Bonsoir le monde
Lanbi Demokratik pou Chanjman branch Nord
Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Lanbi Demokratik pou Chanjman branch Nord, Parti politique, Cap-Haïtien.
28/01/2022
Bonjour tout le monde
Salut à vous.
07/08/2021
Bonjou tout moun
05/08/2021
NEGLIJANS LETA AK POPILASYON AN SOU KESYON ANVIWÒNMAN NAN PEYI DAYITI
Itilite fatra nan rezoud Yon pwoblèm ak Yon lòt pwoblèm
Anpil ane pase nan mond lan anpil chèchè, savan, syantifik ap kontwole kisa ki fatra a? Anpil moun Di: fatra a se Yon choz ki tap itilize e ki rejete. M'en nan kesyon ANVIWÒNMAN, gwo moun kap li nan gwo liv estime ke li enpòtan pou genyen Yon jesyon anviwònmantal ki fèt paske si sa neglijab li ka koze gwo pwoblèm sou sante moun sante bèt oswa nan sòl alimantè nou. Daprè rechèch , enpak fatra sou lavi moun se gwo koze.
1) Nan zafè Moun kap soude yo espesyalman, genyen Yon bann ti r***y fè ki pase nan lè a Ak pousyé a yo tèlman piti se ak mikwoskòp pou nou ta dekouvri sa.
2) Genyen òdi yo nan Kad dechè toksik , ki yo menm ta Rasanble nan Yon espas ki gen dlo sa pral kale bèt, moustik, mouch, elatriye ki pral tounen sou nou menm swa nan sa nap konsome oswa yap vin mòde nou epi degaje movèz odè nan zafè respirasyon.
3) Nan espas Jaden yo, lè genyen sachè plastik, asyèt katon, bidon plastik, kotèks elatriye menmsi yo ta brile lè yo rantre anba tè a yo pran plis ke 40 lane avan yo fonn e sa koze gwo pwoblèm sou plant yo.
4) Si menm fatra sa yo pa boule nan espas ki rezève pou sa, li atake sou pwoblèm sante Moun nan ANVIWÒNMAN an e rive sou kesyon kouch dozo'n nan.
Pou fini, jerel swadizan lè lapli tonbe li atake lanmè a e repouse pwason yo, dezatire touris yo bò plaj yo e rive bay Desepsyon pou peyi a devan lemond.
- JESYON FATRA. Enpòtans fatra a genyen sitou Nan matyè òganik yo, nou ka itilize menm sa nap manje yo tankou: po patat, po lam, legim elatriye pou fè angrè natirèl sa yo rele KONPÒS oswa fimye.
- Jere fatra a lakay nou Epi diferansye fatra yo mete yo apa pou konsène ede nou.
- Patisipe nan pwogram LANBI DEMOKRATIK POU CHANJMAN an sipòte a ki se KATYE PAM PI PWÒP pou rann rezolisyon fatra a posib.
Reviv Yon bèl AYITI posib , ANN RASANBLE POU'N CHANJE AYITI.
BIWO KOMINIKASYON LANBI DEMOKRATIK POU CHANJMAN
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Emplacement
Type
Contacter l'entreprise
Site Web
Adresse
Cap-Haïtien
