Tirivye pou nou tout

Tirivye pou nou tout

Partager

chargement pour petite rivière de l'Artibonite

01/02/2026

Ansyen Direktè Jeneral Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) la, Rameau Normil, resevwa yon konvokasyon ofisyèl poul parèt madi 3 fevriye 2026 a 11:00 nan maten, devan Chanm Enstriksyon an, kote jij Walter Wesser Voltaire ap tandel sou akizasyon asosyasyon malfektè ak vant ilegal minisyon PNH bay gang ame.

Nan menm dosye a, Philippe Jovin, ansyen Direktè Administratif Santral PNH, atann poul prezante devan menm jiridiksyon an lendi 2 fevriye 2026 a.

Dapre enfòmasyon ki disponib, ankèt jidisyè a ap konsantre sou disparisyon plis pase 300 zam, sitou 317 fizi, ansanm ak plizyè milye katouch ki te fè pati depo ofisyèl Polis Nasyonal la.

Sous jidisyè yo fè konnen plizyè ansyen ak aktyèl kad siperyè PNH deja pase devan ankètè yo nan kad dosye sa a, ki soulve gwo kestyon sou fason yo te jere zam ak minisyon nan enstitisyon polis la.

Pou garanti bon dewoulman pwosedi a, jij enstriktè a deja voye yon korespondans bay Enspektè Jeneral an Chèf PNH la, Frédéric Leconte, pou mande tout dispozisyon nesesè pran afin asire prezans ansyen responsab yo devan lajistis.

Dosye sa a kontinye fè anpil bri, nan yon kontèks kote kestyon sekirite ak kontwòl zam rete yon gwo sous enkyetid pou popilasyon an.

📟RADIO TÉLÉ MISSO

01/02/2026

UPDATE:rezime sou batay PNH te mennen pandan jounen an.

Omwen 8 bandi bwè dlo bouch yo epi 2 fizi otomatik te sezi pandan yon gwo operasyon lapolis nan kwadèboukè jodi samdi 31 janvye 2026. Ofisye Lapolis Nasyonal Ayisyen (PNH), avèk sipò Gwoup task force la, te mennen operasyon an, patikilyèman nan katye Cité Doudoune, Raquette, ak Carrefour Marassa. Lapolis ap travay pou repran kontwòl minisipalite kwadèboukè nan men gang 400 Mawozo a.

*Batay pou liberasyon pep ayisyen enfo*

19/07/2023

Bjr tout Moun tirivye latibonit mw tirivye leve maten pa tro mal mw wé gen ti aktivite ki AP mâche malman

19/07/2023

Bonswa tout tirivye ki AP andire mizé anba gang savyen an pran kouraj lap jou Yon jour kannenn

Vous voulez que votre entreprise soit Service Du Gouvernement la plus cotée à Petite Rivière de l'Artibonite ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Adresse

Rue Louverture Prolongée Dipuiy
Petite Rivière De L'Artibonite