Jenerasyon Wozo

Jenerasyon Wozo

Partager

Bienvenue sur le compte officiel de JENERASYON WOZO qui est un mouvement politique fondé le 27/4/23.

27/09/2024

Mwen retire chapo m devan nèg epi fanm ki ekri diskou Prezidan CPT M. Edgard Leblanc Fils nan kad (Asanble Jeneral Nasyon-Zini). Diskou an gen fon li gen fòm. M panse nou pa suffisamment pale de fon e nivo diskou sa a. Antouka bon bagay. Chapo ankò a nèg ou fanm ki panse e ekri diskou sa a.

Diskou an mete aksan sou anpil pwen ki merite souliye. E m panse Prezidan gen rezon mete aksan sou enpak enjistis doub dèt lendepans ke la fè nou peye an epi pwa sa genyen sou devlopman ekonomik nou. M panse tou, li te esansyèl pou l te souliye e denonse, menm jan pati Jenerasyon Wozo te fè sa nan jou ki pase yo, kanpay denigriman ke pati repibliken an avèk , e ap fè kont Ayisyen nan .

19/09/2024

NÒT POU DENONSE DIGICEL AK NATCOM KAP S***E SAN PÈP AYISYEN AN

No: CPJW-190924-00A2

Pòtoprens, jedi 19 septanm 2024

Mouvman politik JENERASYON WOZO kondane epi denonse avèk tout fòs li move
trètman pèp ayisyen an, an patikilye konsomatè yo, ap sibi anba gwo biznis ak antrepriz nan Peyi d’Ayiti espesyalman DIGICEL ak NATCOM. 2 konpayi sa yo mete tèt yo ansanm pou s***e san pèp Ayisyen an tankou sansi lavale epi pase anba pye tout règ ak tout nòm konkirans ak regilasyon.

JENERASYON WOZO ap raple depi omwen yon semèn okenn konsomatè sèvis DIGICEL
pagen okenn sèvis e san konte pri, plan ak prodwi DIGICEL yo ki pajanm sispann monte
malgre movèz kalite sèvis ak absans inovasyon nan sal ofri. E denonse yon lòt kote
KONATEL ki fèmen jel sou salte sa yo tankou timoun ki gen azoumounou.

Sitiyasyon sa yo montre aklè tout konsekans sa genyen lè KORIPSYON ak gwoup enfliyans
anndan Peyi an pran LETA ann Otaj epi dezame li de tout sèktè estratejik e nevraljik li tankou telekominikasyon, enèji ak sekirite.

JENERASYON WOZO kwè li esansyèl pou LETA AYISYEN kreye epi mete sou pye yon ògan
piblik pou regile konkirans lan epi pwoteje dwa konsomatè yo anba grif entrepriz peze
s***e sa yo.

Pou JENERASYON WOZO, se sèl yon Otorite Nasyonal Konkirans ak
Pwoteksyon konsomatè ki kapab garanti ekilib konkirans lan, epi veye sou kalite pri ak
pwodwi antrepriz yo ap ofri. LETA dwe nan wonn sant lan.

JENERASYON WOZO kwè li fondamental tou pou nou konstwi LETA a nan enterè tout
Ayisyen alawonn badè epi ranfòse l kom sèl fòs pou pwoteje tout moun e tout sektè.

Me Jonas GEORGES
Jiris penalis
Manm

Youbentha PREVAL
Diplomat profesyonèl
Vis prezidant

Dr. Eland GUERRIER
Prezidan
PhD nan Dwa Inivèsite Cote d’Azur
Anseyan-Chèchè

10/09/2024

KOMINIKE

Mouvman politik JENERASYON WOZO denonse e kondane kanpay denigreman, rasyalis,
zenofòb e diskriminatwa kap fèt nan peyi Etazini kont konpatriyot nou yo.

Nan peryòd elektoral minorite e kominote ki pi vilnerab yo toujou tounen zouti pwopagann
elektoralis anba bouch gwoup ki dominan yo. Objektif kanpay ak pwopagann rasis sa a
ke Pati Repibliken an okestre, an patikilye Kolistye Prez. Donald J. Trump lan, James David
Vance ak Elon Musk, yon figi enpòtan, fèt e planifye pou mobilize emosyon ak pilsyon ki
pi ba lakay patizan yo sou kouvè denosyasyon imigrasyon illegal.

JENERASYON WOZO ap raple ke non ke non selman kanpay sa yo zenofob e rasis men
tou li mete yon sib nan do chak konpatriyot Ayisyen kap viv nan peyi Etazini, yon kote kigen
anpil defayans sou kontwol zam afe kap sikile.

JENERASYON WOZO denonse tou silans ak pasivite « Otorite » nan Peyi d Ayiti ki pa bay
Ayisyen regle anyen pou yo ni sa ki la ni sa ki lotbo dlo.

JENERASYON WOZO kwè li fondamental pou nou rive kolektivman konstwi bonjan
kondisyon lavi nan Peyi an pou moun viv e devlope kapasite Leta a pou proteje tout
sitwayen li nan tout rakwen sou latè.

03/07/2024

Map entèvni demen après-midi nan UNDH Jacmel nan kad yon symposium sou: « Éducation, participation et responsabilité
: Trois (3) piliers pour le développement
en Haïti. ».

Men tematik pa m nan:
« Histoire et politique. Brèves réflexions sur le rôle des acteurs politiques et de l’engagement citoyen en temps de crise ».

M swete tout moun bò patisipasyon.

Eland

18/06/2024

La JENERASYON WOZO est un mouvement politique et de réflexion institué au niveau national en vue de porter les revendications naturelles du peuple haïtien. Elle est fondée le 27 avril 2023 à Port-au-Prince.

C'est un mouvement de redressement dans un moment de crise, de doute et de désespoir où l'homme haïtien n'a plus confiance dans ses institutions, ses représentants, ses rêves, son avenir et son pays.

Car, s'il ne fait aucun doute que ce grand moment de doute et de désespoir nous a plongé collectivement dans nos pires retranchements, force est de constater en revanche la vivacité du bel esprit haïtien, celui de la résistance et la résilience intrinsèque d'où l'idée majeure de notre mouvement: NOU SE WOZO, MENMSI NOU PLIYE NOU PAP KASE.

Vous voulez que votre entreprise soit Service Du Gouvernement la plus cotée à Port-au-Prince ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Site Web

Adresse


Delmas 75
Port-au-Prince