03/10/2025
📣📣*Èske w te konnen?*📣📣
Malgre lekòl ouvè, anpil timoun toujou ap lite pou yo jwenn chans pou ale lekòl.
Se yon reyalite! Ak kriz peyi a ap travèse, gen anpil timoun ki poko ka pran wout lekòl.
Ki difikilte yo rankontre?
• Genyen k ap viv nan kan kote paran yo poko kapab leve ni desann pou regle zafè yo.
• Gen lòt ki poko menm kapab jwenn kanè ane pase.
• Plizyè ap soufri akòz gwo difikilte ekonomik paran yo ap fè fas.
Se la òganizasyon *T-MOUN* antre an aksyon. Misyon nou se akonpaye timoun ki nan sitiyasyon difisil konsa, epi ane sa a n ap lanse yon gwo kanpay “Rad Mare pou Lekòl” pou bay anpil timoun chans pou yo retounen sou ban lekòl.
Pouki sa sa enpòtan?
Voye plis pase *100 timoun* lekòl vle di redwi to ensekirite nan sosyete a, paske twòp fwa timoun ki pa gen chans edike se yo menm ki vin tounen viktim oswa menas pou lòt yo.
Ann mete men ansanm pou sipòte timoun yo!
Ann fè tout moun klewonnen: Viv Edikasyon! Viv Ankadreman 🔥!
Pou plis enfòmasyon, kontakte nou nan nimewo ki sou afich la.
