L'Union pour sauver Haïti

L'Union pour sauver Haïti

Partager

Ayiti fin kraze,

11/04/2021
11/04/2021

Tèt ansanm se pigwo zam nou bezwen pou n konbat lamizè nan peyi nou, pa di ayisyen pap janm mete tèt yo ansanm, ou menm kap li piblikasyon sa, antanke ayisyen, èske w prè pou n gen tèt ansanm nan peyi a???

05/03/2021

Bonjou/bonswa tout ayisyen, kòman nou ye?
Anverite, anverite si nou pa mete tèt nou ansanm, nou pap janm ka retire ayiti nan sa l ye jodi a.
Li lè ak tan pou n sispann ak pwovèb "chak koukouy klere pou je l" la, pou n aplike "ansanm nou fò", "men anpil, chaj pa lou".
Sonje pawòl sa wi: " si nou refize viv an frè, nou tout ap mouri tankou bèt sovaj".
Sa kap pase la, nan eta peyi dayiti ye la, li konsène nou tout, paske se nou tout ki pa ka manje a, se nou tout ki viktim ensekirite a, se nou tout ki viktim chomaj la, nan lari, andan kay, nou tout ap viv ak kè sote, ebyen se nou tout ki pou di nou bouke, e nou konprann se dirijan nou yo ki lage peyi a nan sa l ye la.
Se nou tout ki pou di nou bouke, se tèt nou pou mete ansanm pou revandike dwa nou. Epi tèt ansanm sa dwe kòmanse nan chak kay, chak legliz, chak lekòl, chak gwoup asosyasyon, elatriye...
Se pa ti nèg pye atè kap kidnape pitit ayiti yo, se nèg a kòl, nèg a vès, nèg ki nan gwo tèt machin yo, nèg kap dirije enstitisyon nan peyi a.
Moman rive pou n konprann ke fòmil politisyen nou gen la yo pap regle anyen pou nou, paske mizè nou se lajan nan pòch yo, fòk sa chanje, men se tèt nou pou nou mete ansanm pou n revòlte pou pou peyi a evolye.

19/02/2021

Depi yon bon bout tan, peyi a pap dirije. Li tonbe anba pouvwa timoun sa koz se manje tè yap fè nan tèt peyi a, moun ki ta dwe chita sou ban lekòl, se yo kap dirije ministè edikasyon, moun ki ta dwe dèyè bawo, se yo kap dirije ministè jistis, moun ki ta dwe nan sikatri, se yo menm ki nan palman, se yo menm ki nan palè a...
Puiske ayisyen pèdi gou bouch yo lontan, yo pa konn sa ki bon pou yo, mwen sezi wè nèg kap mache ak kaka sou moun, kriminèl kap kidnape epi tiye pitit pèp la, nèg kap s***e san pèp la ak richès peyi a, nèg kap fè dèt sou do pèp la epi kap plen pèp la ak manti, nèg kap fèmen lekòl pou pitit pèp la pa edike pou je yo pa ouvri, pou se yo ki toujou anlè nan gagote richès peyi a, se nèg sa yo anpil enbesil kite mil goud fè yap pwomote epi sipòte...
Ayisyen li lè ak tan pou nou kale je nou, nou bezwen yon endepandans, nou bezwen yon libète, men fòk nou twatènize nou, se tèt ansanm ki fòs nou, se sa nèg lakay nou mele ak lòt nasyon yo konnen ki koz yo pa vle kite nou ini, yo kreye pil pati politik nan enterè yo kont enterè pèp la. Politisyen yo ak relijye yo fè yon sèl pou s***e pèp la, nou bouke...
Pou gen yon chanjman, ayiti bezwen sèlman 2 pati politik, pa kwè nan moun kap kreye lòt pati politik ki di n se pou chanjman,
Nou bezwen yon lwa ki strik epi kap aplike pou tout moun, pa kwè nan moun kap chanje dat pou yo monte sou pouvwa ak nivo etid pou yon moun kandida pou yon pòs, san yo pa ajoute santans blofè ak mantè yo...
Si se peyi nap fè, moman rive pou n aranje nou:
Nou deja regwoupe an twa pati la; opozisyon an, pouvwa ak pèp la.
Ni pouvwa, ni opozan tout se afè yo yap regle, pèp la sèlman ki se viktim nan se li ki toujou pèdi...
Si nap fè yon eleksyon, mwen sijere nou pou:
1. Pouvwa reprezante pa yon moun
2. Opozisyon an reprezante pa yon moun
3. Ti inosan yo, pèp la reprezante pa yon.
Konsa na gen 3 pati politik pou plis.
Ayiti pa gen opozisyon, puiske yo pa antann yo youn ak lòt, puiske yo pa pap defann sa ki jis, sèlman se enterè kap defann...

18/02/2021

Ayiti gen pwoblèm, ayiti enstab pou moman, koz 7 fevriye ki sot pase la, se dat pou yon gwoup moun Jovenel ta sipoze kite pouvwa.
Pou Jovenel, dat li poko rive, li apèn sou 4 an.
Depi Jovenel rive sou pouvwa, jis rive jodi a, peyi dayiti tèt anba, anpil byen leta kou prive pase anba dife...
Ayisyen prive de kouran elektrik, dlo trete, gaz, manje, edikasyon. Se sou gouvènman moun vin tounen machandiz, epi biznis sa vin legalize, moun mouri pa pil ak pakèt...
Jovenel aji an jan lespri, opozisyon an se jan sòt, Jovenel aji an diktati, anpil nèg sèvo tonbe, anpil nèg san sèvo pran grad, se sou pouvwa Jovenel la ayiti gen plis zam ilegal, zam sa yo sèvi pou pwoteje nèg ki gen lajan yo, detui pitit pèp la, jere zak kidnapin nan peyi a.
Jovenel ta sanble pa gen manman ak papa, paske l finansye twòp bandi pou simen latwoublay nan peyi a, li kreye yon pakèt kò ame pou anpeche pèp la fonksyone, se sou pouvwa Jovenel la, lekòl fèmen annayiti.
Pèp la paka manje, yo pa nan travay, yo nan fè nwa, timoun yo pa ka ale lekòl, menm dlo, pèp la pa jwenn ni pou bwè, ni pou travay, lavi chè ap taye banda, tandi Jovenel ap mennen yon vi liks...
Se tout dwa nou pou nou di nou bouke, fòk diktatè sa ale.
Men pou m byen di nou, Jovenel poko fè 5 an sou pouvwa, paske se pat dezyèm tou eleksyon an yo te fè an 2016 la, se anile yo te anile eleksyon 2015 yo, dezyèm tou pa konn fèt ak 30 moun, se ak 2 moun li fèt, manda Jovenel ap bout 7 fevriye 2022, men li fè pèp la soufri twòp, li pa gen kè moun, liste se yon djab kap viv pami moun, se yon bèt sovaj ki gen po moun, si Jovenel pa ka amelyore lavi pèp ayisyen an, li dwe kite pouvwa, paske pouvwa se pouvwa pèp la, se pa byen prive Jovenel li ye.
Opozisyon an pa gen diferans ak Jovenel, se menm yo menm nan, se yo kap simen latwoublaj andan peyi a, se yo ki machann zam yo, se yo ki chèf kidnapping yo, se menm kriminèl kap fè san pèp ayisyen yo koule, retire Jovenel, mete yo, pap gen chanjman...
Sistèm sa dwe kraze ak tout moun ki ladan...

Vous voulez que votre entreprise soit Service Du Gouvernement la plus cotée à Port-au-Prince ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Téléphone

Adresse


Port-au-Prince

Heures d'ouverture

Lundi 08:00 - 17:00
Mardi 08:00 - 17:00
Mercredi 08:00 - 17:00
Jeudi 08:00 - 17:00
Vendredi 08:00 - 17:00
Samedi 08:00 - 17:00
Dimanche 08:00 - 17:00