Temwayaj ki frape kè e ki bay espwa 🙌🏾
Plizyè elèv rakonte sa yo te viv pandan tranbleman tè ki te pase yo. Fas ak aléa natirèl sa yo, Protection civile Sud kontinye mennen aktivite sansibilizasyon nan lekòl yo pou ede elèv yo pi byen konprann e prepare yo.
DDPC-SUD kontinye angaje l pou pwoteje lavi
Protection Civile Sud
Coordination Humanitaire, gestion des risques et des désastres (GRD) .
20/03/2026
#𝐀𝐲𝐢𝐭𝐢 #𝐌𝐞𝐭𝐞𝐲𝐨⛈️🌊🌧️𝐯𝐚𝐧𝐝𝐫𝐞𝐝𝐢 𝟐𝟎 𝐦𝐚𝐬 𝟐𝟎𝟐𝟔.- Gran nò peyi a (Latibonit, Nò, Nòdès, Nòdwès) ak gran Sid la ( Sid, Grandans, Nip), ansam ak kèk kote nan depatman Lwès, Sant, anba menas gwo lapli ak loray, nan finisman jounen an, aswè a jouk demen maten, poutèt yon fwon fwa ki chita nan peyi Kiba.
𝐴𝑘𝑡𝑖𝑣𝑖𝑡𝑒 𝑙𝑎𝑝𝑙𝑖 𝑠𝑎 𝑦𝑜 𝑘𝑎 𝑙𝑎𝑘𝑜̀𝑧 𝑖𝑛𝑜𝑛𝑑𝑎𝑠𝑦𝑜𝑛 𝑏𝑟𝑖𝑡𝑠𝑜𝑢𝑘𝑜𝑢, 𝑔𝑙𝑖𝑠𝑚𝑎𝑛𝑛 𝑡𝑒̀. 𝑆𝑒 𝑝𝑜𝑢𝑡𝑒̀𝑡 𝑠𝑎, 𝐼𝑛𝑖𝑡𝑒 𝑖𝑑𝑤𝑜𝑚𝑒𝑡𝑒𝑦𝑜𝑤𝑜𝑙𝑜𝑗𝑖𝑘 𝐴𝑦𝑖𝑡𝑖, 𝑛𝑎𝑛 𝑡𝑒̀𝑡 𝑘𝑜𝑙𝑒 𝑎𝑘 𝑑𝑖𝑟𝑒𝑘𝑠𝑦𝑜𝑛 𝑗𝑒𝑛𝑒𝑟𝑎𝑙 𝑃𝑤𝑜𝑡𝑒𝑘𝑠𝑦𝑜𝑛 𝑠𝑖𝑣𝑖𝑙 𝑘𝑒𝑛𝑏𝑒 *𝑣𝑖𝑗𝑖𝑙𝑎𝑛𝑠 𝑗𝑜̀𝑛 𝑔𝑤𝑜 𝑙𝑎𝑝𝑙𝑖 𝑝𝑜𝑢 𝑑𝑒𝑝𝑎𝑡𝑚𝑎𝑛 𝑁𝑜̀, 𝑁𝑜̀𝑑𝑒̀𝑠, 𝑁𝑜̀𝑑𝑤𝑒̀𝑠, 𝐺𝑟𝑎𝑛𝑑𝑎𝑛𝑠 𝑎𝑘 𝑆𝑖𝑑.*
•Men kèk konsiy pou nou swiv :*
-Si w rete bò lanmè, bò ravin ak kote ki abitye inonde, pran dispozisyon pou w ale yon kote ki asire : lakay yon fanmi oswa yon vwazen ;_
-Pa janbe dlo k ap desan n ni apye, ni sou bekàn, ni sou bèt, ni nan machin;_
-Mete zafè ak papye enpòtan w yo, yon kote ki asire pou yo pa pran dlo;_
-Swiv bilten meteyo ak tout konsiy otorite yo._
🟡
Okay, 3zyèm Jou Gra Kanaval 2026 🎭
Brigadye volontè Pwoteksyon Sivil Sid yo te mobilize ankò pou asire sekirite ak pwoteksyon popilasyon an pandan 3zyèm jou gra kanaval la nan vil Aux Cayes.
Avèk disiplin, angajman ak lespri solidarite, brigadye yo te deplwaye nan plizyè pwen estratejik pou:
Preveni risk ak aksidan
Bay premye swen si ta gen ijans
Sipòte òganizatè yo ak fòs lòd yo
Sensibilize popilasyon an sou mezi sekirite
Mobilizasyon sa a montre klèman devouman ak sans responsablite brigadye volontè yo genyen anvè kominote a.
Pwoteksyon Sivil se nou tout.
゚viralシfypシ゚viralシalシ
Dimanche 15 février 2026, nan vil Aux Cayes, brigadye volontè yo te mobilize avèk anpil detèminasyon pou pwoteje popilasyon an nan premye jou kanaval la.
Avèk sans devouman ak lespri sèvis, yo te asire sekirite sitwayen yo, fasilite sikilasyon, epi rete vijilan pou prevni nenpòt ensidan pandan fèt la t ap dewoule
゚viralシfypシ゚viralシalシ
Okay, Samdi 14 fevriye 2026 — Brigadye volontè Pwoteksyon Sivil Sid yo te mobilize pou asire sekirite ak pwoteksyon popilasyon an nan pakou aktivite pre-kanavalès la, nan yon jès solidarite ak angajman sitwayen ki montre aklè volonte ak detèminasyon yo pou sèvi kominote a.
Pwoteksyon Sivil se nou tout.
゚viralシfypシ゚viralシalシ
Pre-Kanaval Okay 2026: Brigadye Pwoteksyon Sivil Sid mobilize pou sekirize popilasyon an
Boutin Pierre Mari
10/02/2026
Activités pré-carnavalesques aux Cayes
Ce dimanche 8 février 2026, le centre-ville des Cayes a vibré au rythme des activités pré-carnavalesques. Les brigadiers volontaires de la Protection Civile du Sud ont été déployés sur plusieurs points stratégiques afin d’assurer la sécurité, l’ordre public et l’orientation des participants.
Une mobilisation qui a permis le bon déroulement des activités, tout en renforçant la prévention des risques et la sensibilisation de la population.
La Protection Civile reste engagée aux côtés de la population lors des grands rassemblements publics.
05/02/2026
Vil Okay | Dimanch 1ye fevriye 2026
Brigadye Volontè Pwoteksyon Sivil Sid te prezan nan aktivite prekanavalèsk yo pou asire sekirite popilasyon an
ViralHog 謝薇安 - Vivian mari
Vil Okay | Dimanch 1ye fevriye 2026
Brigadye Volontè Pwoteksyon Sivil Sid te prezan nan aktivite prekanavalèsk yo pou asire pwoteksyon ap sekirite popilasyon an
ViralHog @Okay@viralreel
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Emplacement
Site Web
Adresse
Les Cayes
