NOU Ansanm

NOU Ansanm

Partager

Le parti NOU incarne l’espoir d’un renouveau haïtien, fondé sur justice, démocratie et progrès. La jeunesse et la solidarité forgent un avenir digne.

02/06/2026

𝐀𝐧𝐬𝐚𝐧𝐦 𝐍𝐎𝐔 𝐤𝐚 𝐛𝐚𝐭𝐢 𝐩𝐞𝐲𝐢 𝐧𝐨𝐮 𝐯𝐥𝐞 𝐚.

27/05/2026

𝐀𝐧 𝐧𝐨𝐮 𝐚𝐧𝐠𝐚𝐣𝐞 𝐧 𝐩𝐨𝐮 𝐧𝐨𝐮 𝐠𝐞𝐧 𝐀𝐲𝐢𝐭𝐢 𝐍𝐎𝐔 𝐫𝐞𝐯𝐞 𝐚.

21/05/2026

”𝐍𝐨𝐮 𝐬𝐞 𝐲𝐨𝐧 𝐭𝐢𝐳𝐨𝐧 𝐝𝐢𝐟𝐞 𝐚𝐧𝐬𝐚𝐧𝐦 𝐧𝐚𝐩 𝐤𝐥𝐞𝐫𝐞 𝐜𝐡𝐢𝐦𝐞𝐧 𝐚𝐧”

04/05/2026

“Ann refize silans, chwazi chanjman"

01/05/2026

“NOU swete tout moun yon bon fèt agrikilti ak travay nan linyon”

29/04/2026

“Toujou sonje, se ansanm pou n fè l"

Photos from NOU Ansanm's post 27/04/2026

𝐊𝐎𝐍𝐅𝐘𝐀𝐍𝐒 𝐍𝐀𝐍 𝐄𝐓𝐀 𝐍𝐀𝐒𝐘𝐎𝐍 𝐀𝐍 𝐀𝐊 𝐀𝐕𝐍𝐈 𝐊𝐎𝐋𝐄𝐊𝐓𝐈𝐅 𝐋𝐀

Konfyans nan avni yon nasyon pa sòti sèlman nan LESPWA; li depann de kapasite enstitisyon yo, lidèchip la ak sitwayen yo pou aji avèk koyerans ak konsistans. Lè yon pèp santi ke efò li gen sans, li vin plis angaje nan konstriksyon devlopman kolektif la.

Konfyans nasyonal la grandi lè tout moun konnen politik piblik yo, lè règ ak lalwa aplike, epi lè moun ki ap travay byen jwenn Ochan. Faktè sa yo kreye yon anviwònman kote moun kwè nan posiblite pou devlopman dirab.

San konfyans nasyonal, menm resous ki egziste yo difisil pou mobilize, paske pesimis kolektif la bloke tout inisyativ ak envestisman sosyal. Se poutèt sa, bati konfyans nan Eta nasyon an se yon travay ki mande efò tout sitwayen, lidè ak enstitisyon yo.

Konfyans, finalman, se pa sèlman yon santiman; li se yon fòs estriktirèl ki pèmèt yon nasyon mache avèk asirans sou chemen avni li.

𝐊𝐞𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐩𝐨𝐮 𝐞𝐯𝐚𝐥𝐲𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧 :
Kijan konfyans kolektif nan avni nasyon an enfliyanse kapasite sosyete a pou mobilize resous li yo?

Photos from NOU Ansanm's post 20/04/2026

Konfyans nan mitan sitwayen yo se baz solidarite sosyal la. Lè moun pa kwè youn nan lòt, sosyete a vin fragil, relasyon yo vin chaje ak sispèk, epi kolaborasyon vin difisil. Konfyans ant sitwayen bati sou respè, sou onètete, sou kapasite pou kenbe pawòl ak pou aji nan diyite.

Nan lavi chak jou, konfyans manifeste nan fason nou jere byen kolektif yo, nan jan nou respekte règ trafik, ak nan jan nou kolabore nan travay kominotè. Lè chak moun pran responsabilite li, konfyans vin yon reyalite. Lè nou chwazi fè abi, koripsyon oswa dezòd, nou kraze pon ki kenbe sosyete a.
Yon sosyete ki gen konfyans ant sitwayen ap devlope yon kilti solidarite, kote chak moun santi li gen valè, epi kote enterè kolektif vin pi fò pase enterè pèsonèl. Konfyans ant sitwayen se pa yon kado, se yon travay chak jou ki egzije edikasyon ak konsyans.

𝐊𝐞𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐩𝐨𝐮 𝐫𝐞𝐟𝐥𝐞𝐜𝐡𝐢 :
Ki jan nou ka bati konfyans youn nan lòt, si chak jou nou chwazi pratik ki kraze respè ak diyite?

Photos from NOU Ansanm's post 13/04/2026

𝐊𝐨𝐧𝐟𝐲𝐚𝐧𝐬 𝐧𝐚𝐧 𝐤𝐨𝐳𝐞 𝐥𝐢𝐝è𝐜𝐡𝐢𝐩 𝐬𝐞 𝐲𝐨𝐮𝐧 𝐧𝐚𝐧 𝐛𝐚𝐠𝐚𝐲 𝐤𝐢 𝐩è𝐦è𝐭 𝐲𝐨𝐧 𝐩è𝐩 𝐤𝐚𝐧𝐩𝐞 𝐝è𝐲è 𝐲𝐨𝐧 𝐯𝐢𝐳𝐲𝐨𝐧 𝐬𝐚𝐧 𝐤è 𝐬𝐨𝐭𝐞

Yon lidè ki pa kenbe pawòl li e ki pa respekte angajman li pa merite konfyans.

Lidèchip serye egzije transparans, disiplin ak kapasite pou mete enterè kolektif an premye. Konfyans nan lidèchip pa bati sou bèl pawòl, men li bati sou aksyon ki konsistan.

Nan sosyete nou an, absans konfyans nan lidè yo lakòz sitwayen yo vin sispèk, yo pa kwè nan pwomès epi yo pa angaje nan pwojè kolektif. Sa febli demokrasi, paske demokrasi egzije patisipasyon tout moun. Yon lidè ki merite konfyans se yon lidè ki bay bon egzanp, ki montre ke pawòl ak aksyon mache ansanm.

Konfyans nan lidèchip se pa yon privilèj, se yon responsabilite. Li egzije ke dirijan yo viv ak etik, respekte tan ak resous pèp la, epi mete merit ak sèvis piblik an premye. Yon lidè ki pa gen disiplin pa ka mande pèp la fè sakrifis, ni mande Leta poul efikas. Konfyans kòmanse ak egzanp epi ak prèv nan aksyon.

𝐊𝐞𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐩𝐨𝐮 𝐫𝐞𝐟𝐥𝐞𝐜𝐡𝐢 :
Èske nou ka gen yon Leta solid, ak lidè ki pa merite konfyans pèp la?

Photos from NOU Ansanm's post 06/04/2026

𝐊𝐎𝐍𝐅𝐘𝐀𝐍𝐒
Konfyans nan lavi endividyèl ak sosyal
pa limite ak sa moun di sou tèt yo; li bati sou sa yo fè chak jou. Lè yon moun serye nan sa lap fè, lè li respekte pawòl li bay, ak lè li gen bon konpòtman. Sa yo vin fè lòt moun fèl konfyans natirèlman.
Nan relasyon sosyal yo, konfyans fasilite kolaborasyon, li diminye konfli, epi pèmèt moun fè aktivite ansanm san kè sote. Se konsa konfyans vin tounen yon fòs moral ki soutni lavi kominote a.
Lè pa gen konfyans, menm inisyativ ki pi enpòtan yo vin paka reyalize, paske moun pa santi yo asire sou konpòtman lòt yo. Kidonk, bati konfyans pèsonèl se premye kontribisyon chak sitwayen kapab pote nan estabilite kolektif la.
Konfyans endividyèl la pa sèlman yon kesyon de repitasyon, men li se yon eleman fondamantal nan òganizasyon lavi sosyete a.

𝐊𝐞𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐩𝐨𝐮 𝐞𝐯𝐚𝐥𝐲𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧 :

Poukisa konpòtman serye chak jou se baz konfyans relasyon sosyal yo?

Vous voulez que votre entreprise soit Service Du Gouvernement la plus cotée à Port-au-Prince ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Adresse

17, Rue Dalencourt, Bourdon
Port-au-Prince