Rezo Jèn Aktif Pou Yon Lòt Ayiti

Rezo Jèn Aktif Pou Yon Lòt Ayiti

Partager

Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Rezo Jèn Aktif Pou Yon Lòt Ayiti, #53, Fermate 53, Kenskoff.

12/04/2026

Jèn yo se fòs, se espwa, se avni peyi a 🇭🇹
Se pou sa, atravè Rezo Jèn Aktif pou yon Lòt Ayiti (RJALA), n ap mete ansanm pou reflechi, pataje, epi aji pou chanjman.
Objektif nou:
Fè jèn yo pran konsyans de pouvwa yo genyen pou enfliyanse sosyete a, epi ankouraje yo pran responsablite yo nan konstriksyon yon lòt Ayiti.
16, 17, 18 Me 2026
Se yon randevou pou lide, angajman ak aksyon!
Vini patisipe, vini fè tande vwa ou, paske chanjman an kòmanse avèk ou.

Rezo Jèn Aktif Pou Yon Lòt AyitiAlternatiba HaïtiGAFE Haiti

17/03/2026

Si vous êtes à Carrefour ceci est pour vous:
📢 INVITATION AUX JEUNES

Tous les groupements d’associations de jeunesse, bataillons et scouts sont invités à participer à la Tournée de Formation – Carrefour Économique, qui se déroulera du mois d’avril au mois de juin.

Ces formations porteront sur :
• Le développement personnel
• Le leadership
• La gestion des déchets
• L’entrepreneuriat vert 🌱

C’est une belle opportunité pour les jeunes de renforcer leurs capacités, développer leur esprit d’initiative et contribuer au développement durable de leur communauté.

👉 Chaque organisation est encouragée à envoyer des représentants pour participer à ces formations.

📅 Période : Avril – Juin

📞 Pour plus d’informations : 40 36 13 74
🔗 Pour de plus amples informations, cliquez sur le lien WhatsApp suivant :
https://chat.whatsapp.com/LMAE6DMtopb3BLsQetO6lg?mode=gi_t

Ensemble, formons une génération de jeunes engagés et prêts pour l’avenir.

Rezo Jèn Aktif Pou Yon Lòt AyitiAlternatiba Haïti

Photos from Rezo Jèn Aktif Pou Yon Lòt Ayiti's post 14/03/2026

Réfléchir avec nous!

12/03/2026

"Pacte pour la transition écologique et sociale en Haïti" se pa sèlman yon dokiman. Li se yon apèl, yon limyè ki montre nou chemen pou bati yon lòt Ayiti, yon Ayiti ki pi jis, ki pi solidè. Li raple nou ke chanjman pa ka fèt sèlman nan pawòl oswa nan plan; li fèt nan aksyon chak jou, nan jan nou viv, nan jan nou pran swen youn lòt ak anviwònman nou.
Chak aks ki nan pacte la tankou > yo gen enpak dirèk sou lavi chak moun. Lè nou pwoteje dlo, tè, ak forè, nou pa sèlman konsève resous natirèl yo, nou garanti lavi pou pitit nou yo, pou jenerasyon k ap vini yo. Lè nou chèche jistis, solidarite, ak respè youn pou lòt, nou bati yon sosyete kote tout moun santi yo valab, kote moun pa viv nan pè oswa nan inegalite.
Nan peyi kote anpil moun ap fè fas ak difikilte chak jou, kote anpil timoun ap grandi san yon sekirite fondamantal, "Pacte pour la transition écologique et sociale en Haïti" vin tounen yon nesesite. Li se yon apèl pou chak sitwayen pran wòl li, konprann ke aksyon li yo konte. Yon ti aksyon pa san valè: li ka chanje lavi yon vwazen, pwoteje yon rivyè, bay yon timoun espwa, ranfòse kominote a.
Kontra sa a montre ke chak moun gen pouvwa pou li fè diferans. Li mande nou reflechi sou fason nou viv, sou fason nou trete youn lòt, sou fason nou itilize resous peyi a. Li envite nou mete tèt ansanm pou yon devlopman ki dirab, ki respekte lavi ak anviwònman, ki pwoteje moun ki pi vilnerab yo.
Se poutèt sa,"Pacte pour la transition écologique et sociale en Haïti" konsène chak kè, chak kay, chak kominote. Li se yon mesaj lanmou pou Ayiti: si nou travay ansanm, nou ka kreye yon peyi kote respè, jistis, ak solidarite pa sèlman rèv, men reyalite. Chak aksyon nou fè jodi a se yon grenn espwa pou demen, epi chak moun gen kapasite pou li fè diferans.

Rezo Jèn Aktif Pou Yon Lòt AyitiGAFE HaitiAlternatiba Haïti

12/03/2026
10/03/2026

Rezo Jèn Aktif pou yon Lòt Ayiti (RJALA) ap lanse 5yèm Edisyon FOWÒM JÈN, yon gwo rankont ki rasanble jèn ki vle aprann, pataje ide, bati rezo, epi aji pou chanje Ayiti.

16, 17 ak 18 Me 2026
Twa (3) jou enèji, refleksyon, fòmasyon ak opòtinite ap tann ou.

Sa k ap tann ou nan FOWÒM JÈN lan :
Konferans ak deba sou kestyon ki enpòtan pou avni peyi a
Fòmasyon ak sansibilizasyon pou devlope kapasite jèn yo
Animasyon sosyokiltirèl pou selebre talan ak kilti nou
Rezojaj pou rankontre lòt jèn lidè, òganizasyon ak pwofesyonèl

FOWÒM JÈN se plis pase yon evènman :
Se yon espas kote jèn yo jwenn vwa yo, lide yo, ak pouvwa yo pou aji.
Nan yon moman kote peyi a bezwen lidèchip, inovasyon ak angajman, jèn yo gen yon wòl kle pou jwe nan pwoteksyon anviwònman an, devlopman kominote yo, ak konstriksyon yon lòt Ayiti ki pi solid.

Si ou se yon jèn ki vle fè diferans, evènman sa a se pou ou !

Make dat la : 16, 17 ak 18 Me 2026

Map la e ou ?
Vin fè pati mouvman jèn ki deside panse, aprann ak aji pou lavni Ayiti.

Rezo Jèn Aktif Pou Yon Lòt AyitiGAFE HaitiAlternatiba Haïti

08/03/2026

Maudeline CHÉRILUS se yon agwonòm (opsyon Resous Natirèl ak Anviwònman), ki gen yon diplòm teknik nan chimi ak fòmasyon nan kominikasyon. Li se yon jèn fanm angaje nan batay pou pwoteksyon anviwònman an, atravè sansibilizasyon, pledwaye ak aksyon sitwayèn. Kòm manm Alternatiba-Haïti, li milite pou jistis klimatik ak yon devlopman dirab.
Nan okazyon Jounen Entènasyonal Dwa Fanm yo, Rezo Jèn Aktif pou yon Lòt Ayiti (RJALA) fyè pou seleksyone Maudeline CHÉRILUS kòm youn nan fanm espesyal ki ap enspire chanjman pozitif nan sosyete a.

Rezo Jèn Aktif Pou Yon Lòt AyitiGAFE HaitiAlternatiba Haïti

08/03/2026

Pou jounen 8 mas la nan okazyon Jounen Entènasyonal Dwa Fanm, Rezo Jèn Aktif Pou Yon Lòt Ayiti deside pataje mesaj sila ak nou

08/03/2026

Nan okazyon Jounen Entènasyonal Dwa Fanm yo, Rezo Jèn Aktif pou yon Lòt Ayiti (RJALA) pran plezi onore 8 fanm ekstraòdinè ki ap kontribye chak jou nan devlopman sosyete a atravè angajman yo, lidèchip yo ak detèminasyon yo.
Fanm sa yo se modèl kouraj, travay ak devouman. Nan domèn edikasyon, lidèchip jèn, anviwònman, antreprenarya ak angajman sitwayen, yo kontinye montre ke fanm se poto mitan chanjman sosyal.
Atravè aksyon yo, yo enspire nouvo jenerasyon an pou kwè nan kapasite yo, pou pran responsablite yo epi pou patisipe aktivman nan konstriksyon yon lòt Ayiti ki pi jis, solidè ak dirab.
RJALA di mèsi ak chak fanm ki leve chak jou pou pote limyè, espwa ak transfòmasyon nan kominote yo.
Ann kontinye selebre fòs, diyite ak lidèchip fanm yo.

Rezo Jèn Aktif Pou Yon Lòt Ayiti
GAFE Haiti
Alternatiba Haïti

08/03/2026

Jean Franecheska se yon jèn fanm angaje ki ap travay ak detèminasyon pou ankouraje lidèchip jèn yo ak pwomosyon dwa moun nan sosyete a. Kòm manm kowòdinasyon Rezo Jèn Aktif pou yon Lòt Ayiti (RJALA), li pote kontribisyon li nan òganizasyon an atravè disiplin, lidèchip ak lespri sèvis.
Avèk angajman li kòm militante ak aktivis, li ap defann egalite, jistis sosyal ak dwa fanm yo, pandan li pataje konesans li kòm pwofesè ak mentò pou ede jèn yo devlope kapasite yo.
Kòm etidyant finisan nan Syans Jiridik, li kwè nan fòs lwa, edikasyon ak angajman sitwayen pou konstwi yon sosyete ki pi jis ak ekitab.
✨ Atravè aksyon li yo, Jean Franecheska kontinye enspire jèn yo pou yo angaje yo nan batay pou yon Ayiti ki gen plis diyite, egalite ak opòtinite pou tout moun.

Rezo Jèn Aktif Pou Yon Lòt AyitiGAFE HaitiAlternatiba Haïti

Vous voulez que votre entreprise soit Service Du Gouvernement la plus cotée à Kenskoff ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Site Web

Adresse

#53, Fermate 53
Kenskoff