09/11/2021
*SIMILASYON AYITI FEDERE PA AWONDISMAN*
Yon Nouvo Sistèm Gouvènans pou Nou Gade sa Nou ka fè pou Sove Ayiti. Youn nan Dènye efò Nou. Pou Desantralizasyon ak Otonomi Chak Komin au Depatman sou chimen devlòpman.
_*Klike sou lyen sa pou w rantre nan gwoup la.*_
✅Kantite Awondisman = Kantite Fédéré
✅Pap gen prezidan. Ni lachanm jeneral ki syeje yon kote
🔲Moun ki pral patisipe nan similasyon an dwe deside pa ale nan okenn eleksyon ni pos nan peyi a.
🔲Gwoup sa pral bay lide sou kòman sa pral fèt.
🔲Gwoup sa pa yon sosyete sekrè, nenpòt moun nenpòt lote kapab antre ladan l nan respè youn pou lòt.
✅Rantre nan gwoup la pa vle di ou pral patisipe nan similasyon an
✅Se sitou yon gwoup pou brasé lide sou Jan peyi a ka desantralize.
SIMILASYON AYITIFEDERE WA
WhatsApp Group Invite
09/11/2021
👏👏👏👏
A tout Depatman
Tout Komin nan Peyi a ki rejwenn nou
*Plan Prezantasyon similasyon Ayiti Federe a:*
1.- Mizankonteks
2.-Momentum lan
3.-Koman similasyon an pral fèt: Sistem federal la.nan kek pwen, eleman kle yo, estrikti a...
4.- Pwoblèm Sistèm federal la pral rezoud.
5.-Estrateji mizannèv Sistèm Federal Ayiti a. Plizyè lide yo.
6.-Lot estrateji paralel.
7.- Kesyon enterè jeneral.
8.-Konklizyon
9.-Fen
27/10/2021
AVIS!
Dezòd k'ap pase nan Repiblik la pa gen anyen
Pou wè ak vrè Natif e Popilasyon Wanament lan. Se de fanatik Dezòd Ayisyen, ki gen mwayen lojistik ak ekonomik nan men yo, ki pwofite kraze brize sou fo pretèks. Popilasyon an pa gen zam. Endividi ou wè ak gwo zam yo pa gen rapò ak Otonomi epi Byennèt Repiblik la ap travay sou li a. Nap di tout popilasyon an Rete Kalm, pa pran nan kouran pèp dezòd epi tann Modòd Gouvènman an!
Mèsi!
Laprezidans!
25/10/2021
Gouvènman an mete an Gad tout
Moun ki vin Achte Gaz La repiblik Wanament
E ki al fè abi avèk li Ayiti ki deja gen pil pwoblèm li
Si ou achte Gaz la Wanament, pa revann li senk fwa plis la valè. Nou kondane tout Mechanste
La Repiblik
19/10/2021
Drapo Wanament, Drapo Florid, Drapo Missouri, Drapo Texas...
Drapo Nou Senbòl Fòs, fyète ak Pwisans
17/10/2021
Yon Lanmou
Ant yon moso tè
ak Pitit li
11/10/2021
Mach pa mach, nap konstwi. Nouvel nasyon pa bati yon sèl jou. Nou pa prese. Misyon nou se asire ke popilasyon an an pè e an sekirite. Nou pa nan presipite pou sezi pol richès. Gen anpil kad Ayiti kap sèvi nou toujou, e nou dwe yo respè.