03/11/2022
Ligue des Jeunesses Socialistes
Lig Jenès Sosyalis yo se estrikti jenès pati Alènativ Sosyalis (A*O).
Misyon prensipal LJS se fè pwomosyon ideyal sosyalis epi ankouraje emèjans jènn lidè fanm kou gason nan lavi politik, ekonomik, sosyal ak kiltirèl peyi nou.
03/11/2022
31/01/2022
Mwen felisite Fritz A.Jean ak Steven I.Benoît ki gen gwo reskonsablite dirije Tranzisyon Ripti a .Mwen pwofite felisite tou Edgar Leblanc,Bonivert Claude ak Iswick Théophin pou sans angajman repibliken yo.Mwen remèsye sitou kanmarad ki te pote kandidati m .
21/01/2022
Mesaj Jean-Hénold "Janjan" Buteau
Mwen salye tout konpatriyòt Ayisyèn ak Ayisyen ,ni sa ki anndan ,ni sa ki deyò peyi a. Mwen pa p manke salye tou kouraj Pèp la nan lit l ap mennen pou byennèt ak souvrènnte li . Mwen salye tou memwa tout moun ki tonbe pou kòz sa a.
Mwen se Jean-Hénold Buteau . Zanmi , fanmi ak kanmarad politik rele mwen Janjan .
Mwen se medsen epi pòt pawòl Altènativ Sosyalis A*O. Men tou, Mwen se yon moun ki angaje depi plizyè lanne nan batay pou ride transfòme kondisyon lavi konpatriyòt Ayisyèn ak Ayisyen mwen yo .
Mwen ap enfòme tout moun alawonnbadè mwen depoze pyès mwen ofisyèlman pou vini Premye Minis nan Kad Akò Montana a .
Mwen pwofite di nou Kandidati mwen enskri tèt li nan pèspektiv angajman mwen ak òganizasyon k ap sipòte m yo pran pou tabli nan peyi a yon tranzisyon koupe fache ki ranmase revandikasyon fondalnatal pèp Ayisyen an.
Revandikasyon sa yo te eksprime klèman nan tout mobilizasyon kont Koripsyon épi pou tabli demokrasi tout bon vre ,men tou pou sekirite, pwosè masak yo,pwosè gagòt ki fèt nan lajan CIRH ak Petwokaribe a ak amelyorasyon kondisyon lavi popilasyon an
Nou dwe mete ponyèt pou remete Ayiti cheri nou an sou bon ray.
Dr Jean-Hénold Buteau
Kandida pou premye minis anba Akò Montana a
18/04/2021
EN DIRECT PALE POUN VANSE | Avèk Marvel Dandin kap resevwa Jean Herold Buteau / 18 Avril 2021 * PA RATE NOUVÈL KI KONSÈNE AYITI, EMISYON PREFEREW LA WAP JWENN LI SOU CHÈN SILA. * ABÒNE NOU AK CHÈN NAN & AKTIVE KLOCH (🔔) LA POU NOU PA RATE VIDEO AK PR...
16/04/2021
Entèviyou lidè sosyalis ayisyen an Jean Hénold Buteau
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Emplacement
Site Web
Adresse
Port-au-Prince
Heures d'ouverture
| Lundi | 09:00 - 17:00 |
| Mardi | 09:00 - 17:00 |
| Mercredi | 09:00 - 17:00 |
| Jeudi | 09:00 - 17:00 |
| Vendredi | 09:00 - 17:00 |
| Samedi | 09:00 - 17:00 |
