Mairie des Gonaïves

Mairie des Gonaïves

Share

"Fluctuat nec mergitur". Quoique battue par les flots, Gonaïves ne sombrera jamais.

06/03/2026

Nòt enfòmasyon

Administrasyon kominal la kòmanse yon kanpay sansibilizasyon ak liberasyon kèk espas piblik, espesyalman nan zòn Plas Dam lan, Memoryal la ansanm ak kèk lòt espas kote aktivite komèsyal yo te deja entèdi, byen bonè maten mèkredi 3 Jen an.

Mezi sa a antre nan kad jefò nouvo Konsèy Minisipal la ap fè pou amelyore sikilasyon, pwòpte ak òganizasyon vil la, pandan l ap pwoteje espas piblik, sit istorik ak devanti batiman piblik yo kont dezòd ak okipasyon ilegal moun kap vann pwodwi tout kalite.

Nouvo administrasyon kominal la mande kolaborasyon ak konpreyansyon machann yo pou evite pwoblèm nan aplikasyon mezi sa yo kap kontinye sou plizyè jou, ki vize mete plis lòd ak disiplin nan espas piblik yo pou byenèt tout moun.

Meri Gonayiv la raple li rete ouvè ak dyalòg epi li dispoze kontinye travay ansanm ak tout sektè yo pou jwenn pi bon solisyon nan enterè vil la ak tout sitwayen yo.

Direksyon Kominikasyon Meri Gonayiv

05/31/2026

Sajès, lanmou, respè ak konsiderasyon, se te rezime ti rankont Majistra Gina JEANTY te fè ak divès Manman nan Meri a maten dimanch 31 Me 2026 la, nan okazyon fèt Manman yo !

Photos from Mairie des Gonaïves's post 05/31/2026

Nan okazyon fèt Manman yo, maten dimanch 31 me 2026 la, Prezidant Konsèy Minisipal la, Majistra Gina Jeanty, te resevwa anviwon yon ventèn manman, sitou sila yo ki ap travay nan sèvis vwari ak mentnans Meri a, pou yon moman espesyal ki te chaje konsiderasyon.

Pandan rankont sa a, Majistra a te pwofite felisite manman yo pou kouraj, sakrifis ak efò y ap fè chak jou kòm fanm e kòm manman pou soutni fanmi yo epi kontribye nan bon fonksyònman vil la. Li te ankouraje yo kontinye kenbe flanbo lavi a byen wo malgre divès difikilte yo konn ap fè fas.

Apre mesaj ankourajman yo ki te fèt nan yon anbyans chalere ak anpil souri, Majistra Gina Jeanty te remèt chak manman yon ti flè ansanm ak yon kit espesyal ki te gen plizyè atik kòm siy apresyasyon ak rekonesans pou travay epi devouman yo.

Manman yo pa t kache satisfaksyon yo devan jès lanmou, respè ak konsiderasyon sa a. Yo fè konnen inisyativ sa a ranfòse motivasyon ak angajman yo pou kontinye kolabore ak administrasyon kominal la nan lide pou ede l reyalize objektif li fikse pou devlopman epi rebay Site lendepandans lan vizaj li merite a.

Direksyon Kominikasyon Meri Gonayiv !

05/31/2026

En cette journée spéciale dédiée aux mamans, la Mairie des Gonaïves rend hommage à toutes ces femmes courageuses, aimantes et résilientes qui illuminent nos familles et notre communauté chaque jour.

Merci pour votre force, votre tendresse et tous les sacrifices consentis avec amour.

Que cette fête des Mères soit remplie de paix, de bonheur et de moments précieux auprès de ceux que vous aimez.

Bonne fête à toutes les mamans des Gonaïves et d’ailleurs !

Photos from Mairie des Gonaïves's post 05/30/2026

Nan kad egzekisyon plan aksyon 100 jou nouvo administrasyon kominal la sou pwòpte ak amelyorasyon sikilasyon nan Site Endepandans lan, Konsèy Minisipal la lanse, samdi 30 me 2026 sa, yon gwo operasyon netwayaj nan plizyè zòn estratejik nan vil la.

Operasyon ranmasaj fatra a te kòmanse devan Memoryal la, pase devan Lekòl Kay Frè a ak Plas Pétion, pou rive sou Wout Dat, tou pre Kolèj Fernand Hibbert.

Pou reyalizasyon premye jounen aktivite sa a, Meri a te mete tèt ansanm ak TPTC nan lide pou ranfòse efò netwayaj ak asenisman nan vil la gras ak Kamyon epi pèl mekanik. Kanpay sa a ap kontinye ak divès lòt mezi k ap akonpaye li, tankou enstalasyon poubèl nan kèk pwen estratejik, san konte lòt inisyativ ki deja nan faz elaborasyon.

Administrasyon kominal la ap fè popilasyon an konnen tout moun yo kenbe ap jete fatra nan espas ki deja netwaye yo ap sibi mezi legal ki prevwa pou sa, tankou arestasyon ak amand selon dispozisyon otorite yo.

Meri Gonayiv la raple pwòpte vil la se responsablite tout moun, e se sèlman ansanm nap kapab bay Site Endepandans lan vizaj li merite a.

Direksyon Kominikasyon Meri Gonayiv

Photos from Mairie des Gonaïves's post 05/29/2026

Face à la presse, la nouvelle administration communale présente ses premiers chantiers

Ce vendredi 29 mai 2026, la mairesse principale, Mme Gina JEANTY, a animé sa première conférence de presse en présence de plusieurs journalistes et correspondants de presse dans la ville.

Cette conférence a été l’occasion pour la nouvelle administration communale de faire le point sur les premières actions engagées depuis son installation et de présenter ses principales priorités pour les semaines à venir.

Au cours de cette conférence, la mairesse a évoqué la visite d’évaluation réalisée sur le terrain avec le directeur technique de l'institution l'Ing Frantz BERNIER, dans le cadre des travaux de prolongement des canaux d’évacuation d’eau jusqu’à la mer, un projet réalisé avec l’appui de l’OIM où plusieurs ouvriers sont déjà mobilisés sur le chantier avant l’intervention des équipements lourds. Cette démarche visait à évaluer l’état d’avancement des travaux et à renforcer leur efficacité.

L’administration communale a également procédé à une évaluation de l’état des équipements techniques de la Mairie ainsi que du site de décharge de la ville, afin d’améliorer la logistique municipale et les opérations d’assainissement, considérées comme des priorités urgentes.

Mme Gina JEANTY a aussi informé la population qu’une série de rencontres stratégiques a déjà eu lieu avec plusieurs acteurs du secteur privé et de la société civile dans le but de construire une ville plus propre, plus sûre et plus dynamique. Elle a précisé que d’autres secteurs seront également invités à participer à ces échanges afin de favoriser des initiatives communes au bénéfice de la région.

Parmi les nouvelles initiatives annoncées figure le programme « Ann Chita ak La Mairie », une démarche de dialogue permanent avec la population visant à promouvoir une gouvernance de proximité.

Dans le souci d’accélérer les résultats en matière de gestion des déchets, les matériels disponibles au garage municipal ont été réévalués et l’administration travaille déjà sur plusieurs solutions face aux difficultés constatées.

Par ailleurs, des dispositions sont en cours afin d’améliorer la rapidité et l’efficacité du traitement administratif au sein de l’institution.

La nouvelle équipe municipale a également participé à des réunions stratégiques organisées au Centre d’Opérations d’Urgence Départemental (COUD), aux côtés de plusieurs institutions concernées, afin d’élaborer un véritable plan de réponse avant le début de la saison cyclonique.

La nouvelle administration communale travaille déjà à pourvoir certains postes encore vacants afin de renforcer les capacités de fonctionnement de la Mairie.

Enfin, la mairesse principale a présenté les grandes lignes d’un plan d’action de 100 jours centré sur deux axes majeurs : la propreté de la ville et l’amélioration de la circulation urbaine.

La nouvelle équipe municipale réaffirme ainsi sa volonté de travailler dans l’action, la transparence et la collaboration avec tous les secteurs.

Ensemble, relevons le défi de faire rayonner la Cité de l’Indépendance !

Direction de communication de la Mairie des Gonaïves

Photos from Mairie des Gonaïves's post 05/28/2026

Enfo Meri / 28 Me 2026

Nan sousi pou amelyore kapasite entèvansyon ak fonksyònman administrasyon komin nan, Majistra prensipal la, Madanm Gina Jeanty, ansanm ak Majistra annapre a Madanm Géralda Faustin te delege twazyèm manm komisyon kominal la, Mesye Marc Emmanuel Berthaud ki te fèl akonpaye ak responsab lojistik Meri a, pou te reyalize yon vizit evalyasyon nan garaj ki abrite veyikil sèvis enstitisyon an.

Vizit sa a pèmèt nouvo administrasyon kominal la evalye eta plizyè machin sèvis Meri a, konstate difikilte ki genyen nan fonksyònman kèk ladan yo epi gade divès posibilite reparasyon pou remete yo an fonksyon sa ki pral amelyore efikasite sèvis yo.

Nouvo komisyon kominal la angaje l pou mete plis disiplin, pi bon jesyon ak plis efikasite nan fason meri an ap administre, pandan l ap travay sou plizyè dosye priyoritè tankou pwòpte vil la, antretyen lari ak kanal yo, amelyorasyon espas piblik yo ansanm ak ranfòsman kapasite sèvis administratif yo.

Nouvo administrasyon kominal la kontinye lanse yon apèl ak tout sektè pou akonpaye efò k ap fèt pou ede vil la jwenn vizaj nou tout swete a.

Direksyon Kominikasyon Meri Gonayiv!

Photos from Mairie des Gonaïves's post 05/27/2026

Première rencontre de travail entre la nouvelle commission communale et les cadres de la Mairie

La nouvelle commission communale a tenu, ce mercredi 27 mai 2026, une première rencontre de travail avec plusieurs cadres, chefs de services ainsi que d’autres éléments clés de l’administration communale.

Cette réunion a porté sur l’évaluation du personnel, la situation des différents services et directions stratégiques de la Mairie, dans l’objectif d’améliorer les performances administratives et de définir de nouvelles perspectives conformes à la vision de la nouvelle administration municipale.

À travers ces premières initiatives, la nouvelle administration communale renouvelle son appel à la collaboration de tous et informe la population qu’elle est déjà à pied d’œuvre pour contribuer au rehaussement de la Cité de l’Indépendance.

Direction de communication de la Mairie

Photos from Mairie des Gonaïves's post 05/27/2026

La nouvelle commission communale déjà sur le terrain !

Fraîchement installée, la nouvelle commission communale de la Ville est déjà à l’œuvre.

Dans la matinée de ce mercredi 27 mai 2026, les trois membres de la Commission – Mme Gina Jeanty, Géralda Faustin et Marc Emmanuel Berthaud –, accompagnés du Directeur technique et de planification de la Mairie, l’Ing. Frantz Bernier, ont effectué une visite d’évaluation à Ruelle Orilio près de K-soleil.

L'objectif était de constater l’état d’avancement des travaux de nettoyage et de débouchage des canaux, réalisés par la Mairie grâce au soutien de l’Organisation Internationale pour les Migrations (OIM).

Cette visite s’inscrit dans la volonté de la nouvelle administration communale de suivre de près les interventions sur le terrain et d’assurer la continuité des projets déjà initiés. À rappeler que ces actions visent à améliorer le drainage des eaux, à réduire les risques d’inondations lors des pluies torrentielles, et à renforcer la préparation à l’approche de la saison cyclonique.

La nouvelle administration communale salue les efforts consentis par l’OIM pour l’implémentation de ce projet, qui contribue également à renforcer la résilience communautaire. Elle se dit prête à collaborer avec toutes les structures et organismes désireux d’apporter leur contribution au développement de la commune.

Direction de communication de la Mairie !

05/26/2026

Meri Gonayiv la renouvle angajman li pou travay pou yon anviwònman ki pi pwòp ak pi an sekirite. Nou pral travay sou antretyen lari yo ak netwayaj kanal yo an kolaborasyon ak patnè konsène yo pou diminye tout risk inondasyon.

Yon vil pwòp mande kolaborasyon tout moun. Se poutèt sa nou mande popilasyon an respekte konsiy sanitè yo, pandan y ap evite jete fatra nan lari ak nan kanal yo epi toujou akonpaye efò katèl la nan pwoteksyon anviwònman an.

Nou dwe bay plis enpòtans tou ak lavi sosyal, espòtif ak kiltirèl vil la. Nou pral bay plis valè ak plas piblik nou yo pou yo kapab tounen espas rankont, lwazi ak devlopman kominotè.

Ekstrè nan diskou Majistra annapre, Marc Emmanuel Berthaud !

Want your business to be the top-listed Government Service in Miami?

Click here to claim your Sponsored Listing.

Location

Category

Website

Address


Angle Des Rues Clerv & Fabre G, Gonaïves-Haïti
Miami, FL

Opening Hours

Monday 9am - 4pm
Tuesday 9am - 4pm
Wednesday 9am - 4pm
Thursday 9am - 4pm
Friday 9am - 4pm
Saturday 9am - 1pm