Renaissance Haiti

Renaissance Haiti

Share

Cette page fait la promotion d'idees nouvelles et du programme socioeconomique et politique du Mouvem

02/06/2026

https://hrenaissance02.blogspot.com/2026/02/draft-de-la-proposition-daccord.html
Salut,
C'est le draft d'une proposition d'accord politique qui priorise la mise en place des infrastructures pour reorienter l'economie du pays d'abord avant de penser a resoudre la crise electorale en Haiti. A lire et a laisser un commentaire favorable ou pas sur le blog. Ce qui nous permettra de les recuperer plus facilement. Merci de le partager ✌️

TikTok · Jhonny Estor 02/06/2026

https://www.tiktok.com/t/ZThfmKeqT
Premye entèvansyon nou sou seri nap fè otou dat 7 fevriye kap vini an. Pwoblem rejim politik la demokratik/diktatoryal se pa sak pi enpotan, men se reoganizasyon sistem sosyo ekonomik la ki primodyal e ki ka pemet gen yon vi politik estab e pezib.

TikTok · Jhonny Estor Check out Jhonny Estor’s video.

AYITI, HISPANIOLA, SAINT-DOMINGUE A HAITI, HISTOIRE DE LA CREATION DE LA PREMIERE REPUBLIQUE NOIRE, LIBRE ET INDÉPENDANTE DU MONDE 02/06/2026

https://hrenaissance02.blogspot.com/2026/02/ayiti-hispaniola-saint-domingue-haiti.html

Article préparé pour Schiller Institute, et sera publier au niveau international en anglais. Devra faire sujet de debat dans les hautes spheres intellectuelles et universitaires.
A lire et à critiquer dans le respect autrui.

AYITI, HISPANIOLA, SAINT-DOMINGUE A HAITI, HISTOIRE DE LA CREATION DE LA PREMIERE REPUBLIQUE NOIRE, LIBRE ET INDÉPENDANTE DU MONDE L’île d’Ayiti, du nom que les Taïnos (Indiens autochtones) qui y vivaient l’avait donné, a été découverte par Christophe Colomb dans la nu...

Mosaique~Tv 10/28/2024

ELECTIONS PRESIDENTIELLES AMERICAINES..

Mosaique~Tv News

04/20/2023

Se pa lespri eksklizyon si nou vle komanse pa dyaspora a, se pa estrateji. Nou patizan eksklizyon nou menm sou kelke swa fom lan

02/02/2022

L'emblème du mouvement Renaissance-Haïti.
Il faut bien connaître l'histoire sociale et politique de la société haïtienne pour avoir une idée de la profondeur de ce symbole.

01/23/2022

KONPREANSYON NAN RENESANS SOU KRIZ REPREZANTATIVITE AKTÈ POLITIK AK SOSYAL YO NAN PEYI A.

Bonjou pou Nou tout ki sou gwoup Renesans la
Mwen swete Nou yon bon dimanch
Sanble reyinyon ke Canada te fè pandan semèn 15 a 22 janvye 2022 a tou kraze tout efò konpatriyot ki nan akò Montana yo tap fè pou te bay yon lòt gouvènman pou ranplase Ariel Henri 7 fevrier kap vini an.
Paske youn nan gwo diplomat ameriken yo deklare nan lokazyon an, ke pa gen Yon dispozisyon legal ki lye Ariel AK manda Jovenel la. Donk yap kontinye sipòte'l aprè dat sa.
Kounya nou pwal petèt asiste ke yo kab eli yon moun nan pwosesis ki nan kad akò Montana a, e lè yo fin fè l, yo pa gen okenn mwayen pou fè moun sa monte sou pouvwa a, menm jan sa te fèt pou mèt Gourgue e Mécène Jean-Louis.
Men sam vin konprann ki ka Youn nan koz pèt kontwol direksyon politik peyi a pa elit yo, tout reyini ansanm, sa vle di lidè politik e pati politik yo, sektè asosiativ e oganizasyonel yo, entelektyel, etc. Se paske yo pa gen okenn koneksyon reyel ak Moun sa yo ke yo sanse reprezante yo.
Depi kèk tan vin gen yon pratik ki rann moun ki lidè nan asosiasyon yo, ou nan pati politik yo, se lè yo chwazi estrateji pou okipe espas medyatik yo, radio AK television yo selman pou pale an pansan ke sa sifi pou yo vin lidè ou reprezante Yon seri Moun nan popilasyon an vre.
Ki vin fè Nou wè ke medya yo vin jwe yon gwo wòl nan kreye lidè. Radio kreye e kraze lidè politik, yo vin oksijèn de politisyen ki tonbe nan koma déjà, yo kenbe anpil nan yo sou respirasyon atifisyèl, de lidè ki te sipoze kadav politik lontan deja.
E vin pa gen moun ki vle desann nan popilasyon an ankò. Ou ka petèt jwenn kèk nèg ki gen yon ti baz militan, men an fèt se Yon kliantel li Genyen. De malere ki nan grangou, ou nan difikilte ke yo konn lage kèk mil goud nan men yo kèk fwa. Pa rekonesans moun sa yo ka Pran lari a e fè kèk deklarasyon, ou kèk mouvman nan lari a an favè pretandi lidè politik sa yo, pa gen anyen ankò apre sa.
Sa vin fè ke vi ou aktivite politik la nan peyi a depi kèk tan redwi ak Al pale nan kek show medyatik : Ranmase, intèseksyon, invité du jour yo, pale pou'n vanse, dim ma Diw, intérêt public, etc. E chache jwenn ti kòb pou awoze kèk baz. men pou jwenn kòb sa Fòk swa ou te pase nan pouvwa e detounen yon kantite lajan, oubyen ou nan dwog, ou lye AK sektè pègr la ki pa gen okenn enterè nan zafè Leta dedwa, kote la lwa AK Lajistis AP reye. Paske lojik sektè sa yo an kontradiksyon fondamantalman AK tout sak rele justis, Leta dedwa, lapolis ki korek e ki ap fè travay yo kòm sadwa.
Donk lè moun kap fè politik, ou ki swa kab reprezante de sektè nan lavi sosyal AK ekonomik la pa reprezante pèson yo pretand yo, ebyen se peyi a Nou pèdi kontwol li tou. Epi se letranje, lenmi tout sa ki bon, korek yo ki gen kontwol reyel lavni politik peyi a.
Se sak fè jodi a, se depatman Deta, ak la mafia ki gen kontwol peyi a.
Devan konsta sa nou vin gen plis konfyans nan travay ke kèk zanmi nan Renesans nan Sud-est, nan Kanapevè, nan Latibonit ap fè pou ede'n pataje video pwogram Renesans la bay popilasyon an nan kominote yo.
Travay sa selon Mwen se vrè sa ki ta dwe fèt la nan moman an. Ki se al chache retabli relasyon AK mas pèp la. E wè kòman yo ka apresye e konprann pwopozisyon Nou pote ba yo a. Si yo adoptel Yon fason majoritè, ebyen ap gen posiblite AK yo pou'n rekipere kontwol peyi a, ke fasilite medya, radio e television te vin bay e ki fè ke lidè nou yo bliye wout pou Al jwenn kominote yo e pou marinen kesyon politik la AK enterè reyel mas pèp la.
Vin ede nou pataje video pwogram Renesans la AK gwoup zanmi w yo, siw an pwovens mete sou pye yon selil, rantre an kontak AK Nou pou'n edew jwenn pwojektè e realize kèk pwojeksyon nan kominote w la, diskite sou lide ki nan video a pouw konprann li pi byen e ede yon lòt kominote ki pwoch paw la fè menm jan an, e ainsi de suite nap rive patou AK pwogram sa nan peyi a. E sa va ede Nou kreye yo gwo linite nan popilasyon an dèyè yon menm vizyon pou relèv peyi a, pou'n edel sòti nan katyouboumbe kotel twouvel la.
La Renaissance d'Haïti est possible ensemble!
Jhonny Estor
CG Renaissance Haïti

01/19/2022

Fasilite Nou pwojeksyon video program Renesans la nan Zòn paw la.

www.renaissancehaiti.com - PRESENTATION 01/06/2022

VIN POTE KOLE AK NOU NAN KONPLO 2022 A POU RETIRE PEYI D'AYITI NAN LAWONT LI TWOUVEL LA

Bonsoir a toutes et a tous,

Il y a un véritable complot qui a débuté pendant les dernières semaines du mois de décembre, particulièrement dans le département du sud-est autour de la vidéo de présentation de la vision, ou du programme du Mouvement Renaissance Haïti.

Zanmi nou yo AP mache komin an komin fè jèn, pwodiktè agrikol, etidyan, espotif gade video a, e mande yo sa ki fwape lespri yo plis? Sa yo panse de li? Si yo gen kesyon yo ba yo ekplikasyon. Epi saw tande a fyev pran moun yo. Manm Renesans nou yo sou teren an kounya pa gen dèyè pou chita a fòs yo solisite yo chak jou pou fè reyinyon sou sa yo ka fè pou fèl vin yon réalité.

Men sa AP posib selman si Nou rive konstwi Yon GWO linite dèyè Vizyon an nan popilasyon an.

Pou sa ka rive fèt se nan Yon men anpil chay pa lou selman lap posib.

Vin ede nou pataje video sa Nan Gwoup zanmi ou yo, Di yo men yon Pwojè w twouve enteresan, gadel e Diw sal panse de li lel fin gadel.

E si nou ta renmen rive pi lwen AK gwoup kap pwomote pwogram Renesans la, ale sou sit li a kise www.renaissancehaiti.com
Pouw antre an kontak AK Nou.

Ann met men ansanm pou'n fè lane 2022 yon lòt listwa, yon lòt bagay pou peyi d'Ayiti.

Merci pour ta participation au complot!

https://fb.watch/ai_vjkOf2N/

Jhonny Estor
CG Renaissance-Haiti

www.renaissancehaiti.com - PRESENTATION www.renaissancehaiti.com - PRESENTATION

PLAIDOYER POUR UNE TRANSITION RENAISSANCE 12/15/2021

Men yon bon rezon pou'n mobilize tout jenès la e pou'n chanje avni peyi a.

PLAIDOYER POUR UNE TRANSITION RENAISSANCE Antouka modòd la zanmim yo, sou paj nou, nan kontak nou, nan rankont nou: Ann batay pou Yon tranzisyon RENESANS. Nou pwal devlope ofi am...

Want your business to be the top-listed Government Service in New York?

Click here to claim your Sponsored Listing.

Location

Telephone

Address

New York, NY