Mairie de Cabaret-CM

Mairie de Cabaret-CM

Partager

Duvalierville

20/06/2023

Meri kabare ap fè tout moun konnen an patikilye machann yo Kabarè, toujou kenbe 3 jou mache chak semèn lan [ Lendi, Jedi ak Samdi ] jan sa te toujou ye. Meri an mete an gad kont tout moun ki vle detounen lespri popilasyon an pou regle zafè pèsonèl yo.

N ap mande ak lapolis pou l fè travay li jan sa te konn ye anvan. Pèp Kabarè an paka nan kouri pasi pala paske nou pa gen yon lòt kote pou n ale ke Kabarè.

N ap mande tou ak gouvènman an pou bay lapolis plis materyèl pou fè travay li nan komin lan. Moun Kabarè bezwen viv Kabarè, yo vle rete lakay yo.

Viv Kabarè, viv tèt ansanm.

07/06/2023

DDO mande nou pou nou swiv konsèy Responsab yo ki nan Pwoteksyon sivil ak nan delegasyon an.

22/05/2023

Arete kominal

02/04/2023

Egzèsis pwatik pou fòme ekip ponpye nan Komin Kabarè an.

19/12/2022

Nan dat ki te 14 Desanm ki sot pase an,Majistra Joseph Jeanson GUILLAUME te nan ti bat bouch ak Komisè Georges epi kèk responsab lekòl nan komin lan.

01/12/2022

Kabarè jou ki 30-11-2022

NÒT POU LA PRÈS

Masak nan Gran Chemen Sous Matla 9e seksyon komin Kabarè.

Nan lannwit madi 29 novanm nan lè 9 vè. Yon gwoup bandi ak gwo zam fann fwa pote boure sou abitan nan Gran Chemen Sous Matla 9è seksyon komin Kabarè. Yo boule plis pase 20 kay, masakre, touye epi boule plis pase 20 fanm ak gason. Nan moman difisil sa, komisyon minisipal enterimè Kabarè a voye kondoleyans li bay fanmi ak pwòch tout viktim zak san parèy sila, li senpatize ak sila yo ki pèdi kay yo ak tout sa ki ladan yo.
Yon lòt bò Meri a mande Polis la, Jistis la, pou yo fè tout sa yo konnen pou yo met men nan kòlèt tout gang malfektè kifè masak sila, fòk moun Sous Matla jwenn jistis.
Meri a mande chèf polis la, mouche Frantz Elbe voye je gade Kabarè ki anvayi ak gang nan ranfose komisarya Sant Vil la ak inite espesyalize nan mete machin ak lòt materyèl nesesè epi efikas pou polisye yo.
Komisyon minisipal enterimè a envite òganizasyon dwa moun pou vin ankete prese prese sou masak san parèy sila.
Meri ap ankouraje tout moun nan lòt seksyon ki nan alantou yo, pou fè solidarite ak tout fanmi Sous Matla k ap kouri kite kay yo pou bandi san manman, san fwa ni lwa sa yo, nan ede yo pase moman difisil sa.
Kabarè se Sous Matla, Sous Matla se kabarè.

Joseph Jeanson GUILLAUME
Mè titilè

27/08/2022

Avèk konkou Life Song Meri an t ap debleye pon Bèsi an.

Vous voulez que votre entreprise soit Service Du Gouvernement la plus cotée à Cabaret ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Type

Adresse


1ere Impasse Avenue Soleil
Cabaret
HT6420