Panthéon Vodou Ayisien

Panthéon Vodou Ayisien

Partager

vodou an sé kilti nou, fok nou aprann konnen'l

Photos from Panthéon Vodou Ayisien's post 27/10/2022

ARTICLE-1 ORIGINE VODOU, KI KOTÉ VODOU SOTI ?

Avan nou komansé, M'ap mandé'W pou rajouté nan komantè yo tout sa Mwen ta bliyé di. Sa ap permèt ke mwen rajouté infomasyon sa nan publication an. MERCI
pa neglijé partajé publication sa tou, merci.

1/ KISA KI VODOU A ?
selon mwen, Vodou a se yon ensemble de konesans, on ensemble de savoir ke l'humain rassemblé depi premyé moun yo, jiska jodi a. mwen pensé ke vodou se tout konesans de l'humanité dan tout sa ki existé, se konesans nan agriculture, chasse, medecine, science, astrologie, technologie, histoire, langue, politique, architecture, l'art, la vie, la mort, la spiritualité, religion, folklore etc...

Pou mwen Vodou à pa reté ke nan yon stad de Maji/Wanga/spiritualité seulement. Vodou à se tout yon sistème de vie è de prinsip pou yon peuple ou yon moun ka bien developé.
par exemple:
Nan vodou W'ap jwenn konesans sou l'environement
plante ki gueri maladi, plante ki bay pwason, type de roche ki gen tel "vibrasyon", ki parti nan ko yon animal pou pran pou fè tel remèd, ki pyé bwa ki benefik pou tel ou tel lakou etc..

W'ap jwenn nan Vodou genyen yon ensemb de konesans sou l'art.
genyen l'art visuel (dessin yo, vèvè, fetiche, sculpture, mask africain, habillement etc..) geyen l'art audible (mizik, chanté lwa, tambou, konté langaj, proverb etc..) genyen l'art du mouvement (kijan nou dansé, kijan nou bay la main, kijan nou jete dlo, kijan nou magné manchet)

genyen yon ensemble de konesans sou la science
nan vodou a ou ka konen ki substans pou melanjé pou genyen tel ou tel réation chimik, nan vodou genyen yon métriz du corp humain par la science, par exemp, fè fonction vital moun nan ralenti, itilisé yon séri de eleman pou kréyé poud etc...

nan vodou genyen yon ensemble de konesans sou l'astrologie
tel planete genyen tel enèji, tel moun vibré sou tel planet, position chak planete ak etoile, ki effet la lune genyen sou environement panou etc..

nan vodou genyen yon ensemble de konesans sou l'histoire
yon séri de peuple (les dogons, les egyptiens, maya etc...) yo kapab explikew l'histoire de l'humanité, l'histoire de l'univers, et histoire tèt yo

nan vodou genyen yon ensemble de konesans sou l'architecture
kijan yo té konstruit pyramid, kijan pou kay lwa fè, kijan zanset yo te construit route anba tè, kijan yo té amenajé grotte yo etc...

ducou nou wè ke nan vodou se pa simplement fè wanga, vodou a se yon ensemble de konesans nan tout sa ki fè le monde, se paske zanset yo te konprann tout sa ki nan monde la ki fè ke yo té dominé la planete pendan des longues anné.

selon mwen, spiritualité, maji, wanga patap existé si les hommes pat genyen konesans logic yo deja (plante, science, art, architecture etc...) et sé seulement lè yo finn maitrisé toute les lois de la nature (konpran kijan pou manjé, kijan pou guéri, kijan pou toyé, kijan pou konstwi) ke yo vinn genyen accès ak sajès superieur ki sé la spiritualité, l'esothérisme, la magie.

2/ KI KOTÉ VODOU SOTI
selon mwen vodou se yon konesans ke la race humaine te genyen en li menm depi lè nou té vinn komansé civilisé. è konesans sa genyen yon moman koté li vinn revélé'l a tout moun.

Vodou se yon ensemble de pratique ki soti depi premié civilisation yo, tankou: l'atlantide, mésopotamie, egypte (Kemet) etc... ki pral grandi nan royaume Dahomey (benin), nan dahomey sé la ke vodou a pral vini jan li yé kounyé la, nom espri yo pral chanjé, fason pou invoké yo pral chanjé tou.
pa genyen yon dat précis pou'n di kilè vodou a paret, paské pratik sa grandi et chanjé nan chak peuple ki pratike'l, Vodou ekjisté depi lè prémyé pleuple civilisé à parèt nan mond la.

selon Nago Naya mot Vodou soti de Vodoun (benin) ki li menm tou soti nan "Vodo don yewe" (kemet/egypte) é se aussi de là ke degré mistik "SEKEY MADOULÉ" a soti selon professeur Pluviose, sa montré ke vodou à té la depi avan royaume dahomeyen an ki té pran nesans nan anné 1500 yo, tandis ke SEKEY MADOULE (yon degré vodouesque) se yon bagay ki daté depi plis ke 2000 anné avan l'anné 0 soit environ 4/5 000an jodi a. donc depi lontan vodou a te getan pratiké.

Vodou ayisien officielement kréyé pendan bwa kayiman, sé lè sa ke plusieur nation africain pral kolé tet ensemble entre yo et ak lot indigène kité là yo pou fusionner tout lwa yo sou on seule egregore
Vodou ayisien an genyen plis lwa, plis porté, plis de rit ke lot vodou yo paské vodou ayisien li menm li genyen yo tout la dedan'l.

3/ KIJAN YO PRATIKÉ VODOU
Vodou a se yon ensemble de konesans et de prinsip ke yon moun ou yon group de moun ta siposé apliké pou'l ka viv en paix è an armoni avec l'univers et la nature.
Lwa yo la pou yo raplé nou prinsip sa yo ke nou dwé aplike pou lavi nou ka mieu géré

prinsip principal Vodou a bazé sou partaj, bay lwa yo, lwa yo ap bay ou
respecté la nature, pa koupé pyé bwa, paske se yo ki bannou lavi, ki bannou manje, é se reposwa lwa yo
viv ensemble paské nou bezwen youn ak lot pou fè yon séri de bagay ak anpil lot prinsip toujou.

si nou ta bezwen defini vodou a ak yon seul phrase: vodou se tout conaissance scientifique, historique, multiculturel é spritiuel ke l'homme rivé maitriser depi lè li existé

en francais : le vodou est l'ensemble de conaissance scientifique, historique, multiculturelle et spirituel que l'Homme est parvenue à maitriser depuis la nuit des temps

m'ap tann koreksyon nou, si gen bagay ki pou modifié M'ap modifié'l.

25/10/2022

KISA LOGO SA VLÉ DI ?

sé yon déssin ké mwen décidé fè nan style vèvè lwa yo pou montré lien entre paj sa ak vodou ayisien an.

-1 dessin sa réprésenté yon soley (limyè, konésans, savoir) ki genyen 7 rayon ki al touché 7 lot ti soleil anko (sa vlé di, konesans nou patajé sou paj sa pral ajouté sou konesans paw ak lot moun é ou menm tou wap voye konesans pa'w bay paj la)

-2 dessin sa sanblé ak yon créature ki gen yon boul zyeu👁 yon corp ki sanblé ak yon fey bwa🍂 li genyen 2 main 🫲 🫱 é sou tèt li, li genyen 7 rayon ki fini en boul tankou keu zwazo yo relé Paon an🦚 sa sinifyé ke konesans nou pral patajé la se yon kosans ki "VIVAN", sa vlé di ke konesans sa pap jan'm fini, y'ap grandi de jou en jou kom si sété yon "être vivant". é pou li ka grandi fok nou bali manjé (konesans) et bwè (patajé)

li genyen plusieurs lot sinification ke ou ka bay li, yo dépenn de kijan ou considéré déssin sa.

25/10/2022

Bonjour tout moun, mwen swété nou le bienvenue sou page facebook sa.

Ici à nou pral essayé de regroupé tout informasyon sou vodou a. origine vodou a, nom ak vévé chak lwa, gad, pwen, dimensyon yo, eskot, rit, nanchon yo.

M'ap mandé tout moun ki rivé sou paj sa pou yo fè travay pa yo sou paj la:

1 nan commentaire yo, corijé mwen lè'm trompé, ajouté konesans paw nan commentaire yo, pou travay la ka komplè

2 partajé paj la a tout moun

Vous voulez que votre entreprise soit Service Du Gouvernement la plus cotée à Paris ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Site Web

Adresse


Paris
75013