AKEN, Vil pa nou

AKEN, Vil pa nou

Partager

3 kout kanno nan non tout pitit Aken ki toupatou, an n rasanble pou n rekonstwi lakay !

Photos from AKEN, Vil pa nou's post 02/05/2024

*Gwo jounen rebwazman nan Aken*

Mèkredi 1 premye me 2024 la, yon gwoup sitwayen ekolojis kontinye ak pwosesis rebwazman vil la yo te kòmanse kèk mwa pase. Objektif inisyativ sila se pou fè Aken gen bon lonbraj epi byen bèl.

Depi 8tè nan maten, jodi premye me a, manm komite refleksyon sou rebwazman nan vil Aken an yo te reponn prezan devan Kay madam Nenette la nan antre mache a. Elèv te soti nan 2 lekòl, Kolèj Sentoma nan Aken ak Ame di Sali, pou vin patisipe nan aktivite eko- Sitwayen sa.

Mobilizasyon an te reyini anpil lòt moun nan vil la .

Bò 8tè 50 premye pye bwa yo ta pral kòmanse plante nan ri Estenyo Vensan. 2èm wonn plante a fèt nan Ri kristòf pwolonje devan simityè Aken an. Sitwayen yo pat gade sou solèy la ki te parèt cho.

Sitwayen yo pat dekouraje, yo te jwenn anpil fòs pou kontinye ak rebwazman an.Konsa 3èm estasyon plante pye bwa a ta pral fèt devan komisarya polis la . Polisye yo te mete men nan pat la, pou pwoteje anviwònman nan vil la.

Manifestasyon ekolojik la te kontinye ap fèt wout li. Konsa 4 èm zòn ki ta pral jwenn lòsyè pye bwa pa l se anwo tèt ri David Sen Pre dèyè do kay mè a anfas sal pawasyal la.

Finalman, aktivite a kanpe nan zòn bòd mè nan Aken. Nan Ri Jan Jak Desalin pa anba ( Bò Siman) kote 5èm estasyon an te dewoule.

Sou vizaj 2 manm nan komite a, nou te wè siy sa yo: satisfaksyon ak angajman san fren pou kwape chalè nan vil la. Nan sans sa, Mèt Speedo Eloy avèk Agwonòm Milet Isaac deklare: " enèji ki tap dekaje bò kote tout sitwayen yo jodi a, se yon bagay ki ekstraòdinè. Pou premye me sa ,si nou te gen pye bwa pou nou te plante parapò ak zòn nou te Sible yo ,solidarite ki te degaje a plis volonte ki te genyen kote sitwayen yo nou tap kapab bwaze tout vil la pandan jounen an".

Mobilizasyon an ta pral rive nan bout li pou Mèkredi premye me 2024 la, n ap siyale Komite refleksyon sou rebwazman nan vil Aken an pat pou kont li, li te akonpaye avèk yon lòt gwoup ki se HPE , bò kote pa li ,se yon abitid li ye pou yo.Nap raple ri Kristòf nan Aken se prèv travay yo.

Se pa premye eksperyans komite a nan rebwazman nan vil la, men se 3èm mobilizasyon ekolojik yo rive fè nan Aken .N ap raple premye aksyon ekolojik la te fèt nan fen mwa oktob 2023 nan zòn mango blan...

Evènman jodi a montre solidarite sitwayen yo nan rebwazman Vil Aken se bon jan prèv lanmou pou la vi fleri.

Komite pilotaj la pa nan repoze ,se refleksyon ki kòmanse fèt pou yo idantifye ki lòt zòn nan Aken ki pral rebwaze?

Komite refleksyon sou rebwazman nan Vil Aken,premye me 2024.

📸 : Jadoute NOEL

Photos from AKEN, Vil pa nou's post 29/04/2024

Se konsa rankont ansanm sitwayen nan Aken te rankontre madi 9 avril 2024 la pou yo te deside sou kòman y ap kontinye aktivite plante pyebwa nan ri yo pou fè bèl ak pwoteje popilasyon an kont chanjman rechofman klimatik la lakòz.

Nan kad pwojè a, nou deja mete 240 pyebwa nan tè. Ladan yo anviwon 20 bezwen ranplase. Men pi fò byen bèl ak ansante. Nan kèk mwa, nou ap kontan wè ak pwofite lonbraj yo.

1e me k ap vin la nou pral ranplase sa ki merite ranplase yo epi tou fè yon manifestasyon plante. Nou prevwa mete 100 pyebwa pou pi piti nan 2 ri. Nou ap kontinye konsa jis nou fin mete nan 11 ri ak riyèl apre pou nou ale nan chak kote ki bezwen. Se nan solidarite nou ap rive reyalize gwo pwojè sa.

Pwojè sa a, se yon pwojè kominotè. Se yon pwojè sitwayen ekolojik. Tout moun alawonnbadè konsène, nenpòt kote ou ap viv, nenpòt estati sosyal ou. Se pa yon pwojè ki gen finansman okenn enstisyon ak òganizasyon, se zanmi, fanmi moun Aken ki kontribye pou fè chak aktivite ki fèt. Vini pote kole pou nou ka gen yon anviwònman ki favorab pou moun viv jodi epi demen pou jenerasyon k ap vini yo.

Aken se paradi nou, n ap pote solidarite n sou tout fòm.

28/04/2024

Kòman sa ye nan pepinyè nou an ?
Kijan preparasyon yo ap avanse ?
Tout detay nan video sa.
Pwochen randevou a se pou PREMYE ME kote n ap kontinye plante pyebwa nan plizyè ri pou n kapab avanse pi pre objektif nou.

Vous voulez que votre entreprise soit Service Du Gouvernement la plus cotée à Aquin ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Site Web

Adresse


Centre-ville
Aquin
287