Lapolis pa gen pwoblèm mwayen, men pito yon pwoblèm estrateji… bandi yo pa teworis, se yon bann dwoge ki jwenn fyète nan fè mal… se pozisyon m sa
Coup d'oeil
Chaque vendredi 4:00 Pm sur Radio Tele Lafwa
Se yon bann “apatrid” kap dirije peyi a… se sa pwofesè Wesner Desir panse e li eksplike poukisa
Moun ki pral prezidan Ayiti a deja nan pòch Blan Meriken daprè pwofesè Jean Rony Monestime. Se pral yon “entènasyonalis”.
Chèchè a fè konnen tou ke kreyatè CPT a ap kraze li si li pa reyisi fè eleksyon.
Peyi a ap dekonstwi, valè yo prale. Malerezman sa a poko nan lis priyorite yo. Men se ti bouton sa a ki ka tounen gwo maleng anba je sosyete a…
Men kèk egzanp ki pwouve dekonstriksyon sa a:
Si ajisman premye minis Garry Conille etonew se paske ou pat konnen oubyen ou bliye aspè sa a: 👇🏼
Li endesan pou konseye/Prezidan yo ap touche tout lajan sa a sou fòm privilèj nan yon peyi kap viv kalite kriz sa a… sa a voye yon move siyal bay popilasyon an e ankouraje batay ki genyen la a konsènan KPT a
Pa ta sipoze gen deba sou sa a… 3 konseye endekse nan eskandal koripsyon yo te dwe tchoula kò yo lontan. Pouki rezon????
Clarens Renois pa kwè gouvènman an ap kapab reyalize tout objektif li fikse yo. Lidè pati “UNIR” lan mande dirijan yo pou priyorize sekirite ak eleksyon. Ansyen jounalis la bay pozisyonl tou sou dosye 3 konseye non yo site nan eskandal koripsyon an.
Kisa Dèt endepandans lan ye? Kouman Lafrans te pran lajan sa a nan men Ayiti? Poukisa Ayiti te dakò bay kòb sa a? Ann fè yon ti sou listwa ansanm….
Coup d’Oeil (Sept-27-2024)
Présentation: Luckner Garraud
Invité : Clarens Renois
Thème : Peut-on encore sauver la transition? Quelles actions?
______________________________________
Camera: Gary St Jean
Infographiste: Guy Herard St Vil
Realisation: Philippe Celestin
Production: RTL 2024
______________________________________
