Casa
>
Chile >
Santiago >
Ambassade d'Haïti au Chili / Embajada de Haití en Chile
Ambassade d'Haïti au Chili / Embajada de Haití en Chile
Compartir
Bienvenue à la page officielle Facebook de l'Ambassade de la République d'Haïti au Chili. Byenvini sou paj ofisyèl Anbasad Repiblik Ayiti nan peyi Chili.
Bienvenido a la página oficial Facebook de la Embajada de la República de Haití en Chile. - Bienevenue à la page officielle Facebook de l'Ambassade d'Haïti au Chili.
- Bienvenido a la página oficial Facebook de la -Embajada de Haití en Chile. Byenvini sou paj ofisyél Anbasad Dayiti nan peyi Chili.
————————————
Kesyon / Repons
K. 1- Nan ki orè Anbasad la travay? R: Anbasad Ayiti nan Chili a ouvè
a 9 è nan maten, li fèmen a 5 è nan aprè midi. K. 2- Èske si m gen randevou a 3 zè aprè midi mwen ka vini depi a 10 zè nan maten? R: Non, ou pa oblije vini bonè konsa. Anbasad la ap evite gen pil moun kanpe devan baryè a. Anbasad la bezwen èd ou pou l ka vann yon lòt imaj nan Chili. Si w gen randevou a 3 zè, ou ka rive a 2 zè 45. Toujou rive 15 minit avan lè a. K. 3- Pou kisa nou pa reponn telefòn yo? R: Anbasad la resevwa plis pase 500 apèl nan yon jounen. Sa ka rive li rate 1/4 ladan yo. Gen anpil moun ki rele Anbasad la san bezwen tou. Lè sa yo anpeche moun ki vrèman bezwen jwenn enfòmasyon. Tout sa pou di w se pa reponn Anbasad la pa reponn apèl men li konsyan li pap janm rive reponn tout moun ki rele. K. 5- E nimewo Whatsapp la menm? R: Nimewo Wathsaap la resevwa ni apèl, ni mesaj konnya. Men, anplwaye ki responsab li a pa travay 24/24. Malerezman gen kèk frè ak sè nou ki pa sispann ekri epi rele menm a 1 è, 2 zè, 3 zè nan maten. Mesaj yo anpil. Gen moun ki ekri tou sèlman pou di bonjou. Mesaj ki rive anvan yo, se yo ki jwenn repons avan. Men si w te ekri lendi epi mèkredi ou voye yon lòt mesaj, nimewo w la ap monte nan mèkredi, sa k ap koz moun ki te ekri lendi yo jwenn repons avan w. K. 5- Pou kisa Anbasad la pa enprime paspò yo pi dri? R: Se pa Anbasad la ki enprime paspò yo. K. 6- Pou kisa se blan ki oblije enprime paspò Ayisyen yo? R: Se pa blan ki enprime paspò yo. Se Anbasad Ayiti nan Washington ki enprime paspò pou Ayisyen k ap viv etranje yo. K. 7- Ki jou mwen ka vi n fè yon manda? R: https://www.facebook.com/500767340259348/posts/1639031049766299/?d=n
K. 8- Èske premye wòl Anbasad la se pa bay paspò ak Kazye jidisyè? R: Wòl prensipal Anbasad la diplomatik, sa ki vle di li reprezante gouvènman - Chef Leta yon peyi devan otorite peyi li etabli a. Nan konvansyon de Vyèn sou relasyon diplomatik, 18 avril 1961 an, atik 3 byen defini fonksyon misyon diplomatik.https://legal.un.org/ilc/texts/instruments/french/conventions/9_1_1961.pdf
K. 11- Èske se vre fòmilè Paspò yo pran tan pou rive Washington? R: Non, non. Lè Anbasad la resevwa demand fòmilè paspò, li voye yo ale Washington chak 2 semèn. K. 12- Èske se nan Anbasad la dokiman tankou paskò ak kazye jidisyè yo fèt? R: Non.
- Paspò yo fèt nan Anbasad Ayiti nan Washington
- Kazye Jidisyè yo fèt nan DCPJ
K. 13.- Pou kisa Paspò yo pran tout tan sa? R: Gouvèman Ayisyen an ap fè anpil dilijans pou l redwi tan atant lan pou tout dokiman yo ka livre pi vit posib. Gen gwo dispozisyon k ap pran nan enterè ayisyen k ap viv a letranje yo. K. 14- Èske li enpòtan pou Anbasadè a rankontre otorite Chilyen yo? R: wi li enpòtan. Yonn nan wòl prensipal Anbasadè a se reprezantan gouvènman peyi l, defann enterè peyi l ak enterè resòtisan l yo, swanye / ranfòse relasyon peyi l reprezante a ak peyi ki akredite l la, fè pwomosyon peyi l sou plan économique, kiltirèl, syantifik, plis ankò. Si Anbasadè a ret chita, li pa p ka regle anyen ditou. Responsablite yon Anbasad pa ka redwi nan fè dokiman sèlman. Men, lè andan Anbasad la gen yon seksyon konsilè, li responsab administrasyon piblik la. Lè sa Anbasadè a jere relasyon Eta ak Leta men tou relasyon ak konpatriyòt li yo. Nan ka pa nou, Anbasadè a ap fè tout efò l pou Ayisyen k ap viv Chili yo gen dokiman yo, men li enpòtan anpil pou l fè travay diplomatik yo tou. K. 15- Pou kisa Anbasad la pa pibliye lis ankò? R: Anbasad la pa pibliye lis paske l pa ko resevwa nouvo dokiman. K. 16- Èske ap gen nouvo dokiman nan fen ane 2021 an? R: Non, pap gen nouvo dokiman k ap rive nan fen ane sa. Enstitisyon ki konsène yo pran dispozisyon pou gen anpil dokiman ki kòmanse livre nan mwa janvye k ap rantre la. Nou pra L kontan. K. 17- ki jan m ap fè konnen si paspò m rive? R: https://embajadahaiti.cl/reservas/formularios/retiro-pasaporte/index.php
Rantre NIF ou sou lyen sa �.