SÈVI

Site Web

SÈVI Former des citoyens pour transformer la société

Bòn fèt al lidè nou Blanco calixte
04/10/2026

Bòn fèt al lidè nou Blanco calixte

Byen fete lidè nouAnpil siktè nan nouvo pakou sa VIKTWA a se pou tout moun e VIKTWA a pi solid lè se nan chita pale ansa...
27/09/2026

Byen fete lidè nou
Anpil siktè nan nouvo pakou sa

VIKTWA a se pou tout moun e VIKTWA a pi solid lè se nan chita pale ansanm nou konstwi li.

🇭🇹 Lucna Henrisme

Jounen Mondyal Jenès la Jenès la se fòs chanjman an! Nan kad dyalòg MJSAC ak Primati ap òganize pou make Jounen Mondyal ...
13/08/2026

Jounen Mondyal Jenès la
Jenès la se fòs chanjman an!
Nan kad dyalòg MJSAC ak Primati ap òganize pou make Jounen Mondyal Jenès la, Michelle B. Pierre, manm Mouvman SÈVI, te prezan pou pote vwa li ak angajman li bò kote jenès ayisyèn nan.

Pa rete spectatè! Angaje nou, pran responsabilite nou, sèvi kominote nou epi patisipe nan konstriksyon yon Ayiti miyò.

Jèn yo se fòs, espwa ak avni peyi a. Se nan angajman, patisipasyon ak sèvis nou ka fè diferans lan.

SÈVI , Se angajman nou jodi a ki ap konstwi Ayiti demen.

Le moment est venu de prendre notre responsabilité citoyenne.Les élections approchent. SÈVI lance un appel à toute la po...
08/08/2026

Le moment est venu de prendre notre responsabilité citoyenne.

Les élections approchent. SÈVI lance un appel à toute la population, en particulier aux jeunes et aux femmes, pour qu'ils s'inscrivent comme électeurs et participent activement au choix de l'avenir de notre pays.

L'avenir de notre génération dépend des décisions que nous prenons aujourd'hui. Voter n'est pas seulement un droit, c'est un devoir envers Haïti et envers les générations qui nous suivront.

À travers ses rencontres stratégiques et ses actions de sensibilisation, Emmanuella Marc, membre de SÈVI, poursuit son engagement afin d'encourager toutes les couches de la société à prendre part à ce processus démocratique.

SÈVI croit qu'une Haïti plus forte se construit avec des citoyens informés, engagés et mobilisés. Ensemble, faisons entendre notre voix et participons à l'écriture de l'avenir de notre nation.

Inscrivons-nous. Engageons-nous. Votons.

SÈVI kontinye pran plas li nan gran espas refleksyon ak desizyon pou avni Ayiti.  Emmanuella Marc, manm angaje mouvman S...
21/07/2026

SÈVI kontinye pran plas li nan gran espas refleksyon ak desizyon pou avni Ayiti.

Emmanuella Marc, manm angaje mouvman SÈVI, te reprezante nou nan Forum Nasyonal “Ayiti à l’Horizon 2054”, yon espas ki te rasanble aktè sosyete sivil la pou reflechi sou chemen devlopman peyi a.

Pou SÈVI, patisipasyon pa limite ak prezans. Nou chwazi pote lide, poze kesyon, pataje solisyon epi fè vwa jenès la tande kote desizyon sou lavni peyi a ap prepare.

Nou kwè yon lòt Ayiti posib, e li pap konstwi san angajman jenerasyon ki deside sèvi.

💙🧡

Haiti ForumNational Engagement ConstruireEnsemble

SÈVI te reponn prezan nan lansman Table Sectorielle de la Jeunesse Ministè Jenès, Espò ak Aksyon Sivik (MJSAC) oganize a...
19/07/2026

SÈVI te reponn prezan nan lansman Table Sectorielle de la Jeunesse Ministè Jenès, Espò ak Aksyon Sivik (MJSAC) oganize a, Emmanuella Marc manm angaje mouvman SÈVI, te pote vwa jenès la ak de kesyon kle:
Ki mezi konkrè Ministè a pral pran pou asire enklizyon jèn fi yo, jèn ki an sitiyasyon andikap ak jèn k ap viv nan zòn ki pi izole yo?
Kijan li pral ranfòse edikasyon sivik, lidèchip ak patisipasyon sitwayèn jèn yo?

Pou SÈVI, demokrasi pa ka vanse san jenès la. Nou kontinye defann yon vizyon kote chak jèn jwenn plas li pou sèvi, patisipe epi konstwi avni peyi a.
Si jenès la pa sou tab desizyon an, chanjman an ap toujou rete yon pwomès.

E si chanjman nou toujou ap tann nan sosyete a te kòmanse pa nou menm kòm sitwayen ?Mouvman SÈVI ouvri ofisyèlman espas ...
17/05/2026

E si chanjman nou toujou ap tann nan sosyete a te kòmanse pa nou menm kòm sitwayen ?

Mouvman SÈVI ouvri ofisyèlman espas adhésion li pou tout sitwayen ki vle patisipe nan konstriksyon yon sosyete ki pi responsab, pi ini ak pi angaje.

Nou kwè yon pi bon sosyete pa bati sèlman ak pawòl, men ak :
• edikasyon sitwayèn,
• lidèchip etik,
• inovasyon sosyal,
• angajman kominotè,
• ak aksyon kolektif.

SÈVI pa yon pati politik.
Se yon mouvman sivik modèn ki rasanble jèn, fanm,gason, etidyan, pwofesyonèl ak tout sitwayen tout kouch sosyal ki vle pote yon kontribisyon pozitif nan sosyete a.

Rantre nan SÈVI se :
• entegre yon gwo rezo sitwayen atravè peyi a ;
• jwenn fòmasyon ak opòtinite devlopman ;
• patisipe nan pwojè ak aksyon kominotè ;
• ede bati yon nouvo kilti responsablite ak angajman.

Lavni yon sosyete chanje lè sitwayen yo deside enplike yo.

Rejwenn mouvman SÈVI a jodi a pandam wap ranpli fòm sa.

Organisation de la société civile « Former des citoyens pour transformer la société »

17/05/2026

Nou paka kontinye pale eleksyon nan peyi a pandan majorite popilasyon an ki se lajenès la pa menm santi yo konsène, reprezante, ni tande.
Yon demokrasi ki kite plis ke mwatye popilasyon an deyò se pa yon pwojè avni, se repetisyon echèk yo.
Si lajenès la pa nan vizyon an, eleksyon yo pap janm pote chanjman tout moun ap tann lan.

Li lè pou lajenès sispann itilize kòm foul, epi kòmanse konsidere yo kòm fòs ki dwe chita sou tab desizyon an.
SÈVI mande pou jènès la pran plas li

SÈVI te reponn prezan nan yon espas refleksyon enpòtan ki te òganize pa Bureau intégré des Nations Unies en Haïti, kote ...
28/04/2026

SÈVI te reponn prezan nan yon espas refleksyon enpòtan ki te òganize pa Bureau intégré des Nations Unies en Haïti, kote kestyon lavni peyi a ak plas jenès la te soulve avèk anpil seryozite.

Michelle B Pierre manm angaje SÈVI te pote vwa mouvman an, ak yon entèvansyon ki chita sou : jenerasyon sa se solisyon an , nou angaje pou nou sèvi , e nou reveye paske nou kraze zanmitay ak ansyen pratik la ki mete nou nan sa nou ye la.

Yon jenerasyon ki refize repete menm istwa yo. Yon jenerasyon ki ap chèche sans, angajman, ak direksyon. Jenerasyon ki deside kase ak sa ki pa mache ankò. Jenerasyon ki chwazi leve pou konstwi yon lòt demen.
Petèt kesyon an pa sèlman sou sa k ap fèt men pito sou ki moun ki pare pou mache ak jenerasyon sa a.
SÈVI kontinye pozisyone tèt li kòm:
yon fòs mobilizasyon nasyonal pou jenès
yon zouti prevansyon kont vyolans ak dezangajman
yon pon ant kominote yo ak enstitisyon yo

Paske jan sa te raple nan rankont lan, peyi a pa sèlman bezwen estabilite…
li bezwen yon jenerasyon ki leve, ki angaje, epi ki pare pou sèvi.

Yon peyi pa ka avanse si sitwayen li pa konnen istwa li. Twòp fwa nou repete bagay san nou pa konprann yo. Twòp fwa nou ...
19/04/2026

Yon peyi pa ka avanse si sitwayen li pa konnen istwa li. Twòp fwa nou repete bagay san nou pa konprann yo. Twòp fwa nou pale san fondasyon.

Se pou sa, SÈVI deside fè yon chwa klè: retounen nan rasin yo.

Paske pou nou konprann kote nou ye jodia, nou dwe konnen kote nou soti. Depi sou non zile a rive sou nesans peyi a chak detay konte.

Sa se pa sèlman istwa se idantite nou.

Ayiti paka bati sou konfizyon. Li dwe bati sou konesans. Yon lot jenerasyon posib lè nou konnen kiyes nou ye .




Adresse

Rue Cogemar Vivy Mitchel
Pétionville
6140

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque SÈVI publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager

Catégorie