Mairie de Léogâne - La Cité d'Anacaona

Mairie de Léogâne  - La Cité d'Anacaona

Partager

Mairie de Léogâne

Photos from Mairie de Léogâne  - La Cité d'Anacaona's post 14/04/2026

Prezidan Komisyon minisipal la, Mesye Roberson MIMY ak Manb Komisyon an Madam Elwide ROMAIN, nan tèt yon Delegasyon Lameri Leyogàn, vizite Mache Touris, Oditoryòm Lise Anakawona a ak Pak Jera Kristòf, samdi 11 avril 2026 la.

Objektif vizit sa yo se pou evalye pi byen sitiyasyon espas sa yo, pou yon pi bon preparasyon plan aksyon Lameri Leyogàn pral mennen ki konsène yo.

San pèdi tan, aprè vizit yo, Direksyon Kiltirèl la ak Sèvis Jeni minisipal la deja ap travay sou evalyasyon batiman oditoryòm nan ak kalkil travay pou repare l ta ka koute.

Administrasyon minisipal la ap reflechi tou sou amelyorasyon kondisyon Pak la ak Mache Touris, epi yon pi bon itilizasyon sit sa yo.

Ansanm, nou pa gen dwa echwe.

Photos from Mairie de Léogâne  - La Cité d'Anacaona's post 13/04/2026

Yon delegasyon Lameri Leyogàn te rive nan Sayira, vandredi 10 avril pase a, pou founi je gade sitiyasyon pò sila a.

Komisyon minisipal la kwè Sayira kapab pote plis ke avan si tout règleman fèt nan lòd. Nan menm tan tou, administrasyon kominal la wè nesesite pou pi byen trete espas la, konbat polisyon zòn bò lanmè a yo.

Touswit aprè vizit la, Lameri Leyogàn pran dispozisyon ak responsab pò Sayira a, pou kòmanse regilarize fonksyònman l.

Photos from Mairie de Léogâne  - La Cité d'Anacaona's post 13/04/2026

Le Président de la Commission municipale de Léogâne, M. Roberson MIMY, accompagné des membres de ladite commission, M. Dorly LERICHE et Mme Elwide ROMAIN, a pris part à une rencontre d’intégration de la CMRP, le vendredi 10 avril 2026.

Cette première prise de contact, au local de la Communauté des municipalités de la Région des Palmes à Léogâne, a permis à la Commission municipale d'affirmer son engagement en faveur du renforcement et de la pérennisation de la structure intercommunale, ainsi que de la collaboration avec les CASECs et la population.

08/04/2026

" Moun Leyogàn ak moun Tigwav, se kòkòt ak figawo. An n kenbe l konsa ", se mesaj linyon Majistra Dorly Leriche.

08/04/2026

Jodi 7 avril la se jounen mondyal lasante.

Nan okazyon sa a, Lameri Leyogàn ap raple Lasante se pi gwo byen konsitwayen n yo ka genyen.

Se pou sa a, n ap envite tout popilasyon an mete men nan batay kont fatra administrasyon an lanse a. Rete lwen fatra, se rete lwen anpil maladi.

Lameri ap ankouraje popilasyon Leyogàn nan tou, pou yo adopte mezi lijyèn yo, lakay yo, men sitou nan manje k ap vann nan lari. Administrasyon an ap travay sou mezi pou enspektè minisipal yo voye je sou sa n ap mete nan vant nou.

An n jere fatra pi byen. An n swiv bon jan lijyèn. An n rete an sante pou n travay pou vil nou.

Ansanm, nou pa ka echwe.

Photos from Mairie de Léogâne  - La Cité d'Anacaona's post 07/04/2026

Une délégation de la Mairie de Léogâne a accueilli le ministre de la Défense, S.E.M. Mario Andrésol, en visite d’évaluation à la base Anacaona, située à Léogâne, le samedi 4 avril 2026.

de la communication

Ministère de la Défense - Haïti

Photos from Mairie de Léogâne  - La Cité d'Anacaona's post 06/04/2026

Léogâne d'abord - Ansanm, nou pa gendwa echwe.

Photos from Mairie de Léogâne  - La Cité d'Anacaona's post 06/04/2026

Leyogàn, yon ti kras tan aprè pasaj bann rara yo, pou jounen tradisyonèl dimanch Pak la.

Photos from Mairie de Léogâne  - La Cité d'Anacaona's post 06/04/2026

Vwari a pa dòmi.

Touswit aprè pasaj dènye bann nan maten an, ekip la mete men, kanpe sou de pye, pou n leve jwenn vil la pwòp.

05/04/2026

Lameri Leyogàn deja pare pou resevwa ochan bann k ap pran lari a jodi dimanch Pak la, epi tounen yo lonè ak respè a. Se yon fason pou jounen tradisyonèl sa rete vivan nan Yogann.

Depi jodi a, Komisyon minisipal la ak tout pitit Rèn Anakawona yo fè sèman pou se " Léogâne d'abord ". Leyogàn ak Rara l p ap janm lage poukont yo ankò.

Ansanm, nou pa gendwa echwe.

Photos from Mairie de Léogâne  - La Cité d'Anacaona's post 05/04/2026

La Mairie de Léogâne a reçu, ce samedi 4 avril 2026, la ministre des Affaires étrangères et des Cultes, Son Excellence Raina Forbin, dans le cadre d’une rencontre de travail avec les leaders religieux de la commune.

Cette visite s’inscrit dans les préparatifs de la « Conférence pour la paix », initiée par le gouvernement haïtien à travers le MAEC. SEM Raina Forbin a souhaité, d’une part, que les autorités religieuses participent à la construction d’un discours commun sur la paix, réfléchissent à leur rôle dans sa promotion et, d’autre part, qu’elles contribuent à l’élaboration d’un plan d’action inclusif.

La réunion s’est déroulée dans une atmosphère participative. Les représentants de chaque confession ont exprimé leurs attentes par rapport à la démarche du ministère.

— Bureau de la communication —

Ministère des Affaires étrangères et des Cultes
Primature de la République d'Haïti

Photos from Mairie de Léogâne  - La Cité d'Anacaona's post 04/04/2026

Lameri Leyogàn ak Yogann ap Pedale, antann yo pou amonize pakou YAP la ak vire won bann yo nan vil la dimanch Pak.

Lameri remèsye YAP pou touch espesyal li kontinye pote nan peryòd Rara a Leyogàn.

Vous voulez que votre entreprise soit Service Du Gouvernement la plus cotée à Léogâne ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Site Web

Adresse

Grand-rue
Léogâne

Heures d'ouverture

Lundi 08:00 - 16:00
Mardi 08:00 - 16:00
Mercredi 08:00 - 16:00
Jeudi 08:00 - 16:00
Vendredi 08:00 - 16:00