Abèy Wayal Ayiti - AWA

Abèy Wayal Ayiti - AWA

Partager

Apiculture services, Bee Keeping Workshop,sales Hives and Bees,Maintenance/Monitoring of Bee Hives.

03/06/2025

Ki kote myèl wap konsome yo sòti??
Evite pran nan myèl falsifye, achte
Myèl ou nan men apikiltè onèt e entèg.
MIEL PUR AWA disponible konnya An Ayiti selman.Bon miel pa rete, stòk nou limite.
Plase kòmand ou konnya!!!

Where is the honey you consuming is coming from?? Beware of getting trick for fake honey on the market, buy your honey from a beekeeper with integrity.
Our pure raw honey is available for you now, out stock is limited.
Place your order now!!

Plase kòmand:
+509 5519 1919
+509 3698 1231



Photos from Abèy Wayal Ayiti - AWA's post 20/05/2025

Bon Jounen Mondyal Abèy ak Polinizatè!!
Nan AWA chak jou ki jou nou selebre abèy yo pou lavi yo jenere sou planèt la pou moun, pou plant ni pou bèt chak jou ki jou. Map pwofite di mèsi a tout kliyan nou yo e tout sitwayen konsekan ki pa janm ezite kontribiye yon fason ou yon lòt nan pwoteje, prezève e sove espès sa ki an vwa disparisyon.

ATANSYON!!! si abèy yo disparèt lavi nou ap enposib sou planèt sa a. Se yon devwa pou tout sitwayen latè patisipe nan yon demach sove abèy sove lavi.

06/04/2025

Kijan nou prepare rich abèy pou (tranzimans) pou transpò yo de yon espas a yon lòt.

How we prep. transport bee hives from one place to another


13/03/2025

nou gen yon gamme Élixir remèd natirèl , Propolis, Aromiel Détente, Aromiel Flu, (Seamoss la selman ki pa sòti nan ruche abèy yo) apre sa tout se pwodwi 100% natirèl transfòme derive de ruche abèy la ki se yon famasi vivan. "Sante se Richès" pou ou menm ak fanmi e zanmi w.

Si w an Ayiti plase kòmand ou nan +50955191919, si w aletranje kòmande nan boutik online AWA
://ayizan.ht/store/abey-wayal/

*Lè w achte pwodwi ak sévis AWA ou sipòte inisyativ ag. Rejenerativ AWA mete sou pye nan zòn Sid Ayiti .e.a.s_509

we have whole scale of Élixir honey natural remedies, Propolis, Aromiel , (Seamoss the only product not from the beehive) after that all our products are 100% natural transform from the beehive which is a living nature pharmacy. "Health is Wealth" for you, your family and friends.

If you re in Haiti place your order via +50955191919, if you re abroad place your order via our online store: ://ayizan.ht/store/abey-wayal/

*when you buy our products and Services you re also supporting AWA s Regenerative Ag. Initiative in the
South of Haiti .e.a.s_509


Photos from Abèy Wayal Ayiti - AWA's post 11/03/2025

Imaj yon ruche kap byen travay, abèy yo ap depoze anpil myèl, sezon myele an favorab pou sa e ras abèy la janti e prolific. Nou Nan riche kliyan nou ki jis Boston e nou fè li viv sa kap pase nan ruche li a a chak enspeksyon. Pa ezite menm lè w a letranje ou gen abèy an Ayiti, nap jere yo pou ou e fè w viv moman esnpeksyon yo tou.

Abey Wayal Ayiti 04/03/2025

Bonswa a tout kliyan e fiti kliyan Abèy Wayal Ayiti - AWA yo toupatou nan mond lan, Etazini, Kanada, Ewòp, Amerik Disid e Santral, ak Karayib la. Nou jwenn yon patenarya ak yon sit ki aksepte vann e ekspedye remèd natirèl nou yo a travè lemond nan. Ou mèt pran tout sa wap bezwen yo sou sit la, e yap ship yo pou ou:

Abey Wayal Ayiti Abey Wayal Ayiti

19/02/2025

Rezilta riche neglije, abèy yo pa merite sa. Jan nou toujou di si w pa pare pou envesti nan elvaj abèy pa mete abèy lakay ou. Gen 2 bagay ou ka fè si w vle fè elvaj abèy (pran yon fòmasyon an apikilti pou konn kijan pou pran swen yo, oubyen angaje yon apikiltè kalifye pou pran swen abèy yo pou ou) si non kite abèy yo jere tèt yo nan lanati,pa domestike yo pou neglije yo.


Vous voulez que votre entreprise soit Service Du Gouvernement la plus cotée à Port-au-Prince ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Téléphone

Site Web

Adresse


Port-au-Prince
6140