02/05/2026
Nan okazyon premye me ki se fèt agrikilti ak travay, DEHFI te òganize yon aktivite espesyal ; ETENSÈL
ki mete an valè pwodiksyon lokal, atizana, ak fòs travay pèp ayisyen an.
Pou nou menm nan DEHFI, devlopman peyi a pa ka fèt san nou pa bay valè ak sipò ak sa ki soti lakay nou. Se nan ankouraje pwodiksyon nasyonal, soutni peyizan yo, ak leve atizan yo, nou ka bati yon Ayiti ki solid, endepandan epi ranpli ak fyète.
Atravè inisyativ sa a, DEHFI montre angajman li pou kreye opòtinite, ranfòse ekonomi lokal la, epi mete travay ayisyen an nan sant chanjman nasyonal la.
Premye me sa a, se pa sèlman yon selebrasyon, se yon apèl pou n poze aksyon.
Yon apèl pou nou tout mete men ansanm pou konstwi yon lòt Ayiti.
Ann swiv atravè imaj yo kijan sa te pase.
02/05/2026
Dèyè chak grenn diri, gen travay, gen lanmou, gen fyète .
02/05/2026
Le 1er mai en Haïti n’est pas seulement une date. C’est une mémoire vivante, une célébration du travail, de la terre et de notre identité profonde. C’est le jour où la richesse de notre culture se voit, se goûte et se partage.
À travers chaque produit local, chaque création artisanale, chaque sourire échangé, c’est toute l’âme haïtienne qui s’exprime - une âme faite de résilience, de créativité et de fierté.
Aujourd’hui, avec ETENSÈL, nous n’avons pas seulement organisé une activité : nous avons allumé une flamme. Une flamme pour valoriser notre production locale, pour honorer nos artisans, pour rappeler qu’Haïti vit à travers ce que nous créons, ce que nous cultivons et ce que nous transmettons.
En ce 1er mai, nous célébrons plus qu’une fête. Nous célébrons un peuple, une culture, une force.
Vwa Fanm DEHFI
Vwa Jenès DEHFI
.
01/05/2026
Soti nan tè rive nan asyèt ou ,
Tout kalite Diri peyi ap pran plas nan ETENSÈL jodia
Pase ak zanmi w, fanmi w
ETENSÈL se pou tout moun 💙
Vwa Fanm DEHFI
Vwa Jenès DEHFI
01/05/2026
Pwodiksyon lokal , Atizan, manje, kilti , tout bagay gentan pare , pase kounya nan ETENSÈL , nan #6 Rue Chandou , Delmas .
An v Viv kilti nou nan lanmou
28/04/2026
01 ME – ETENSÈL
Pouwèt Rapha an dirèk
6, Rue Chandou, Delmas 33, Port-au-Prince
(+509) 48 82 3838 / 47 28 5740
26/04/2026
1e Me, pran yon poz, kite woutin nan dèyè, epi vini viv yon moman ki senp men ki gen valè.
ETENSÈL, se kote atizay, kilti ak moun rankontre san pretansyon , pou pataje, souri, epi respire ansanm.
Mizik kap viv
Kreyasyon kap pale
Pwodwi lokal kap fè n sonje richès nou
Pa gen baryè, pa gen presyon , antre gratis.
Delmas 33 , #6 Rue Chandou
48 82 3838 / 47 28 5740
Pafwa, se nan ti moman konsa lavi reprann koulè li .
Nap tan n ou
23/04/2026
Nan okazyon fèt Agrikilti ak Travay 1e Me a, DEHFI gen lonè envite piblik la nan “ETENSÈL”, yon gran aktivite k ap mete an valè pwodiksyon nasyonal la atravè:
Fwa agwo-atizanal
Ekspozisyon pwodwi lokal
Pèfòmans atistik
Aktivite sa a vize ankouraje konsomasyon lokal, sipòte atizan ak pwodiktè lakay, epi ranfòse devlopman ekonomik ak kiltirèl peyi a.
Flanm pwodiksyon pa dwe mouri ann mete yon ETENSÈL nan chak sektè pou bay lavi nan peyi a .
#6, Rue Chandou, Delmas 33, Port-au-Prince
(+509) 48 82 3838 / 34 19 1123
Nou konte sou prezans ou.