa asfalt, epi nan Delma 73 Mi soutèn nan ap avanse san kanpe.
Majistra Wilson JEUDY ap kontinye travay pou satisfaksyon tout moun.

27/05/2026

Wilson Jeudy en Action

25/05/2026

PANORAMA DELMAS 🚦

❌ Blokis sou Delmas pa oblije ralanti w ankò

🎯 Objektif nou se ede chak sitwayen, ansanm ak tout moun k ap travèse Delmas, pi byen konprann rezo wout komin nan, pou sikilasyon an vin pi fasil, pi rapid e pi òganize.

Biwo Kominikasyon

Photos from Mairie De Delmas's post 22/05/2026

Aprè twa (3) jounen fòmasyon ki te dewoule soti mèkredi 20 pou rive vandredi 22 me 2026 la nan Palè Minisipal Delma a, pwogram fòmasyon sa a, ki te òganize nan kad kolaborasyon ant Ministè Komès ak Endistri ak Meri Delma, rive pran fen li nan yon klima satisfaksyon, pataj eksperyans ak angajman renouvle an favè amelyorasyon sèvis piblik yo.

Pandan diferan atelye ak sesyon teknik yo, ajan Meri a, yo te jwenn opòtinite pou aprofondi konesans yo sou kestyon kontwòl pwodwi ak sèvis yo, respè nòm ak estanda yo, ansanm ak mekanis pwoteksyon konsomatè yo. Fòmasyon sa yo vize pèmèt ajan yo pi byen reponn ak responsablite yo nan sèvis piblik la, pandan y ap kontribye nan amelyorasyon kalite sèvis yo ofri popilasyon an.

Biwo Kominikasyon

Photos from Mairie De Delmas's post 20/05/2026

Nan kad yon kolaborasyon ak minisipalite yo, Ministè Komès ak Endistri lanse yon seri 3 jounen fòmasyon jodi mèkredi 20 me 2026 la nan Palè Minisipal Delma a, pou ajan Meri plizyè komin nan zòn metwopolitèn nan, tankou Delma, Petyonvil, Taba ak Kafou, pami lòt ankò. Inisyativ sa a vize ranfòse kapasite ajan yo nan domèn kontwòl pwodwi ak sèvis yo, pandan l ap ankouraje respè nòm ak estanda ki egzije nan sektè komès ak konsomasyon an.

Aktivite lansman sa a te dewoule an prezans Majistra Wilson JEUDY, Direktè Jeneral Ministè Komès ak Endistri a, Panel Paulemont, ansanm ak reprezantan diferan minisipalite ki te patisipe yo.

Nan diskou ouvèti li, Majistra a, te salye demach kolaboratif sa an ant Meri Delma ak Ministè a, pandan li te souliye enpòtans fòmasyon sa yo pou amelyore mekanis kontwòl ak pwoteksyon konsomatè yo. Li te pwofite renouvle angajman Administrasyon Kominal la pou kontinye apiye tout inisyativ ki kapab kontribye nan pi bon fonksyònman sèvis piblik yo ak byennèt popilasyon an.

Biwo Kominikasyon

Vous voulez que votre entreprise soit Service Du Gouvernement la plus cotée à Delmas ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Type

Adresse


69, Rue Charbonière Delmas 33
Delmas
HT6120

Heures d'ouverture

Lundi 08:00 - 16:00
Mardi 08:00 - 16:00
Mercredi 08:00 - 16:00
Jeudi 08:00 - 16:00
Vendredi 08:00 - 16:00