12/07/2023
MANDE LIBERASYON
. BLAISE ÉLYSÉE
Bienvenue sur la page officielle de la Mairie de Montrouis. (Une commune Modèle et Modèrne)
12/07/2023
MANDE LIBERASYON
. BLAISE ÉLYSÉE
22/09/2022
AVI ENPÒTAN
Meri Monwi salye tout moun kap li AVI sa espesyalman abitan Komin Monwi.
N ap pwofite okozasyon sa pou n di ak popilasyon an nou konprann fristrasyon yo, mòd de vi nou gen la pa bon pou pèsonn sak fè nou kwè revandikasyon pou nou jwenn yon lavi miyò son bagay ki lejitim, Men sa pa bay pèsonn moun dwa pou piye, boule byen
osinon detwi lavi pèsonn moun.
Meri Monwi deplwore ak tout fös li, zak malonèt sa yo ki pase nan komin nan. Nap pran angajman ak enstans konsène yo pou swivi kontinye fèt sou sa.
N ap pwofite salye profesyonalis lapolis ki kontinye ap proteje vi ak byen popilasyon an sinon sa te ka pi grav nan komin nan menm jan ak anpil lòt kote.
Men sa pa enpeche kek ti gwoup mal entansyone kontinye ap kase boutik fouye machin moun k ap pase chak swa elatriye.
Nan sousi pou remedye ak sitiyasyon an
- Meri Monwi deside apati de Jedi 22 septanm sa jiska nouvel od, depil fè 9 vè Pm pou rive 4 trè Am ap gen KOUVREFE sou tout komin Monwi
- Kèlkeswa moun nan, nan kelkeswa le an ap bezwen yon pyès pou idantifye 1 poul sikile nan komin nan.
Yon moun ki pa gen pyès ou ki gen yon ijans nan nwit ap bezwen yon otorizasyon lapolis pou sikile lib e libé.
-Nap raple w menm si w gen otorizasyon pou pote zam lapolis entèdi moun mache ak zam pou moman sa.
NB: Yon moun ki pa respekte prensip sa yo ap tonbe anba gwo sanksyon lalwa.
Jan nou te pwomèt tout moun Monwi, nou pa p livre vil la bay bandi. Se yon batay ki difisil anpil men pyès sakrifis pa trò gwo pou bèl Monwi nou an.
Nap mande pou tout moun Monwi kolabore ak nou pou nou pa pèdi lakay nou.
Ke Bondye Bati e pwoteje Peyi an espesyalman lakay nou Monwi.
Majistra Blaise Elysée
Komin MONWI
20/08/2022
Yon JÈN ki mete kapasite l , tan l ak tout nan m li pou sèvi kominotel , pou pwomote Talan ak tout aktivite sosyo kiltirèl nan peyi an espesyalman nan komin MONWI . Kendy CHARLES responsab Animasyon Sosyokiltirèl , MERI MONWI ap diw BÒN FÈT e nap pwofite diw MESI pou saw reprezante nan enstitisyon an. Plis enèji ak sajès pouw kontinye sèvi peyiw .
Selebre LAVIW
15/08/2022
Nan non tout Pitit KOMIN lan MERI MONWI ap swete BÒN FÈT ak Prezidan konsèy minisipal nou an ( Majistra) , Blaise Élysée. Ke Bondye kontinye akonpanye w , mete limyè ak enèji sou wout ou pouw kontinye mennen gwo konba sa kise sèvi kominote w, sèvi peyi w . Nou pwofite moman sa poun diw Mèsi pou prezans ou ,pou sèvis wap bay nan tèt administrasyon sila.
SELEBRE LAVIW
26/06/2022
YON REZIME SOU PAKOU MONWI SOU BEKAN LAN
26/06/2022
MERI MONWI AP KONTINYE ENVITEW SWIV DEWOULMAN DIVÈS AKTIVITE KI TE REYALIZE POU FET PATRONAL KOMIN LAN . MONWI SOU BEKAN ( dezyèm edisyon )
REZIME PAKOU MONWI SOU MOTO . ( premye Edisyon )
24/06/2022
MERI MONWI VIN ENVITEW VIV AN IMAJ DEWOULMAN PLIZYE AKTIVITE KITE REYALIZE
NAN OKAZYON FET PATRONAL KOMIN LAN ( SAINT JEAN BAPTISTE). (Monwi sou Moto premye (1e ) Edisyon ) .
NAP PROFITE DI BÒN FÈT AK TOUT MONWIZYEN , MONWIZYÈN.
RET BRANCHE POU PLIS IMAJ .
21/06/2022
Moun Monwi mete nou Prè.
22 / 23 JWEN , Nap sou moto Nap sou Bekan..
Fête avek Nou.
18/06/2022
TOUJOU NAN OKAZYON FET patronal KOMIN lan Nou Envite tout moun vin Asiste ak faz final Bel champyona Sila ( Couple Saint JEAN BAPTISTE ) kap fet sou Teren Chada .
FETE AVEK NOU
| Lundi | 09:00 - 04:00 |
| Mardi | 09:00 - 04:00 |
| Mercredi | 09:00 - 04:00 |
| Jeudi | 09:00 - 04:00 |
| Vendredi | 09:00 - 04:00 |