Entente National - ENA

Entente National - ENA

Partager

Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Entente National - ENA, Parti politique, 10, deuxième ruelle Durandisse Faustin premier Delmas 75, Delmas.

ENA " Entente Nationale ( en créole haïtien ; Antant Nasyonal) est un parti politique haïtien fondé par l'ex Député Antoine Rodon BIEN-AIMÉ dans le but de construire un etat fort et moderne, stable et democratique.

Photos from Entente National - ENA's post 12/04/2026

*ENA — Antant Nasyonal*
*Entente Nationale*

*Ranfòsman kowòdinasyon ENA nan Sèkalasous, espesyalman nan seksyon kominal Saltadè*

Jodi samdi 11 avril 2026 la, kowòdinasyon kominal Sèkalasous la franchi yon nouvo etap nan ranfòsman pati politik Antant Nasyonal la, avèk enstalasyon yon estrikti kowòdinasyon nan seksyon kominal Saltadè.

Demach sa a montre klèman vizyon ak misyon pati a ap avanse san rete, nan direksyon objektif nou genyen pou konstwi yon Ayiti ki dirab ak pwospè.

Kowòdinasyon Nasyonal la pwofite okazyon sa a pou li salye, felisite epi ankouraje detèminasyon ak kouraj tout patizan, senpatizan, manm ak kad k ap travay chak jou pou fè pwomosyon vizyon ak pwojè Antant Nasyonal la.

ENA se yon pati rasanbleman ak lespwa. Nou kwè lavni Ayiti depann de kapasite nou pou nou dyaloge youn ak lòt, ini fòs nou, epi aji nan enterè siperyè nasyon an. Atravè deklarasyon sa a, ENA reafime angajman li pou li patisipe aktivman nan lavi demokratik peyi a, epi pou li travay, atravè mwayen pasifik ak konstitisyonèl, pou konstwi yon nouvo Ayiti.

*Schner Mildor*
*Responsab Kominikasyon Depatmantal Nò*
*Antant Nasyonal (ENA)*

11/04/2026

*ENA — Antant Nasyonal*
*Rankont 11 Avril 2026 ak sektè Vodou a nan komin Sen Rafayèl (Depatman Nò, Ayiti)*

Nan menm kad mobilizasyon ak motivasyon tout fòs viv nan peyi a, pati politik Antant Nasyonal (ENA) kontinye angaje li nan dyalòg ak tout sektè nan sosyete a pou chèche solisyon dirab pou Ayiti.

Jodi Samdi 11 Avril 2026 la, reprezantan ENA nan komin Sen Rafayèl te rankontre ak plizyè reprezantan sektè Vodou a nan zòn nan. Rankont sa a te fèt nan yon lespri respè mityèl ak ouvèti, ki montre volonte klè pati a pou ankouraje yon dyalòg vrèman enklizif.

ENA kwè fèmman ke okenn chanjman reyèl pa kapab fèt ak yon sèl gwoup. Se nan patisipasyon tout sektè — san eksklizyon — nou kapab konstwi yon Ayiti ki pi jis, ki pi solid, ak ki pi stab.

Nan menm sans lan, dyalòg ak sektè Vodou a genyen yon enpòtans espesyal, sitou lè nou konsidere wòl istorik li nan batay pou endepandans peyi a. Se poutèt sa li enpòtan jodi a pou kontinye konsilte sektè sa a, nan objektif pou ede retire peyi a nan sitiyasyon difisil li ap travèse a.

Legliz, Vodou, ansanm ak tout lòt rit ak kwayans ki egziste nan peyi a, dwe mete tèt yo ansanm pou bati yon avni miyò pou Ayiti.

Antan'n pou'n antan'n nou.

Redaksyon Schner Mildor Schner Mildor, Responsab Kominikasyon Depatmantal Nò Ayiti.
Pub: Bien Aimé Roulad
Pour Entente National - ENA

*Awochenago*

11/04/2026

*ENA — Antant Nasyonal*
*Rankont 10 Avril 2026 ak sektè legliz pwotestan yo nan komin Sen Rafayèl (Depatman Nò, Ayiti)*

Nan kad ranfòsman kapasite entelektyèl ak espirityèl li, pati politik Antant Nasyonal (ENA), nan dat Vandredi 10 Avril 2026, te òganize yon rankont enpòtan nan komin Sen Rafayèl ak plizyè reprezantan legliz pwotestan ki nan zòn nan.

Rankont sa a te fèt nan yon lespri dyalòg ouvè, respè ak patisipasyon, kote ENA reafime angajman li pou yon apwòch enklizif. Pati a kwè fèmman ke okenn chanjman reyèl pa ka fèt san patisipasyon tout sektè nan sosyete a. Se nan mete tèt ansanm, ak konsyans, moral ak responsablite kolektif, n ap kapab mete sou pye yon devlopman dirab pou peyi a.

Antant Nasyonal kontinye ap konsilte tout gwoup, tout kouch sosyal, ak tout fòs viv nan nasyon an, nan objektif pou konstwi Ayiti tout moun ap reve a — yon Ayiti ki chita sou jistis, diyite ak pwogrè.

Pati a rete kwè ke yon lòt Ayiti posib, yon peyi ki libere anba move pratik, trayizon ak move gouvènans. Se ansanm, nan inite ak solidarite, n ap rive reyalize vizyon sa a.

Antant Nasyonal pa sèlman yon rèv — se yon angajman konkrè pou chak Ayisyen viv ak diyite, san kè sote.
*Antann pou n antann nou.*

Redaksyon Schner Mildor ,Responsab Kominikasyon Depatmantal Nò Ayiti.

Pub: Bien Aimé Roulad
Facebook

11/04/2026

*ENA — Antant Nasyonal*
*Kowòdinasyon kominal Lenbe*

Nan kad ranfòsman ak enstalasyon kowòdinasyon kominal pati politik Antant Nasyonal (ENA) nan Lenbe, Kowòdinasyon Depatmantal Nò a te prezan pou òganize epi mete sou pye estrikti kominal pati a.

Pandan aktivite sa a, Mesye Frandy Dagobert te pwofite prezante vizyon li ansanm ak pwojè li genyen pou sikonskripsyon an. Li te tou anonse tèt li kòm aspiran kandida pou pòs depite nan pwochen eleksyon yo.

Nan menm moman an, Kowòdonatè Depatmantal Nò a, Mesye Agusto Petit, te pran lapawòl pou prezante misyon ak vizyon pati Antant Nasyonal la, pandan li ankouraje patisipasyon ak angajman tout manm yo.

Enstalasyon kowòdinasyon sa a make yon etap enpòtan nan estrikti ak elajisman pati a nan depatman Nò a.

Antant Nasyonal pa yon rèv, men yon reyalite k ap bati baz pou devlopman dirab peyi a.

Schner Mildor
Pub: Bien Aimé Roulad
Pour Entente National - ENA
Nord

11/04/2026

*ENA — Antant Nasyonal*
*Kowòdinasyon Beladè, Depatman Sant, Ayiti*

Nan dat vandredi 10 avril, komin Beladè, ki sitiye nan depatman Sant peyi a, prezante ofisyèlman nouvo kowòdinasyon pati politik Antant Nasyonal (ENA). Inisyativ sa a reprezante yon gwo pa an avan pou ranfòsman estrikti pati a sou plan lokal.

Kowòdinasyon Nasyonal la pwofite felisite efò ak angajman tout manm pati a nan Beladè pou demach sa a, ki demontre volonte klè pou òganize epi elaji prezans pati a atravè peyi a.

Aksyon sa a montre aklè ke Antant Nasyonal pa egziste sèlman sou papye, men li deja byen anrasinen nan tout nivo sosyete a: nan depatman yo, komin yo, seksyon kominal yo, katye yo ak abitasyon yo. Pati a kontinye mete devan yon vizyon klè ki vize kontribye nan devlopman dirab Ayiti.

*Schner Mildor**ENA — Antant Nasyonal*
*Kowòdinasyon Beladè, Depatman Sant, Ayiti*

Nan dat vandredi 10 avril, komin Beladè, ki sitiye nan depatman Sant peyi a, prezante ofisyèlman nouvo kowòdinasyon pati politik Antant Nasyonal (ENA). Inisyativ sa a reprezante yon gwo pa an avan pou ranfòsman estrikti pati a sou plan lokal.

Kowòdinasyon Nasyonal la pwofite felisite efò ak angajman tout manm pati a nan Beladè pou demach sa a, ki demontre volonte klè pou òganize epi elaji prezans pati a atravè peyi a.

Aksyon sa a montre aklè ke Antant Nasyonal pa egziste sèlman sou papye, men li deja byen anrasinen nan tout nivo sosyete a: nan depatman yo, komin yo, seksyon kominal yo, katye yo ak abitasyon yo. Pati a kontinye mete devan yon vizyon klè ki vize kontribye nan devlopman dirab Ayiti.

Schner Mildor
Pub: Bien Aimé Roulad
Pour Facebook Entente National - ENA Haiti Cherie

08/04/2026

*ENA — Antant Nasyonal*
*Deklarasyon Fèm kont Ogmantasyon Gaz la*

Antant Nasyonal (ENA) denonse ak tout enèji li desizyon mechan, brital ak anti-pèp otorite yo pran pou monte pri gaz la sou do yon pèp ki deja ap soufri.

Se pa sèlman yon move desizyon — se yon agresyon dirèk kont lavi pèp la. Nan yon peyi kote majorite sitwayen yo pa menm ka manje chak jou, kote paran ap goumen pou peye lekòl pitit yo ak kenbe yon ti kay sou tèt yo, ogmantasyon gaz sa a se yon kout pye nan vant pèp la.

ENA deklare klèman: mezi sa a se yon zak kriminèl sosyal. Li montre aklè mepri ak endiferans total dirijan yo genyen pou mas popilè yo.

Nou pa ka aksepte yon pouvwa k ap fè pèp la peye pou echèk li, pandan li pa pran okenn mezi serye pou soulaje lavi moun yo. Chak goud anplis sou gaz la se plis grangou, plis mizè, plis dezespwa.

Se poutèt sa, ENA egzije san kondisyon pou gouvènman an retire imedyatman desizyon sa a. Nenpòt reta se yon prèv plis ke yo chwazi kraze pèp la olye yo sèvi li.

Antant Nasyonal lanse yon apèl klè bay tout fòs viv nan peyi a: leve kanpe pou defann dwa nou, pou di NON ak tout mezi ki vize kraze lavi pèp la.

ENA kanpe fèm bò kote pèp la, e li pap janm sispann konbat tout desizyon ki menase diyite ak avni nasyon an.

*Schner Mildor*

06/04/2026

*ENA — Antant Nasyonal*
*Entente Nationale*
*Kowòdinasyon Kominal Wanament*

Kowòdinasyon depatmantal Nòdès la rive mete sou pye yon nouvo kowòdinasyon nan komin Wanament, nan kad ranfòsman estrikti pati a sou tout teritwa a.

Jan sa prevwa nan règleman entèn pati politik Antant Nasyonal (ENA), chak depatman, chak komin, chak seksyon, chak abitasyon ak chak katye dwe genyen yon kowòdinasyon. Sa pèmèt pati a fonksyone pi byen epi rann aksyon li yo pi vizib devan popilasyon an.

Nouvo kowòdinasyon depatmantal Nòdès la pran angajman pou kontinye enstale tout estrikti nesesè yo atravè depatman an, nan objektif pou ranfòse prezans ak efikasite pati a.

Jan eslogan an di li: “Se antann pou n antann nou.”
Nan sans sa a, kowòdinasyon depatmantal Nòdès la pran responsabilite li pou travay nan inite ak disiplin pou bon jan mache pati a nan depatman an.

*Nòt: Antant Nasyonal pa senpleman yon eslogan, men se yon enstitisyon ki gen vizyon pou konstwi yon nouvo Ayiti ki dirab, lejitim ak souveren pou jenerasyon k ap vini yo.*

*ENA pa fè bri pou fè bri; li chwazi pwouve fòs li sou teren an, atravè aksyon konkrè, nan batay pou reyalize Ayiti nou tout ap reve a.*

Piblikasyon Bien Aimé Roulad
Pou Entente National - ENA
Starcadner Cadette Canou Bellot
Nogy Pierre
Carlot Joseph
ORCHESTRE TROPICANA D' HAITI
Lidwine Bien-Aimé
Ambassade de France en Haïti
Gaëlle Bien-aimé
Yves Jean
Socrate Simon
EFOR
Roselane Pierre
Widline Peronvil
Schner Mildor
Ebene Celestin
Guertony Simon
Siac Cerca Carvajal
Radio Télé Métronome Cerca-carvajal Enaction
Radiotélégalaxie Valescot Heure De Vérité

06/04/2026

*ENA — Antant Nasyonal*
*Depatman Nòdwès*

Kowòdinasyon kominal ENA nan komin *Bombardopolis* ki twouve li nan depatman *Nòdwès* te òganize yon rankont ekstraòdinè nan aprèmidi dimanch 29 mas la, nan lokal Lekòl Nasyonal Dèfòj la.

Rankont sa a te gen kòm objektif prensipal pou finalize estrikti komite a atravè diferan katye yo, epi tou pou anvizaje òganizasyon lansman ofisyèl pati a nan komin nan.

Nan sans sa a, dat *03 jiyè 2026* la pwopoze kòm moman pou gwo *lansman ENA nan Bombardopolis.* Sepandan, dat sa a kapab sibi chanjman apre diskisyon ak komite direktwa a nan nivo nasyonal.

ENA ap kontinye vanse ak detèminasyon pou ranfòse prezans li sou tout teritwa a.

*ENA an avan.*

06/04/2026

*ENA — Antant Nasyonal*
*Depatman Nò | Komin Piyon*

*Lansman ofisyèl ENA nan komin Piyon*

Pati politik Antant Nasyonal (ENA) kontinye ap elaji prezans li sou tout teritwa peyi a. Jodi dimanch 29 mas 2026 la, komisyon kominal Piyon an rive reyalize lansman ofisyèl pati a nan komin nan.

Plizyè delegasyon te fè deplasman pou pote sipò yo, tankou Laviktwa, Savanèt, Labèlmè, Bohoc, Ranquitte ak Okap, ansanm ak lòt zòn ankò. Sa montre klèman dinamik ak angajman ki genyen pou fè ENA grandi atravè peyi a.

Apre gwo siyal ki te voye bay nasyon an nan dat 8 mas 2026 la, jodi a se yon lòt etap enpòtan ki franchi pou konfime prezans ak rasinman ENA nan mitan pèp ayisyen an.

Yon remèsiman espesyal pou kowòdonatè komisyon kominal Piyon an, *Agr. Pauclin,* pou lidèchip li ak efò li yo ki pèmèt lansman sa a reyalize avèk siksè.
Mèsi tou ak tout delegasyon ki soti Okap ayisyen ki te fè deplasman pou vin pote solidarite yo ak sipò yo.

Nou remèsye tout lòt zòn ak tout moun ki te prezan yo; patisipasyon ak pasyans nou se youn nan pi gwo fòs ki fè evenman an reyisi.
Mèsi espesyal tou pou kowòdinasyon nasyonal la, avèk nan tèt li ansyen palmantè *A. Rodon Bien-Aimé,* pou sipò ak ankourajman yo.

Nou voye rekonesans nou bay tout moun nou site yo ansanm ak sila yo ki pa t kapab prezan, men ki toujou angaje nan batay la.

ENA pa prezante tèt li kòm sèl solisyon pou peyi a soti nan sitiyasyon asistana li ye jodi a, men li se youn nan fòs kle ki kapab kontribye nan chanjman an.

Batay la pap kanpe, paske viktwa se pou moun k ap goumen.

*Viv ENA !*

*Schner Mildor*

06/04/2026
05/04/2026

Entente National - ENA Fanm
Yon lanmou enkonparab pou kòdonatè pâti a Nap tande'l nan vwa medâm yo " m'en A.Rodon wi .
Antan'n pou'n Antan'n nou !!

Vous voulez que votre entreprise soit Service Du Gouvernement la plus cotée à Delmas ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Adresse

10, Deuxième Ruelle Durandisse Faustin Premier Delmas 75
Delmas
HT6120