G-RE - Grangwavrevòlte

G-RE - Grangwavrevòlte

Partager

Rasanble, Angaje pou konstwi yon demen miyò.

28/02/2025

Suiv yon pati nan Entèvansyon Garry Badio nan nom G-RE (GranGwav RÈVÒLTE) sou Kisa pou Sitwayen Ayisyen yo fè Fas a Fenomèn Bandi k ap Teworize Popilasyon an nan Emisyon Mega Booster sou Radio Mega 107.9 FM.

17/02/2025

Prestasyon trè Orijinal Kate Official te bay nan Konferans G-RE - Grangwavrevòlte te òganize 7 Fevriye 2025 la pou mande yon sèl bagay.

Ann tande.

Rete konekte ak Nou.

15/02/2025

Wouillio ZAMOR, nan nom G-RE - Grangwavrevòlte te denonse move pratik KORIPSYON ki ap wonje Peyi a. Li te pran 2 Egzanp ki trè Klè.

Rete konekte ak Nou.

14/02/2025

Ryan Innocent te pale de Pespèktiv G-RE - Grangwavrevòlte yo.

Ranfòse Tèt li ak Lòt Òganizasyon yo nan Kolektivite a pou nou kontinye akonpanye Popilasyon an.

13/02/2025

Wouillio Zamor te pale nan nom G-RE - Grangwavrevòlte, pou eksplike rezon ki fè yo te òganize Konferans plis Mach sa a nan dat 7 Fevriye 2025 la.

Ann suiv. Ret Konekte ak Nou.

Photos from G-RE - Grangwavrevòlte's post 12/02/2025

Pou G-RE - Grangwavrevòlte, Ryan Innocent te yon Motè pou asire Lojistik Evenman an, Miss Norilus ak Ekip li te Asire kesyon Goute a, Garry Badio te mennen Seremoni an, Olguy LAGUERRE te fè Istorisite Regwoupman Òganizasyon an, Erlandy Roben Démas ak Wouillio Zamor te pote Diskou pou G-RE nan Sikonstans la.

Diskou Pou JISTIS SOSYAL, SEKIRITE, Bon Kondisyon Travay pou Pwofesè yo, DESANTRALIZASYON. Diskou Kont KORIPSYON, Kont antre Zam ak Minisyon nan Peyi an ilegalman,

11/02/2025

Garry Badio te pran Lapawòl nan nom G-RE - Grangwavrevòlte pou raple veritab Rezon ki pouse nou lanse Kri sa a pou deklanche Revèy Konsyans Sitwayèn ak Sitwayen nan Peyi a.

Photos from G-RE - Grangwavrevòlte's post 11/02/2025

G-RE - Grangwavrevòlte te santi li rejwi de Prezans Chak Sitwayèn ak Sitwayen Angaje, Responsab Òganizasyon, Komèsan, Pastè, Notab, Elèv ak Otorite nan Aktivite 7 Fevriye 2025 yo. G-RE se yon egzanp Kole Zepòl.

Vous voulez que votre entreprise soit Service Du Gouvernement la plus cotée à Grand Goâve ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Téléphone

Site Web

Adresse


Grand Goâve