Seksyon konsilè / Anbasad Ayiti nan Chili

Cómo llegar Página web Contactar con la organización

Seksyon konsilè / Anbasad Ayiti nan Chili Seksyon konsilè Anbasad Ayiti nan Chili Kesyon / Repons

K. 1- Nan ki orè Anbasad la travay?
R: Non, ou pa oblije vini bonè konsa. Mesaj yo anpil. R: Non, non.

R: Anbasad Ayiti nan Chili a ouvè a 9 è nan maten, li fèmen a 5 è nan aprè midi.

K. 2- Èske si m gen randevou a 3 zè aprè midi mwen ka vini depi a 10 zè nan maten?
Anbasad la ap evite gen pil moun kanpe devan baryè a. Anbasad la bezwen èd ou pou l ka vann yon lòt imaj nan Chili. Si w gen randevou a 3 zè, ou ka rive a 2 zè 45. Toujou rive 15 minit avan lè a.

K. 3- Pou kisa nou pa reponn telefòn yo?
R: Anbasad la resevwa plis pase 500 apèl nan yon jounen. Sa ka rive li rate 1/4 ladan yo.
Gen anpil moun ki rele Anbasad la san bezwen tou. Lè sa yo anpeche moun ki vrèman bezwen jwenn enfòmasyon. Tout sa pou di w se pa reponn Anbasad la pa reponn apèl men li konsyan li pap janm rive reponn tout moun ki rele.

K. 5- E nimewo Whatsapp la menm?
R: Nimewo Wathsaap la resevwa ni apèl, ni mesaj konnya. Men, anplwaye ki responsab li a pa travay 24/24. Malerezman gen kèk frè ak sè nou ki pa sispann ekri epi rele menm a 1 è, 2 zè, 3 zè nan maten. Gen moun ki ekri tou sèlman pou di bonjou.
Mesaj ki rive anvan yo, se yo ki jwenn repons avan. Men si w te ekri lendi epi mèkredi ou voye yon lòt mesaj, nimewo w la ap monte nan mèkredi, sa k ap koz moun ki te ekri lendi yo jwenn repons avan w.

K. 5- Pou kisa Anbasad la pa enprime paspò yo pi dri?
R: Se pa Anbasad la ki enprime paspò yo.

K. 6- Pou kisa se blan ki oblije enprime paspò Ayisyen yo?
R: Se pa blan ki enprime paspò yo. Se Anbasad Ayiti nan Washington ki enprime paspò pou Ayisyen k ap viv etranje yo.

K. 7- Ki jou mwen ka vi n fè yon manda?
R: https://www.facebook.com/500767340259348/posts/1639031049766299/?d=n

K. 8- Èske premye wòl Anbasad la se pa bay paspò ak Kazye jidisyè?
R: Wòl prensipal Anbasad la diplomatik, sa ki vle di li reprezante gouvènman - Chef Leta yon peyi devan otorite peyi li etabli a.
Nan konvansyon de Vyèn sou relasyon diplomatik, 18 avril 1961 an, atik 3 byen defini fonksyon misyon diplomatik.https://legal.un.org/ilc/texts/instruments/french/conventions/9_1_1961.pdf


https://fr.wikipedia.org/wiki/ Mission_diplomatique

https://fr.wikipedia.org/wiki/Ambassadeur


K. 9- Èske m bezwen randevou pou m vi n fè anprent?
R: Non, ou pa bezwen randevou. Vini bonè sèlman.

K. 10- ki pyès mwen bezwen pou anprent lan?
R: https://www.facebook.com/500767340259348/posts/1536422843360454/?d=n

K. 11- Èske se vre fòmilè Paspò yo pran tan pou rive Washington?
Lè Anbasad la resevwa demand fòmilè paspò, li voye yo ale Washington chak 2 semèn.

K. 12- Èske se nan Anbasad la dokiman tankou paskò ak kazye jidisyè yo fèt?
R: Non.
- Paspò yo fèt nan Anbasad Ayiti nan Washington
- Kazye Jidisyè yo fèt nan DCPJ

K. 13.- Pou kisa Paspò yo pran tout tan sa?
R: Gouvèman Ayisyen an ap fè anpil dilijans pou l redwi tan atant lan pou tout dokiman yo ka livre pi vit posib. Gen gwo dispozisyon k ap pran nan enterè ayisyen k ap viv a letranje yo.

K. 14- Èske li enpòtan pou Anbasadè a rankontre otorite Chilyen yo?
R: wi li enpòtan. Yonn nan wòl prensipal Anbasadè a se reprezantan gouvènman peyi l, defann enterè peyi l ak enterè resòtisan l yo, swanye / ranfòse relasyon peyi l reprezante a ak peyi ki akredite l la, fè pwomosyon peyi l sou plan économique, kiltirèl, syantifik, plis ankò. Si Anbasadè a ret chita, li pa p ka regle anyen ditou.

Responsablite yon Anbasad pa ka redwi nan fè dokiman sèlman. Men, lè andan Anbasad la gen yon seksyon konsilè, li responsab administrasyon piblik la.
Lè sa Anbasadè a jere relasyon Eta ak Leta men tou relasyon ak konpatriyòt li yo.

Nan ka pa nou, Anbasadè a ap fè tout efò l pou Ayisyen k ap viv Chili yo gen dokiman yo, men li enpòtan anpil pou l fè travay diplomatik yo tou.

K. 15- Pou kisa Anbasad la pa pibliye lis ankò?
R: Anbasad la pa pibliye lis paske l pa ko resevwa nouvo dokiman.

K. 16- Èske ap gen nouvo dokiman nan fen ane 2021 an?
R: Non, pap gen nouvo dokiman k ap rive nan fen ane sa. Enstitisyon ki konsène yo pran dispozisyon pou gen anpil dokiman ki kòmanse livre nan mwa janvye k ap rantre la. Nou pra L kontan.

K. 17- ki jan m ap fè konnen si paspò m rive?
R: https://embajadahaiti.cl/reservas/formularios/retiro-pasaporte/index.php
Rantre NIF ou sou lyen sa �.

Dirección

República 590, Estación Central.
Santiago

Horario de apertura

Lunes 09:00 - 17:00
Martes 09:00 - 17:00
Miércoles 09:00 - 17:00
Jueves 09:00 - 17:00
Viernes 09:00 - 17:00

Notificaciones

Sea el primero en enterarse: le enviaremos un correo electrónico cuando Seksyon konsilè / Anbasad Ayiti nan Chili publique novedades y promociones. Su dirección de correo electrónico no se utilizará para ningún otro fin y puede darse de baja en cualquier momento.

Contactar Con La Organización

Enviar un mensaje a Seksyon konsilè / Anbasad Ayiti nan Chili:

Atajos

Compartir