28/11/2021
KMVM
KMVM la pou reyini tout Ayisyen ki vle travay ansanm nan objektif.pou nou mete peyi nou Ayiti sou Ray Devlòpman dirab san pati pri.
Nou envite tout Ayisyen alawonnbadè vizite sit entènèt KMVM lan pou li aprann tout lòt enfòmasyon. Men Fòmilè enskripsyon nan KMVM Ayiti:
https://bit.ly/2YsEHfH
28/11/2021
27/11/2021
Nou fè pa nou (mete konesans itil disponib pou ou), se tou pa w!
07/11/2021
.- Plis pase 300 000 konpatriyòt mouri akoz kay yo ki mal bati. Si nou chita ap repete menm erè yo, sa vle di nou se moun fou.
Ann aprann kijan kay nou dwe bati ak yon espesyalis nan domèn nan. Branche emisyon Sakapfèt KMVM nan dimanch k ap 7 novanm lan a 7tè aswè boul pou n aprann kijan pou n byen bati kay nou e pwoteje lavi nou ak pa lòt yo.
Anpil moun pale de ekonomi men yo pa konnen byen kisa ki ekonomi an. Videyo sa a aprann nou depi kilè nou ka komanse pale de ekonomi epi ki ekonomi ki ka ede yon peyi mèt tèt li. Konsa n ap ka rive konprann kijan nou ka amelyore ekonomi Ayiti a. Espesyalis la fè nou idantifye e konprann eleman santral yon ekonomi, depi nou pa pwoteje l nou tou andikape ekonomi peyi a.
Envite emisyon Sakapfèt KMVM lan se yon espesyalis nan domèn nan e w ap wè sa pou kont ou.
Pa bliye kòmante epi pataje emisyon sa a paske li la pou edike tout Ayisyen alawonnbadè, se pou sa li nan lang Ayisyen an: Kreyòl.
Vizite paj fesbouk KMVM lan nan: oswa sit entènèt li nan https://www.kmvmayiti.net pou w toujou konnen nouvote yo.
02/10/2021
Si ekonomi yon peyi kontinye malad, politik li ap tou andikape. Branche emisyon Sakapfèt KMVM nan dimanch k ap 3 oktòb la pou nou aprann kisa nou ka fè pou n leve ekonomi nou, kondisyon ki obligatwa pou nou viv ak diyite devan lemond.
Videyo sa a aprann nou kisa Ayiti bezwen pou nouvo teknoloji yo ka ede li konbat lamizè. Li bay tou kèk egzanp opònitè ki genyen sou entènèt la pou yon Ayisyen ka travay nenpòt kote li ye olye li chita ap pèdi tan li nan bagay ki pa itil. Li ka devlope talan li yon fason pou li ka kite lamizè dèyè.
Envite emisyon Sakapfèt KMVM lan se yon espesyalis nan domèn nan e w ap wè sa pou kont ou.
Pa bliye kòmante epi pataje emisyon sa a paske li la pou edike tout Ayisyen alawonnbadè, se pou sa li nan lang Ayisyen an: Kreyòl.
Vizite paj fesbouk KMVM lan nan: oswa sit entènèt li nan https://www.kmvmayiti.net pou w toujou konnen nouvote yo.
03/09/2021
Vin aprann kijan nou, Ayisyen, ka konbat lamizè gras ak nouvo teknoloji yo. Envite emisyon Sakapfèt KMVM lan se yon ekspè nan domèn nan. Dat la se Samdi 4 Septanm a 7è Ayisyen, nan aswè.
Si w poko konnen kisa KMVM ye, klike sou lyen sa a:
https://www.facebook.com/ayitikmvmlan/
Videyo sa a aprann nou kisa yon konstitisyon ye e ki wòl li jwe pou pèmèt sitwayen yon peyi viv ak diyite. Li pale tou sou ki bon fason pou li chanje an moun eklere.
Envite emisyon Sakapfèt KMVM lan se yon espesyalis nan domèn nan e w ap wè sa pou kont ou.
Pa bliye kòmante epi pataje emisyon sa a paske li la pou edike tout Ayisyen alawonnbadè, se pou sa li nan lang Ayisyen an: Kreyòl.
Vizite paj fesbouk KMVM lan nan: oswa sit entènèt li nan https://www.kmvmayiti.net pou w rete banche.
Klike pou w gade tout nan lyen sa a > https://youtu.be/wc-5gdKcFp4
KMVM enfòme piblik la li oblije repòte emisyon dimanch 4 jiyè a pou yon lòt dimanch. Mèsi pou fidelite w.
29/06/2021
Pare w pou yon lòt bèl emisyon Sakapfèt KMVM - Ki wòl yon konstitisyon jwe nan yon peyi e ki pi bon fason ki rekòmande pou li modifye.
18/05/2021
𝐊𝐨𝐧𝐤𝐨𝐮 "𝐊𝐌𝐕𝐌 𝐬𝐞 𝐩𝐚 𝐦" - 𝐊𝐨𝐧𝐦𝐚𝐧𝐬𝐞 𝐣𝐨𝐝𝐢 𝐚 𝟏𝟖 𝐌𝐞 𝟐𝟎𝟐𝟏
Prim ki disponib pou moun ki genyen yo
𝐏𝐫𝐞𝐦𝐲𝐞 𝐩𝐫𝐢𝐦:
100 dola ameriken (Kach).
𝐃𝐞𝐳𝐲è𝐦 𝐩𝐫𝐢𝐦:
50 dola ameriken (Kach).
𝐓𝐰𝐚𝐳𝐲è𝐦 𝐩𝐫𝐢𝐦:
30 dola ameriken (Kach).
𝐊𝐨𝐧𝐝𝐢𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐩𝐨𝐮 𝐩𝐚𝐭𝐢𝐬𝐢𝐩𝐞:
1) Achte liv KMVM lan pou 10 dola ameriken (plis taks) sou amazon nan lyen sa a:
https://amzn.to/3hX4W6D
oubyen nan Teknopro sou lyen sa a pou 8 dola:
https://bit.ly/33PaCtB
2) Reponn 10 kesyon nou poze sou liv la nan lyen sa a:
https://bit.ly/3hzLI8X
3) Si w renmen liv la lè w fin li l, pataje l ak 15 zanmi w ki renmen liv (itilize imel oubyen rezo sosyo pa w pou fe sa. Pa bliye tag/mansyone KMVM nan tout pataj yo. Si se imel ou itilize mete [email protected] an kopi)..
Men modèl mesaj nou sijere ou itilize lè w ap pataje liv la: “Mwen fini li liv KMVM lan, m renmen sa m aprann ladan l yo. M rekòmande w li l tou. Men lyen kote w ap jwenn li:
https://amzn.to/3hX4W6D
Men non kmvm nan rezo sosyo yo:
Fesbouk:
Twitè:
Enstagram:
𝐀𝐯𝐚𝐧𝐭𝐚𝐣 𝐥è 𝐰 𝐩𝐚𝐭𝐢𝐬𝐢𝐩𝐞 𝐧𝐚𝐧 𝐤𝐨𝐧𝐤𝐨𝐮 𝐬𝐚 𝐚:
1) Ou envesti 10 dola, ou fè plis pase 2 fwa kòb la (si w genyen).
2) W ap aprann bagay ki vo plis pase milyon dola
3) W ap aprann tou ki kote e poukisa mouvman KMVM lan.
4) W ap vin yon sitwayen ayisyen pi sivilize.
𝐀𝐭𝐚𝐧𝐬𝐲𝐨𝐧:
Manb KMVM pa ka patisipe (ni dirèk, ni endirèk)..
𝐃è𝐧𝐲𝐞 𝐝𝐞𝐥è 𝐩𝐨𝐮 𝐫𝐚𝐧𝐩𝐥𝐢 𝐭𝐨𝐮𝐭 𝐤𝐨𝐧𝐝𝐢𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐲𝐨:
1 Dawout 2021
𝐃𝐚𝐭 𝐫𝐞𝐳𝐢𝐥𝐭𝐚 𝐊𝐨𝐧𝐤𝐨𝐮 𝐚 (𝐒𝐨𝐮 𝐩𝐚𝐣 𝐅𝐁 𝐊𝐌𝐕𝐌 𝐥𝐚𝐧):
18 Dawout 2021.
--------------------
Si w gen kesyon oubyen kòmantè, ekri yo anban pòs la. N’ap reponn pou tout moun jwenn menm repons la.
Pataje enfòmasyon sa a ak fanmi w, zanmi w pou yo ka patisipe tou.
Branche Paj KMVM lan: Demen 18 Me 2021, sòti 8tè 30 nan maten (Ayiti).
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Emplacement
Contacter l'entreprise
Téléphone
Site Web
Adresse
Delmas
Port-au-Prince
