24/10/2026
AVANSE NAN SEKTÈ SANTE NAN GRANDANS | Yon vizit istorik sou Zile Kayimit!
Minis Sante Piblik ak Popilasyon an, Dr. Bertrand SINAL, te fè yon vizit pou premye fwa sou Zile Kayimit. Deplasman enpòtan sa a rantre nan kad planifikasyon k ap fèt pou relanse epi finalize travay konstriksyon Sant Sante Anse-à-Maçon an.
🏥 Yon gwo pa pou lavi ak lasante sou zile a!
Gras ak angajman san kanpe Direksyon Sanitè Grandans, finalizasyon sant sante sa a pral transfomè reyalite popilasyon an nan fasilite yon pi bon aksè ak swen sante de baz. Pi enpòtan toujou, aksyon sa a ap ede diminye drastikman kantite fanm k ap pèdi lavi yo pandan y ap akouche, yon gwo pwoblèm ki te toujou genyen sou zile a akoz mank sèvis medikal ak enfrastrikti ki adapte.
Nan okazyon vizit sa a, Minis la te akonpanye ak yon delegasyon depatmantal ki te genyen ladan l:
• Dr. Jean Mary CASIMIR, Direktè Depatmantal Sante Grandans.
• M. Jean Loubert GALETY, Administratè Depatmantal Sante Grandans.
Prezans yo temwanye volonte ak detèminasyon Direksyon Sanitè Grandans pou bay tout ankadreman nesesè pou pèmèt travay yo reyalize san pèdi tan.
Minis Sante a te eksprime swè pou travay yo avanse nòmalman selon delè yo, pou l ka tounen inogire sant sante sa a nan mwa desanm k ap vini an.
Yon ti rapèl istorik:
Demach pou te relanse konstriksyon sant sa a te inisye pa ansyen Direktè Depatmantal Sante Grandans lan, Dr. Boutroce Gally PIERRE, apre yon vizit li te fè sou zile a nan mwa mas 2025. Vizit sa a te fèt touswit apre li te resevwa yon alèt sou yon fanm ansent ki te pèdi lavi l akoz li pa t ka jwenn swen sou zile a, e pa t ka travèse ale Pestèl oswa Koray akòz move tan.