10/08/2020
Si w chwazi inyore advèsè w la gen anpil chans pou viktim de li.
Poutèt sa tout ekip Meri Jan Rabèl la ap fè sonje nesesite ki genyen pou w toujou respekte tout prensip k ap pèmèt ou pa trape Kowona Viris la.
Jodi a n ap prezante w pwen dlo pou lave men ki devan Legliz Sen Jan Batis Jan Rabèl la.
Fòk nou di pwen sa a rive fèt gras ak sipò ACF epi dinamis DINEPA nan tèt kole ak Lameri. San n pa bliye ekip presbiteral Legliz la ki te resevwa pwopozisyon pou n enstale pwen dlo sa a ak anpil koutwazi...
Meri a ap travay pou l konble atant ou yo.
Fè nou konfyans.
Pandan n ap envite w konprann pi byen nesesite ki genyen pou kolabore nan respekte Modòd ak konsiy yo epi kontribye jan sitwayen anpil kote nan Mond lan fè l pou ede kominote yo vanse pi douvan.
30/07/2020
Jodi a peyi nou ap fè fas ak siklòn Isaias. Nou tout konnen kisa sa vle di lè yon siklòn ap pase. Se konsa Meri Jan Rabèl ansanm ak pwoteksyon Sivil mande tout moun pwoteje tèt yo, sitou moun ki nan zòn a risk yo tankou bò lanmè, nan flan mòn, tou pre larivyè elatriye.
Yonn di lòt, atansyon pa kapon.
22/07/2020
Seremoni Prestasyon sèman Majistra Enterimè Egzekitif la rekondwi pou dirije komin Jan Rabèl.
4 lane jefò deja, travay la poko fini. Se nou tout ki pou met men...
18/07/2020
Lè w itilize nenpòt objè l te ka ye pou w kraze vit machin fatra k ap sèvi pou netwaye lakay ou a kouman w konprann sa ?
Nou kondane ak tout fòs nou zak vandalis sa a ki fèt sou kamyon fatra Jan Rabèl la Nan jou jedi pou vandredi pase a nan lokal ADEMA kote kamyon an konn remize.
24/06/2020
Jodi a fè Nostalgie Number One yon lane anplis nan egzistans li. Mesye nou konnen a ki pwen li pa fasil pou n rive jis la jodi a men konnen nou reprezante yon gwo pilye nan zafè mizik nan Jan Rabèl. Nou swete tout ekip la yon « Bon Nouvo Prentan » nan egzistans gwoup la…
, , kontinye fè moun , , nan
31/05/2020
Mamans, celles qui risquent leurs vies pour donner vie, sachez que vous êtes les plus précieuses créatures que le monde ait connues. Votre fête n’est pas seulement aujourd’hui mais chaque seconde dans l’existence de l’univers.
C'est en ce sens que toute l’équipe de la Mairie de Jean Rabel prête :
« On est si petit, le monde est si grand.
Que serait la vie, sans notre maman. »
cette citation de Mick Micheyl pour exprimer son plus profond sentiment de gratitude aux mamans de chez nous et de partout.
Bòn Fèt maman Jan Rabèl yo ak maman tout kote ki pral gen chans li piblikasyon sa a.
# # #
30/05/2020
Aprè l te fin pase nan 3 lòt komin ki nan rejyon Ba Nòdwès la nan dat vandredi 29 me 2020 an se te tou pa Jan Rabèl pou l te resevwa Me. Eric JEAN BAPTISTE, ansyen kandida pou pòs prezidan e ki toujou karese dezi pou kandida ankò.
Jan tout moun ap pratike kilti lave men de tanzantan souvan souvan an, la menm lidè a rive li te pran yon ti tan pou l lave men l. Tou swit aprè li kore majistra komin nan, Dejean MARC ki li menm ak tout ekip administratif Meri Jan Rabèl la te gentan ap tann èks kandida a rive. Se avèk anpil kè kontan tout moun ki te sou plas nan espas Meri a te akeyi l. Aprè sa li te remèt sa l te pote kòm don pou Jan Rabèl. Li te pote 8 chato dlo ki ka kenbe 200 galon (yonn pou chak seksyon yo epi yonn pou sant vil la), plizyè bwat linèt li te konseye pou distribye ak chofè taksi moto yo sitou epi kèk mas (kach nen). Aprè sa l te vizite biwo yo ki nan lokal Meri a epi chita dyaloge ak Majistra a nan biwo l pandan kèk minit; Me. Enel CHOUTE, Kazèk 7èm seksyon an ki se an menm tan kòdonatè Kazèk yo nan Komin nan te la tou . Aprè dyalòg mesye yo, Majistra a te mennen èks kandida a vizite plizyè espas ak enstitisyon tankou Tribinal Senp Polis Jan Rabèl la ki a kote Meri a, espas ki gen biwo kontribisyon an ki te deja fèmen, Lopital Nòtre Dam Lapè ak Lise LOUIS JOSEPH JANVIER.
Eric pat rive pale nan mikwo laprès lokal malgre yon tantativ ki, malerezman pat reyisi plis akoz lè pou yo ale ki te rive sou yo.
Jan Rabèl nan sans ospitalite l gen lakay li te kontan resevwa lidè a e di l mèsi pou don li fè komin nan. Antouka eske se msye a ki sovè a? Nou poko konnen...
22/04/2020
Nan kad lit kont pwopagasyon maladi Kowona viris la Meri Jan Rabel pa sispann travay pou rive fasilite popilasyon an pratike prekosyon l dwe pran yo.