AJPA

AJPA

Partager

AJPA est une organisation politique qui s'interesse aux plus demunis, plus precisement dans les quartiers populaire.

17/04/2022

Gen yon doktè Ayisyen ki ale chache travay USA ki pa ka jwenn. Li deside kreye pwòp klinik li. Li ekri devan klinik lan. "Trete pou $20 e si'w pa trete map remèt ou $100". Gen yon ameriken ki se avoka kap pase ki wè afich la.

Li di se yon bon opòtinite pou'l fè $100. Li antre nan klinik lan, men kman deba déroule:

Avoka: Mw gen pwoblèm, lè'm mete yon bagay nan bouch mwen, mwen pa ka pran gou'l.

Ayisyen: Gade nan bwat # 22 a, wap jwenn yon ti galon remèd bwè 3 bouchon ladan.

Avoka pran ti galon an, li pran yon premye bouchon epi li di :
Sa se kewozèn, monchè.

Ayisyen: Se byen ! Ou rejwenn gou bouch ou. Ban m $20.

Avoka ale byen tris avèk entansyon pou'l retounen.
Aprè 1 semèn, li deside al tire lajan l nan.

Avoka : Mw retounen wi dòk paske mw gen pwoblèm memwa, mw pa ka sonje anyen.

Ayisyen: Gade nan bwat #22 a, wap jwenn yon ti galon remèd bwè 3 bouchon ladan.

Avoka : Oh! Se kewozèn ki nan galon sa wi paske denyèman ou te fè'm bwè'l.

Ayisyen : Se byen! Ou rejwenn memwa w. Banm $20.

Kètttttt !!! Avoka ale byen wònt men li di lap tire kòb li a kanmèm.

2 semèn aprè li deside retounen nan klinik nan. Fwa sa a li di lap bon kanmèm.

Avoka : Doktè mw retounen kote'w ankò wi paske mw gen yon pwoblèm nan je'm, mw pa ka wè.

Ayisyen : Oh! Mw pa gen remèd ki ka fè'w wè non; pran $100 dola sa a.

Avoka : Oh! Sa se $20 ou lonje ban mw wi la a.

Ayisyen: Se byen! Ou wè byen kounye a ban'm $20.
Avoka: Koumanman mesye, gade kòman yon nonm raketè! Si m ap pouswiv nèg sa m ap mouri pòv tande...

Fè yon lot ri menn jan ave'w. 😂😂😜😂 😂😂😂😜😂😂 😘👊🙏✍😂😂😂😂😂😂😂😂😂

Photos from AJPA's post 22/09/2020
15/12/2019

P-DG F.S.J.W fondasyon Saintil jean wilguens avèw pou la vi

Vous voulez que votre entreprise soit Service Du Gouvernement la plus cotée à Port-au-Prince ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Site Web

Adresse


Port-au-Prince