Pwoteksyon Sivil se nou tout

Appeler Site Web Contacter l'organisation

Pwoteksyon Sivil se nou tout Actualités de la protection civile en Haïti et information préventive!

𝐆𝐰𝐨 𝐥𝐚𝐩𝐥𝐢 𝐬𝐨𝐮 𝐩𝐞𝐲𝐢 𝐚: 𝐎𝐭𝐨𝐫𝐢𝐭𝐞 𝐲𝐨 𝐟𝐞̀ 𝐩𝐰𝐞𝐧 𝐬𝐨𝐮 𝐬𝐢𝐭𝐢𝐲𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐚𝐧 𝐞𝐩𝐢 𝐫𝐚𝐩𝐥𝐞 𝐩𝐨𝐩𝐢𝐥𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐚𝐧 𝐤𝐨𝐧𝐬𝐢𝐲 𝐬𝐞𝐤𝐢𝐫𝐢𝐭𝐞 𝐲𝐨𝐉𝐨𝐝𝐢 𝐝𝐢𝐦𝐚𝐧𝐜𝐡 𝟐𝟓 𝐨𝐤...
25/10/2026

𝐆𝐰𝐨 𝐥𝐚𝐩𝐥𝐢 𝐬𝐨𝐮 𝐩𝐞𝐲𝐢 𝐚: 𝐎𝐭𝐨𝐫𝐢𝐭𝐞 𝐲𝐨 𝐟𝐞̀ 𝐩𝐰𝐞𝐧 𝐬𝐨𝐮 𝐬𝐢𝐭𝐢𝐲𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐚𝐧 𝐞𝐩𝐢 𝐫𝐚𝐩𝐥𝐞 𝐩𝐨𝐩𝐢𝐥𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐚𝐧 𝐤𝐨𝐧𝐬𝐢𝐲 𝐬𝐞𝐤𝐢𝐫𝐢𝐭𝐞 𝐲𝐨

𝐉𝐨𝐝𝐢 𝐝𝐢𝐦𝐚𝐧𝐜𝐡 𝟐𝟓 𝐨𝐤𝐭𝐨̀𝐛 𝟐𝟎𝟐𝟔 la otorite konsène yo te fè yon konferans pou laprès nan Sant Operasyon Ijans Nasyonal la, pou bay esplikasyon sou fenomèn meteyowolojik ki lakòz gwo lapli sou plizyè zòn nan peyi a, epi prezante mezi k ap pran pou diminye enpak yo sou popilasyon an.

Pami otorite ki te entèvni yo te gen Enjenyè Joseph Almathe Pierre Louis, Minis Travo Piblik, Transpò ak Kominikasyon; Esterlin Marcelin, Responsab Inite Idwometeyowolojik Ayiti, ki te bay esplikasyon sou fenomèn nan ak risk li genyen.

Direktris Jeneral Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm nan te raple konsiy sekirite pou pwoteje fanm ak timoun; Doktè Bertrand Sinal, Minis Sante Piblik ak Popilasyon; ansanm ak Emmanuel Pierre, Direktè Jeneral Pwoteksyon Sivil la te pwofite raple popilasyon an mezi prekosyon li dwe pran.

Li enpòtan pou nou raple fenomèn sa a pa yon siklòn, men se yon move tan ki lakòz gwo lapli, ki ogmante risk inondasyon ak mouvman tè. Plizyè rivyè deja desann, epi anpil zòn, sitou nan Gran Sid peyi a, deja inonde.

Pwoteksyon Sivil ap kontinye mande popilasyon an pou li rete vijilan epi respekte konsiy sekirite sa yo:

* Pa travèse rivyè, ravin oswa wout ki inonde;

* Pa rete nan zòn ki ekspoze ak inondasyon oswa glisman tè;

* Swiv enfòmasyon ak konsiy otorite konpetan yo;

* Pran dispozisyon pou pwoteje timoun yo ak lòt moun ki pi vilnerab yo.

𝑷𝒓𝒂𝒏 𝒑𝒓𝒆𝒌𝒐𝒔𝒚𝒐𝒏, 𝒓𝒆𝒔𝒑𝒆𝒌𝒕𝒆 𝒌𝒐𝒏𝒔𝒊𝒚 𝒔𝒆𝒌𝒊𝒓𝒊𝒕𝒆 𝒚𝒐 𝒆𝒑𝒊 𝒑𝒘𝒐𝒕𝒆𝒋𝒆 𝒕𝒆̀𝒕 𝒏𝒐𝒖 𝒂𝒌 𝒇𝒂𝒏𝒎𝒊 𝒏𝒐𝒖. 𝑺𝒆 𝒎𝒆𝒕 𝒌𝒐̀ 𝒌𝒊 𝒗𝒆𝒚𝒆 𝒌𝒐̀!

-FINISMAN-

𝐏𝐰𝐨𝐭𝐞𝐤𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐒𝐢𝐯𝐢𝐥 𝐦𝐞𝐭𝐞 (𝟓) 𝐬𝐞𝐧𝐤 𝐝𝐞𝐩𝐚𝐭𝐦𝐚𝐧 𝐩𝐞𝐲𝐢 𝐚 𝐚𝐧𝐛𝐚 𝐚𝐥𝐞̀𝐭 𝐨𝐫𝐚𝐧𝐣𝐃𝐢𝐦𝐚𝐧𝐜𝐡 𝟐𝟓 𝐨𝐤𝐭𝐨̀𝐛 𝟐𝟎𝟐𝟔.-Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivi...
25/10/2026

𝐏𝐰𝐨𝐭𝐞𝐤𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐒𝐢𝐯𝐢𝐥 𝐦𝐞𝐭𝐞 (𝟓) 𝐬𝐞𝐧𝐤 𝐝𝐞𝐩𝐚𝐭𝐦𝐚𝐧 𝐩𝐞𝐲𝐢 𝐚 𝐚𝐧𝐛𝐚 𝐚𝐥𝐞̀𝐭 𝐨𝐫𝐚𝐧𝐣

𝐃𝐢𝐦𝐚𝐧𝐜𝐡 𝟐𝟓 𝐨𝐤𝐭𝐨̀𝐛 𝟐𝟎𝟐𝟔.-Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil ansanm ak Sekretarya Pèmanan k ap Jere Risk Dezas yo mete depatman Lwès, Grandans, Nip, Sid ak Sidès anba alèt oranj epi depatman Nòdwès ak Latibonit anba alèt jòn akoz sant bas presyon yo toujou pwovoke lapli ak gwo van sou Lanmè Karayib la.

Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil ansanm ak Sekretarya Pèmanan k ap Jere Risk Dezas yo anonse alèt oranj poutèt gwo risk inondasyon, glisman teren, eboulman ak move lanmè nan depatman ki konsène yo. Anpil lapli deja tonbe sou plizyè komin.

Pou rezon sa yo, Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil mande popilasyon an, sitou moun k ap viv nan zòn malè pandye yo, pou respekte konsiy sekirite yo :

• Toujou swiv bilten meteyo, konsiy otorite yo ak pwoteksyon sivil. Pa koute rimè ;

• Si ou abite bò ravin, bò kote dlo konn desann oubyen bò lanmè, pran dispozisyon pou w deplase ale nan abri pwovizwa oubyen nan yon lòt kay nan yon zòn ki p ap inonde fasil;

• ⁠Si w rete nan yon zòn ki kapab gen deboulonnay tè oswa glismann teren, chèche yon kote ki lwen danje a epi tou ale fanmi w la pou sizoka;

• Mete an sekirite tout sa van ka bwote e ki deyò kay la: poubèl, zouti, afich, lanp dekorasyon, anpoul, elatriye;

• Si sa nesesè, pwoteje bato ak kannòt yo. Bwote yo epi mare yo lwen rivaj la;

• Voye je sou granmoun ki fèb, moun ki andikape ak timoun yo. Toujou fè solidarite ak yo.

-𝐅𝐈𝐍𝐈𝐒𝐌𝐀𝐍-

25/10/2026

Depatman 𝐆𝐫𝐚𝐧𝐝𝐚𝐧𝐬, 𝐒𝐢𝐝, 𝐒𝐢𝐝𝐞̀𝐬 𝐚𝐤 𝐍𝐢𝐩 anba menas lapli 🌧️ ak kout loray ⚡.

Toujou rete veyatif epi kontinye suiv konsiy sekirite yo:

- 🚫 Pa soti san bezwen nan moman lapli ap tonbe;

- ⚠️ Evite ale nan zòn ki abitye inonde;

- 📡 Kontinye suiv bilten meteyowolojik ofisyèl yo.

𝐍𝐨𝐮 𝐧𝐚𝐧 𝐬𝐞𝐳𝐨𝐧 𝐒𝐢𝐤𝐥𝐨̀𝐧, 𝒂𝒏 𝒏 𝒌𝒐𝒏𝒕𝒊𝒏𝒚𝒆 #𝒓𝒆𝒕𝒆𝒗𝒆𝒚𝒂𝒕𝒊𝒇!

𝐒: @𝐮𝐡𝐦𝐡𝐚𝐢𝐭𝐢

🟡 𝐀𝐥𝐞𝐫𝐭𝐞 𝐣𝐚𝐮𝐧𝐞 : 𝐥𝐚 𝐏𝐫𝐨𝐭𝐞𝐜𝐭𝐢𝐨𝐧 𝐜𝐢𝐯𝐢𝐥𝐞 𝐫𝐞𝐧𝐟𝐨𝐫𝐜𝐞 𝐥𝐚 𝐬𝐞𝐧𝐬𝐢𝐛𝐢𝐥𝐢𝐬𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧 𝐝𝐞 𝐩𝐫𝐨𝐱𝐢𝐦𝐢𝐭𝐞́ !À la suite de l’alerte jaune décrétée c...
25/10/2026

🟡 𝐀𝐥𝐞𝐫𝐭𝐞 𝐣𝐚𝐮𝐧𝐞 : 𝐥𝐚 𝐏𝐫𝐨𝐭𝐞𝐜𝐭𝐢𝐨𝐧 𝐜𝐢𝐯𝐢𝐥𝐞 𝐫𝐞𝐧𝐟𝐨𝐫𝐜𝐞 𝐥𝐚 𝐬𝐞𝐧𝐬𝐢𝐛𝐢𝐥𝐢𝐬𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧 𝐝𝐞 𝐩𝐫𝐨𝐱𝐢𝐦𝐢𝐭𝐞́ !

À la suite de l’alerte jaune décrétée ce week-end pour fortes pluies et risques orageux, des brigadiers volontaires de la Pwoteksyon Sivil réalisent des activités de sensibilisation de proximité, notamment du porte-à-porte, dans les communes vulnérables du Grand Sud.

Objectif : informer les communautés sur les risques d’inondation, rappeler les consignes de prévention et encourager les bons réflexes pour mieux se protéger.

Restez vigilants et suivez les consignes des autorités !

S: IOM Haiti

24/10/2026
14/10/2026
📸 𝑱𝑰𝑹𝑹𝑪 2026 | 𝑹𝒆𝒕𝒐𝒖𝒓 𝒆𝒏 𝒊𝒎𝒂𝒈𝒆𝒔𝑬𝒕 𝒔𝒊 𝒍𝒂 𝒑𝒓𝒆́𝒑𝒂𝒓𝒂𝒕𝒊𝒐𝒏 𝒂𝒖𝒙 𝒖𝒓𝒈𝒆𝒏𝒄𝒆𝒔 𝒄𝒐𝒎𝒎𝒆𝒏𝒄̧𝒂𝒊𝒕 𝒄𝒉𝒆𝒛 𝒏𝒐𝒖𝒔, 𝒂𝒖 𝒔𝒆𝒊𝒏 𝒅𝒆 𝒏𝒐𝒔 𝒇𝒂𝒎𝒊𝒍𝒍𝒆𝒔 ? Ce 13...
13/10/2026

📸 𝑱𝑰𝑹𝑹𝑪 2026 | 𝑹𝒆𝒕𝒐𝒖𝒓 𝒆𝒏 𝒊𝒎𝒂𝒈𝒆𝒔

𝑬𝒕 𝒔𝒊 𝒍𝒂 𝒑𝒓𝒆́𝒑𝒂𝒓𝒂𝒕𝒊𝒐𝒏 𝒂𝒖𝒙 𝒖𝒓𝒈𝒆𝒏𝒄𝒆𝒔 𝒄𝒐𝒎𝒎𝒆𝒏𝒄̧𝒂𝒊𝒕 𝒄𝒉𝒆𝒛 𝒏𝒐𝒖𝒔, 𝒂𝒖 𝒔𝒆𝒊𝒏 𝒅𝒆 𝒏𝒐𝒔 𝒇𝒂𝒎𝒊𝒍𝒍𝒆𝒔 ?

Ce 13 octobre, la Direction générale de la Protection civile (DGPC) a organisé, dans ses locaux, une conférence-débat autour du thème « La résilience commence à la maison ».

Près d’une centaine d’élèves de deux lycées de la capitale, des membres du Système national de gestion des risques de désastre (SNGRD), des cadres de la Protection civile et des représentants des médias se sont réunis pour réfléchir aux moyens de réduire la vulnérabilité d’Haïti et de renforcer la résilience face aux aléas climatiques.

À travers la présentation thématique de M. Paul Judex Édouarzin, représentant adjoint et responsable du programme pays du Programme des Nations Unies pour l’environnement (PNUE), et les échanges avec les participants, un message essentiel s’est dégagé : 𝐥𝐚 𝐩𝐫𝐞́𝐩𝐚𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧 𝐜𝐨𝐦𝐦𝐞𝐧𝐜𝐞 𝐛𝐢𝐞𝐧 𝐚𝐯𝐚𝐧𝐭 𝐥’𝐮𝐫𝐠𝐞𝐧𝐜𝐞 !

Connaître les risques autour de son habitation, préparer un plan d’urgence familial, identifier les itinéraires d’évacuation, prévoir les articles essentiels et convenir des gestes à adopter en famille sont autant d’actions qui peuvent sauver des vies.

𝑃𝑎𝑟𝑐𝑒 𝑞𝑢’𝑢𝑛𝑒 𝑓𝑎𝑚𝑖𝑙𝑙𝑒 𝑝𝑟𝑒́𝑝𝑎𝑟𝑒́𝑒 𝑒𝑠𝑡 𝑚𝑖𝑒𝑢𝑥 𝑜𝑢𝑡𝑖𝑙𝑙𝑒́𝑒 𝑝𝑜𝑢𝑟 𝑓𝑎𝑖𝑟𝑒 𝑓𝑎𝑐𝑒 𝑎𝑢𝑥 𝑢𝑟𝑔𝑒𝑛𝑐𝑒𝑠, 𝑐ℎ𝑎𝑞𝑢𝑒 𝑓𝑜𝑦𝑒𝑟 𝑎 𝑢𝑛 𝑟𝑜̂𝑙𝑒 𝑎̀ 𝑗𝑜𝑢𝑒𝑟. 𝐸𝑡 𝑙𝑜𝑟𝑠𝑞𝑢𝑒 𝑙𝑒𝑠 𝑓𝑎𝑚𝑖𝑙𝑙𝑒𝑠 𝑠𝑒 𝑝𝑟𝑒́𝑝𝑎𝑟𝑒𝑛𝑡, 𝑞𝑢𝑒 𝑙𝑒𝑠 𝑐𝑜𝑚𝑚𝑢𝑛𝑎𝑢𝑡𝑒́𝑠 𝑠’𝑜𝑟𝑔𝑎𝑛𝑖𝑠𝑒𝑛𝑡 𝑒𝑡 𝑞𝑢𝑒 𝑙𝑒𝑠 𝑖𝑛𝑠𝑡𝑖𝑡𝑢𝑡𝑖𝑜𝑛𝑠 𝑐𝑜𝑜𝑟𝑑𝑜𝑛𝑛𝑒𝑛𝑡 𝑙𝑒𝑢𝑟𝑠 𝑎𝑐𝑡𝑖𝑜𝑛𝑠, 𝑐’𝑒𝑠𝑡 𝑡𝑜𝑢𝑡𝑒 𝑙𝑎 𝑠𝑜𝑐𝑖𝑒́𝑡𝑒́ 𝑞𝑢𝑖 𝑑𝑒𝑣𝑖𝑒𝑛𝑡 𝑝𝑙𝑢𝑠 𝑟𝑒́𝑠𝑖𝑙𝑖𝑒𝑛𝑡𝑒.

La résilience commence à la maison. Et vous, votre famille est-elle prête ?

Adresse

Angle Clercine 18 Et Boulevard Toussaint Louverture
Tabarre
HT6120

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Pwoteksyon Sivil se nou tout publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'organisation

Envoyer un message à Pwoteksyon Sivil se nou tout:

Raccourcis

Partager