30/03/2026
Kòdonatè Jeneral pati politik Rasanbleman Patriyòt Pwogresis pou Devlopman, Mesye Edwin Daniel Zenny (Edo) ak ekip li Remèt yon Kay tou nèf bay madam Adelle Louis-Charles nan Lokalite Tènye, Komin Lavale.
70% Sosyal
30% Politik
Se rezon sa ki rann Rasanbleman Patriyòt Pwogresis Pou Devlopman - RPPD toujou kanpe pi pre kominote yo.
Aprè ekip ki reprezantan RPPD sou Komin Lavale a, Majistra Yvrance Joseph, Mesye Wilner Boyer ak Mesye Guy Louis te fin konstate nan ki nivo difisil madam Adelle Louis-Charles tap viv nan yon espas li te abite, aprè chita pale ak dirijan pati politik la, Mesye Edwin Zenny, byen rapid, kòdonatè a te bay lòd pou aji prese prese sou ka madanm nan. 2 mwa aprè, jounen dimanch 29 Mas 2026 la, nan lokalite Tènye ki twouvel sou Komin Lavale, ekip pati politik RPPD a te akonpaye Kòdonatè Jeneral la pou te ale remèt madam Adelle Louis-Charles yon kay tou nèf yo konstwi pou li.
Se yon siyal an plis, pou nou fèw konnen, RPPD toujou kanpe pi djanm, pou ede sak pi fèb yo jwenn dekwa pou viv byen tankou MOUN.
NB: Nan Foto nap gade yo, nou ka wè kijan sa te ye anvan, e kijan sa ye pou kounya!
Rasanble Poun Aji Ansanm!
26/03/2026
NÒT FELISITASYON RPPD POU ABIGAÏL ALEXANDRE
Rasanbleman Patriyòt Pwogresis pou Devlopman (RPPD) eksprime tout fyète li ak admirasyon li pou jèn sitwayèn ayisyèn Abigaïl ALEXANDRE, ki sot ranpòte yon viktwa briyan nan 9vyèm Final Entènasyonal Eloquentia ki te dewoule 25 mas 2026 lan nan Pari.
Siksè sa a depase yon senp viktwa pèsonèl; li se yon vrè sous enspirasyon pou tout jèn ayisyen yo. Nan yon kontèks kote anpil defi ap frape peyi a, Abigaïl montre ak klè ke talan, travay serye ak detèminasyon kapab pèmèt jèn yo briye sou sèn entènasyonal la.
Lè li pote vwa Ayiti byen wo nan yon konkou ki rasanble pi bon jèn oratè frankofòn yo, li bay yon lòt imaj peyi a—yon imaj entèlijans, kreyativite ak espwa.
RPPD ankouraje tout jèn nan peyi a pou yo suiv egzanp sa a, pou yo kwè nan kapasite yo, epi pou yo angaje yo nan konstriksyon yon Ayiti ki pi fò, ki pi jis ak ki plis bay opotinite.
RPPD pwofite salye epi felisite tou Golden Team, ki ap travay san pran souf pou ankadre jèn yo, devlope talan yo epi kontribye nan transfòmasyon pozitif kominote a. Travay sa a merite tout rekonesans, paske li ede prepare yon nouvo jenerasyon lidè pou peyi a.
Pou fini nap prezante Abigaïl ALEXANDRE tout felisitasyon nou, epi nou swete li fè plis siksè ankò nan tout demach li yo. Ayiti fyè de ou.
12/03/2026
Nòt sou enskripsyon pati RPPD nan KEP a
Sekretarya Rasanbleman Patriyòt Pwogresis pou Devlopman (RPPD) ap enfòme piblik la ke pati a anrejistre ofisyèlman nan Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP), jan sa prevwa nan dekrè elektoral la. Demach sa montre a kle fèm volonte RPPD pou patisipe aktivman nan pwochen eleksyon yo, nan tout nivo.
Anplis de aspè administratif sa a, RPPD vle raple sitou ke angajman politik li chita sou yon misyon ki pi laj : sèvi pèp ayisyen an epi chèche soulaje soufrans kel ap andire pase plis yon syèk enjistis, inegalite ak kriz ki ap repete san rete. Pati a byen konsyan de gwo difikilte nasyon an ap travèse jounen jodi a. Se poutèt sa li pran angajman pou mete enterè kolektif la, diyite moun ak jistis sosyal nan kè aksyon politik li.
RPPD kwè vrèman politik dwe an premye yon zouti pou transfòme sosyete a, pou konstwi pwogrèl. Se nan lespri sa a li ap prepare li pou patisipe nan pwosesis demokratik la, ak konviksyon ke enstitisyon solid, bon gouvènans ak patisipasyon aktif sitwayen yo se eleman endispansab pou pemet nouvo pèspektiv pou peyi a.
Nan menm dinamik sa a, RPPD fè konnen li pare pou travay ansanm ak nenpòt òganizasyon, enstitisyon oswa estrikti serye ki pataje menm volonte chanjman an, menm dezi pou redrese peyi a epi bati yon sosyete ki pi jis, ki pi ekitab ak ki pi solidè. Pati a rete konvenki se sèlman atravè yon mobilizasyon kolektif tout fòs viv nasyon an ke peyi a kapab fè fas ak gwo defi li genyen yo.
Avèk demach sa a, RPPD re-afime angajman li pou travay avèk detèminasyon pou byennèt popilasyon an epi pou rive bati yon avni ki pi estab, ki pi diy e ki pote plis espwa pou tout pèp ayisyen an.
Sekretarya RPPD
12/03/2026
Note d’information du RPPD
Le Secrétariat du Rassemblement des Patriotes Progressistes pour le Développement (RPPD) informe le grand public que le parti est dûment inscrit auprès du Conseil Électoral Provisoire (CEP), conformément aux dispositions du décret électoral en vigueur. Cette démarche traduit la ferme volonté du RPPD de participer activement aux prochaines joutes électorales, à tous les niveaux de la vie publique, même si le contexte sécuritaire actuel est défavorable et précaire.
Au-delà de cette formalité administrative, le RPPD tient surtout à rappeler que son engagement politique s’inscrit dans une mission plus large : servir la population haïtienne et contribuer à soulager les souffrances accumulées pendant plus d’un siècle d’injustices, d’inégalités et de crises récurrentes. Conscient des profondes difficultés auxquelles fait face la nation, le parti entend placer l’intérêt collectif, la dignité humaine et la justice sociale au cœur de son action politique.
Le RPPD estime en effet que la politique doit avant tout être un instrument de transformation sociale et de progrès. C’est dans cet esprit qu’il se prépare à prendre part au processus démocratique, avec la ferme conviction que des institutions fortes, une gouvernance responsable et une participation citoyenne active sont indispensables pour ouvrir de nouvelles perspectives au pays.
Dans cette dynamique, le RPPD se déclare également disposé à travailler de concert avec toute organisation, institution ou structure sérieuse qui partage la même volonté de changement, de redressement national et de construction d’une société plus juste, plus équitable et plus solidaire. Le parti demeure convaincu que seule une mobilisation collective des forces vives de la nation permettra de répondre efficacement aux défis auxquels Haïti est confrontée.
Par cette démarche, le RPPD réaffirme son engagement à œuvrer avec détermination pour le bien-être de la population et pour l’avènement d’un avenir plus stable, plus digne et porteur d’espoir pour l’ensemble du peuple haïtien.
Secrétariat du RPPD
08/03/2026
Deklarasyon RPPD nan okazyon Jounen Entènasyonal Dwa Fanm
Nan okazyon Jounen Entènasyonal Dwa Fanm, Rasanbleman Patriyòt Pwogresis pou Devlopman (RPPD) vle salye ak anpil respè ak rekonesans tout fanm ayisyèn yo, ansanm ak tout òganizasyon, enstitisyon ak estrikti nan sosyete sivil la k ap travay san pran souf pou pwomosyon, pwoteksyon ak rekonesans tout bon vre dwa fanm yo.
Jounen sa a reprezante pi plis pase yon senp selebrasyon senbolik. Li se anvan tout bagay yon moman espesyal pou nou reflechi ansanm sou batay fanm ap mennen toupatou nan mond lan pou diyite, egalite ak jistis. Li raple nou tou sakrifis tout moun sa yo ki, pandan tout istwa a, te kontribye pou fè kòz dwa fanm yo vanse epi louvri chemen libète ak egalite.
An Ayiti, depi tout tan, fanm yo jwe yon wòl fondamantal nan lavi sosyal, ekonomik, kiltirèl ak politik peyi a. Kit yo se manman, travayèz, antreprenè, militan oswa lidè kominotè, yo patisipe aktivman nan konstriksyon ak sivi nasyon an, souvan nan kondisyon ki difisil anpil. Malgre kontribisyon esansyèl yo nan devlopman peyi a, fanm yo kontinye ap fè fas ak anpil fòm inegalite ak diskriminasyon.
Konsa, RPPD rekonèt ke, malgre pwogrè ki fèt pandan dènye dizèn ane sa yo, gen anpil travay ki rete pou fèt pou nou rive jwenn yon vrè egalite ant fanm ak gason. Defi yo anpil toujou: aksè ekitab nan edikasyon, plis patisipasyon fanm nan lavi politik ak nan nivo kote desizyon ap pran, batay kont vyolans sou fanm, pwomosyon otonomi ekonomik fanm yo, ak ranfòsman mekanis jiridid k ap garanti pwoteksyon dwa yo.
Nan kontèks sa a, RPPD vle salye espesyalman travay remakab òganizasyon fanm yo, mouvman sosyal yo ak asosyasyon kominotè yo k ap mobilize nan plizyè rejyon nan peyi a pou diminye inegalite ak ankouraje jistis sosyal. Nan sans sa a, pati a eksprime yon rekonesans espesyal pou estrikti ak inisyativ ki angaje nan depatman Sidès, kote aksyon yo ap ede sansibilize kominote yo, defann dwa fanm yo epi favorize patisipasyon yo nan lavi sosyal ak ekonomik. Grasa angajman yo chak jou ak pwoksimite yo ak reyalite lokal yo, òganizasyon sa yo jwe yon wòl esansyèl nan chanje fason moun panse ak nan bati yon sosyete ki pi jis.
RPPD reyafime konviksyon li tou ke nou pa ka anvizaje yon devlopman dirab pou Ayiti san yon patisipasyon total fanm yo nan tout nivo nan lavi nasyonal la. Yon vrè demokrasi ka donnen sèlman lè tout sitwayèn ak tout sitwayen gen menm dwa, menm opòtinite ak menm kapasite pou yo patisipe nan desizyon ki konsène avni nou tout.
Nan jounen senbolik sa a, RPPD renouvle angajman li pou li sipòte tout inisyativ ki vize ranfòse egalite sèks, ankouraje diyite fanm yo epi ankouraje yo patisipe aktivman nan espas politik, ekonomik ak sosyal.
Pou fini, RPPD envite tout sosyete ayisyèn nan — enstitisyon piblik, òganizasyon politik, sosyete sivil ak sitwayen — pou yo kontinye fè efò ki nesesè yo pou nou bati yon peyi kote dwa fanm yo respekte totalman epi kote chak fanm ka viv, travay ak devlope tèt li nan diyite, sekirite ak egalite.
Pandan n ap selebre jounen sa a, n ap rann omaj ak fòs, kouraj ak rezistans fanm ayisyèn yo, ki se vrè poto mitan sosyete nou an ak aktè nou pa ka neglije pou avni peyi Ayiti.
Sekretarya RPPD
08/03/2026
Déclaration du RPPD à l’occasion de la Journée internationale des droits des femmes
À l’occasion de la Journée internationale des droits des femmes, le Rassemblement des Patriotes Progressistes pour le Développement (RPPD) tient à saluer avec respect et reconnaissance toutes les femmes haïtiennes ainsi que les nombreuses organisations, institutions et structures de la société civile qui œuvrent sans relâche pour la promotion, la protection et la reconnaissance effective des droits des femmes.
Cette journée représente bien plus qu’une simple commémoration symbolique. Elle constitue avant tout un moment privilégié de réflexion collective sur les luttes menées par les femmes à travers le monde pour la dignité, l’égalité et la justice. Elle rappelle également les sacrifices consentis par celles qui, au fil de l’histoire, ont contribué à faire progresser la cause des droits des femmes et à élargir les horizons de la liberté et de l’égalité.
En Haïti, les femmes jouent depuis toujours un rôle fondamental dans la vie sociale, économique, culturelle et politique du pays. Qu’elles soient mères, travailleuses, entrepreneures, militantes ou leaders communautaires, elles participent activement à la construction et à la survie de la nation, souvent dans des conditions particulièrement difficiles. Malgré leur contribution essentielle au développement national, les femmes continuent toutefois de faire face à de nombreuses formes d’inégalités et de discriminations.
Le RPPD reconnaît ainsi que, malgré les progrès accomplis au cours des dernières décennies, beaucoup reste encore à faire pour parvenir à une véritable égalité entre les femmes et les hommes. Les défis demeurent nombreux : l’accès équitable à l’éducation, la participation accrue des femmes à la vie politique et aux instances décisionnelles, la lutte contre les violences faites aux femmes, la promotion de l’autonomie économique féminine et le renforcement des mécanismes juridiques garantissant la protection de leurs droits.
Dans ce contexte, le RPPD tient à saluer tout particulièrement le travail remarquable des organisations féminines, des mouvements sociaux et des associations communautaires qui, dans plusieurs régions du pays, se mobilisent pour réduire les inégalités et promouvoir la justice sociale. À cet égard, le parti exprime une reconnaissance spéciale envers les structures et initiatives engagées dans le département du Sud-Est, dont les actions contribuent activement à sensibiliser les communautés, à défendre les droits des femmes et à favoriser leur participation dans la vie sociale et économique. Par leur engagement constant et leur proximité avec les réalités locales, ces organisations jouent un rôle essentiel dans la transformation progressive des mentalités et dans la construction d’une société plus équitable.
Le RPPD réaffirme également sa conviction que le développement durable d’Haïti ne saurait être envisagé sans une pleine participation des femmes à tous les niveaux de la vie nationale. Une démocratie véritable ne peut s’épanouir que lorsque toutes les citoyennes et tous les citoyens disposent des mêmes droits, des mêmes opportunités et de la même capacité à participer aux décisions qui concernent l’avenir collectif.
En cette journée symbolique, le RPPD réitère son engagement à soutenir toutes les initiatives visant à renforcer l’égalité de genre, à promouvoir la dignité des femmes et à encourager leur participation active dans les espaces politiques, économiques et sociaux.
Enfin, le RPPD invite l’ensemble de la société haïtienne — institutions publiques, organisations politiques, société civile et citoyens — à poursuivre les efforts nécessaires afin de bâtir un pays où les droits des femmes sont pleinement respectés et où chaque femme peut vivre, travailler et s’épanouir dans la dignité, la sécurité et l’égalité.
En célébrant cette journée, nous rendons hommage à la force, au courage et à la résilience des femmes haïtiennes, véritables piliers de notre société et actrices indispensables de l’avenir d’Haïti.
Secrétariat du RPPD
17/02/2026
Note de vœux d’anniversaire
À l’occasion de l’anniversaire de Monsieur Jean Prophète BAPTICHON,
juriste émérite, conseiller de l’Ordre des avocats du Barreau de Jacmel, administrateur au Ministère des Droits de la Femme et à la Condition féminine, ancien administrateur de l’Hôpital Saint-Michel de Jacmel et de l’Hôpital La Paix de Delmas 33, professeur de carrière, ancien membre du Conseil d’administration de la Caisse Espoir, membre engagé du RPPD et père de famille responsable, le parti tient à lui adresser ses vœux les plus chaleureux et fraternels.
Homme de droit profondément attaché aux principes de justice, de progrès et d’entraide, Jean Prophète BAPTICHON se distingue par sa rigueur intellectuelle, son sens élevé du devoir et son professionnalisme constant. Son parcours témoigne d’un engagement soutenu au service des institutions, de la communauté et du développement national.
En ce jour spécial, le RPPD lui souhaite beaucoup de succès, une robuste santé et un progrès continu. Le parti l’encourage à poursuivre son œuvre avec la même détermination, afin de continuer à marquer son entourage par son impact positif, sa générosité et son attachement au travail bien fait.
Joyeux anniversaire, avec l’expression de notre profonde considération et de notre estime distinguée.
Pour le RPPD
Rassemblement des Patriotes Progressistes pour le Développement
10/02/2026
Note de voeux d'anniversaire
À l’occasion de l’anniversaire de Monsieur Richard Désir,
inspecteur au MENFP, animateur et professeur qualifié, membre engagé du RPPD, mais aussi père et mari consciencieux, le parti tient à lui adresser ses vœux les plus chaleureux.
Homme de rigueur, amoureux de l’ordre et profondément attaché aux valeurs de progrès et d’entraide, Richard Désir se distingue par son sens élevé du devoir, son professionnalisme et son engagement constant au service de l’éducation et de la communauté.
En ce jour particulier, le RPPD lui souhaite santé, progrès et pleine réussite, tout en l’encourageant à continuer de marquer son entourage par son sens du partage, sa générosité et son souci du travail bien fait.
Joyeux anniversaire, avec l’expression de notre considération et de notre estime.
Pour le RPPD
Rassemblement des Patriotes Progressistes pour le Développement
26/01/2026
À l’occasion de l’anniversaire de Dr Andel Mondestin Prévot,
le RPPD – Rassemblement des Patriotes Progressistes pour le Développement tient à lui adresser ses vœux les plus sincères de joyeux anniversaire.
Nous saluons avec fierté sa fougue, son sens du leadership et son engagement constant au sein de notre structure. Par son dynamisme, sa vision et sa capacité à mobiliser, il incarne l’esprit patriotique et progressiste qui anime le RPPD.
En ce jour symbolique, le RPPD lui souhaite un avenir radieux, fait de succès, de santé et de réalisations durables. Nous formons le vœu que tous ses projets se concrétisent pleinement au service du développement du pays et du bien-être collectif.
Joyeux anniversaire, avec l’assurance de notre estime et de notre soutien fraternels.
13/01/2026
12 Janvier 2026
Souvenir, responsabilité et engagement
En ce 12 janvier 2026, le Rassemblement des Patriotes Progressistes pour le Développement (RPPD) s’associe à la douleur collective du peuple haïtien pour honorer la mémoire des disparus du séisme dévastateur du 12 janvier 2010. Ce drame national, au-delà des pertes humaines et matérielles, a mis à nu les failles structurelles de notre pays.
Seize ans plus t**d, les plaies restent ouvertes : non seulement parce que la reconstruction est incomplète, mais surtout parce que les leçons n’ont pas été pleinement tirées. Les mêmes vulnérabilités persistent, les mêmes manques de vision, de prévention et de gouvernance exposent encore notre peuple à l’inacceptable.
Le RPPD refuse de s’habituer à l’échec. Ce jour de mémoire doit aussi être un appel à l’action et à la responsabilité collective. Pour nous, le vrai hommage aux victimes, c’est de bâtir une Haïti plus juste, plus résiliente, plus humaine.
Le RPPD réaffirme ainsi son engagement à construire un avenir fondé sur des institutions fortes, une gouvernance intègre, un développement équitable et des politiques publiques orientées vers le bien-être collectif et la sécurité humaine.
Que le souvenir des victimes demeure une boussole morale pour nous conduire vers un pays plus digne et sûre.
Secrétariat du RPPD