02/05/2024
*Gwo jounen rebwazman nan Aken*
Mèkredi 1 premye me 2024 la, yon gwoup sitwayen ekolojis kontinye ak pwosesis rebwazman vil la yo te kòmanse kèk mwa pase. Objektif inisyativ sila se pou fè Aken gen bon lonbraj epi byen bèl.
Depi 8tè nan maten, jodi premye me a, manm komite refleksyon sou rebwazman nan vil Aken an yo te reponn prezan devan Kay madam Nenette la nan antre mache a. Elèv te soti nan 2 lekòl, Kolèj Sentoma nan Aken ak Ame di Sali, pou vin patisipe nan aktivite eko- Sitwayen sa.
Mobilizasyon an te reyini anpil lòt moun nan vil la .
Bò 8tè 50 premye pye bwa yo ta pral kòmanse plante nan ri Estenyo Vensan. 2èm wonn plante a fèt nan Ri kristòf pwolonje devan simityè Aken an. Sitwayen yo pat gade sou solèy la ki te parèt cho.
Sitwayen yo pat dekouraje, yo te jwenn anpil fòs pou kontinye ak rebwazman an.Konsa 3èm estasyon plante pye bwa a ta pral fèt devan komisarya polis la . Polisye yo te mete men nan pat la, pou pwoteje anviwònman nan vil la.
Manifestasyon ekolojik la te kontinye ap fèt wout li. Konsa 4 èm zòn ki ta pral jwenn lòsyè pye bwa pa l se anwo tèt ri David Sen Pre dèyè do kay mè a anfas sal pawasyal la.
Finalman, aktivite a kanpe nan zòn bòd mè nan Aken. Nan Ri Jan Jak Desalin pa anba ( Bò Siman) kote 5èm estasyon an te dewoule.
Sou vizaj 2 manm nan komite a, nou te wè siy sa yo: satisfaksyon ak angajman san fren pou kwape chalè nan vil la. Nan sans sa, Mèt Speedo Eloy avèk Agwonòm Milet Isaac deklare: " enèji ki tap dekaje bò kote tout sitwayen yo jodi a, se yon bagay ki ekstraòdinè. Pou premye me sa ,si nou te gen pye bwa pou nou te plante parapò ak zòn nou te Sible yo ,solidarite ki te degaje a plis volonte ki te genyen kote sitwayen yo nou tap kapab bwaze tout vil la pandan jounen an".
Mobilizasyon an ta pral rive nan bout li pou Mèkredi premye me 2024 la, n ap siyale Komite refleksyon sou rebwazman nan vil Aken an pat pou kont li, li te akonpaye avèk yon lòt gwoup ki se HPE , bò kote pa li ,se yon abitid li ye pou yo.Nap raple ri Kristòf nan Aken se prèv travay yo.
Se pa premye eksperyans komite a nan rebwazman nan vil la, men se 3èm mobilizasyon ekolojik yo rive fè nan Aken .N ap raple premye aksyon ekolojik la te fèt nan fen mwa oktob 2023 nan zòn mango blan...
Evènman jodi a montre solidarite sitwayen yo nan rebwazman Vil Aken se bon jan prèv lanmou pou la vi fleri.
Komite pilotaj la pa nan repoze ,se refleksyon ki kòmanse fèt pou yo idantifye ki lòt zòn nan Aken ki pral rebwaze?
Komite refleksyon sou rebwazman nan Vil Aken,premye me 2024.
📸 : Jadoute NOEL

29/04/2024