Yon Lòt Ayiti Pou Tout Pitit Li

Yon Lòt Ayiti Pou Tout Pitit Li

Partager

Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Yon Lòt Ayiti Pou Tout Pitit Li, Service social, 93bis, Canne à sucre, Carrefour.

Yon Lòt Ayiti Pou Tout Pitit Li – LAPLI
Nou se yon jèn òganizasyon k ap konstwi espwa, inite, ak chanjman pou Ayiti — nan lanmou, padon, ak sajès.
✊🏾 Nou kwè Ayiti merite renouvèlman.
📣 Fè lemonn tande vwa lespwa.
📲 Abone, pataje, patisipe!

Photos from Yon Lòt Ayiti Pou Tout Pitit Li's post 29/01/2026

LAPLI pale klè. LAPLI pa pè.

Kote entèlektyèl yo?
Kote laprès ki di li endepandan an?
Kote politisyen ki di yo patriyòt?

Nou bouke tande pale de gang, zam, bal.
Men yo pa janm di kiyès ki lage peyi a.
Yo pa janm di kiyès k ap vann Ayiti pa moso.

KPT a, ak Alix Didier Fils-Aimé, ap pran desizyon grav:
👉 mete mèsenè etranje tankou Erik Prince, atrave Vectus Global sou tè nou,
👉 lage pò nou, fwontyè nou, sekirite nou,
👉 kraze souverènte nasyonal la,
san konsantman pèp la.

Se pa gang sèlman ki detwi Ayiti.
Kansè a se nan tèt sistèm lan li ye.

Yo zonbifye pèp la ak laperèz.
Yo fè bri ak gang pou kache trèt ki anwo tab la.
Yo vle nou dòmi pandan y ap piye peyi a.

LAPLI di NON.
Ayiti pa pou vann.
Ayiti pa pou lwe.
Ayiti pa pou privatize.

Nou pa gen lòt peyi.
Si nou pèdi Ayiti, nou pèdi avni pitit nou.

⛔ Li lè pou n leve.
⛔ Li lè pou n poze kestyon.
⛔ Li lè pou n mande kont.

LAPLI kanpe pou konsyans, souverènte ak liberasyon nasyonal.
Revolisyon pa toujou ak zam;
li kòmanse ak verite ak kouraj.

Ayisyen, reveye nou.
Paske silans se konplisite.
E istwa pap padonnen nou.

🇭🇹✊🏾 LAPLI – Pou yon Ayiti ki pa soumèt.

22/01/2026

NÒT POU PÈP AYISYEN AN 🇭🇹

Se pa yon sekrè ankò: ameriken pè. Yo pè paske yo konnen Guy Philippe pa nan enterè yo.
Yo pè paske pèp ayisyen an mande Guy Philippe, men sistèm entènasyonal la ap fè tout sa li kapab pou sa pa fèt.

📌 7 fevriye, se pa jou pale ankò —
👉 se jou pèp la mete pantalon nan tay li.
👉 se jou pou n pran lari a an mas, ak pankad, ak vwa nou, ak diyite nou,
👉 pou n mande klèman: Guy Philippe pran rèy peyi a.

Nou dwe fè ameriken konprann Ayiti pa lakou dèyè kay yo.
Ayiti pa yon peyi pou yo deside pou li, ni pou yo enpoze volonte yo sou li.

Wi, nou konprann gen dirijan restavèk, dirijan san kolòn vètebral, dirijan shoul
— dirijan konsa fasil pou etranje itilize yo pou deside nan afè Ayiti.
Men jou nou gen yon dirijan ki gen kolòn vètebral,
yon dirijan ki kanpe dwat tankou Ibrahim Traoré,
se jou sa a ou pa ka fè sa ankò.

Ayiti se:

- ✊ yon peyi souveren
- 🕊️ yon peyi lib
- 🗳️ yon peyi demokratik

Men nou pa ka kontinye aksepte yo tounen peyi a yon depotwa.
Sa pi mal pase lakou lakay yo menm.

✊ 7 fevriye — pèp la dwe leve kanpe
✊ Se pa etranje ki pou deside pou Ayiti
✊ Sèl mèt Ayiti se pèp ayisyen an

Ayiti pou Ayisyen.
Respè pou souverènte nou.
Viv Ayiti lib 🇭🇹

10/01/2026

Deuil – LAPLI

LAPLI – Yon Lòt Ayiti Pou Tout Pitit Li ap fè konnen avèk gwo tristès lanmò atis ayisyen Dieudonné Larose.

Ak vwa inik li ak karisma li, Larose te make mizik peyi nou e kite yon tras ki p ap janm efase nan kè plizyè jenerasyon.

Nou prezante kondoleyans sensè nou bay fanmi li, zanmi li, ak tout kominote atistik ayisyen an.

Orevwa Larose. Mizik ou ap toujou viv nan kè nou.

01/01/2026

🎉 Bon Ane 2026!

LAPLI swete tout manm, patnè, ak tout pitit Ayiti lakay ak aletranje yon ane 2026 plen ak lespwa, inite, ak angajman pou yon Ayiti miyò.

Nou kontinye kwè ke Yon Lòt Ayiti Posib*, kote chak pitit gen valè, kote diyite, edikasyon, jistis, ak lanmou pou peyi a ap fleri.

Mèsi paske w ap mache ak nou. Ann kontinye simen lespwa, leve vwa nou, epi mete men pou bati lavni nou ansanm.

Anpil lapli benediksyon sou ou ak fanmi w.
An nou avanse ansanm pou yon Ayiti pou tout pitit li.

25/11/2025

Déclaration officielle de l’Organisation LAPLI –
Yon Lòt Ayiti Pou Tout Pitit Li / UAH-TSE – Une autre Haïti pour tous ses enfants
L’Organisation LAPLI – Yon Lòt Ayiti Pou Tout Pitit Li / UAH-TSE adresse un appel solennel au Conseil Présidentiel de Transition (CPT) afin qu’il prenne, en toute souveraineté, une décision historique dans l’intérêt exclusif du peuple haïtien.
Depuis trop longtemps, certaines puissances étrangères notamment les États-Unis, la France et le Canada maintiennent Haïti dans un état de dépendance politique, économique et sécuritaire. Leur ingérence constante empêche tout véritable renforcement de nos institutions nationales, y compris la reconstruction et la modernisation de nos Forces Armées.
Face à cette situation, LAPLI exhorte le CPT à tourner résolument la page de ces relations déséquilibrées et à ouvrir la voie vers de nouveaux partenaires stratégiques tels que la Russie et la Chine, dont la coopération repose sur le respect mutuel, la souveraineté des États et la non-ingérence.

Un moment de vérité pour la Nation haïtienne
Il n’est pas trop t**d.
En votre qualité de membres du Conseil Présidentiel de Transition, vous portez la lourde responsabilité d’agir pour l’intérêt supérieur de la Nation.
L’Histoire retiendra vos noms :
non pas comme de simples observateurs,
mais comme des femmes et des hommes de courage, capables de replacer la raison, la dignité et la souveraineté au centre des choix cruciaux de l’État.
Haïti n’est ni une zone d’occupation,
ni un pays sans maître.
Haïti est une Nation libre, fière et souveraine, héritière de 1804, la première République noire indépendante du monde.
Choisir la voie de la dignité et du développement
Le temps est venu pour le CPT de se tenir debout et de choisir la voie de :
• la dignité nationale,
• l’indépendance réelle,
• le développement durable,
• et la souveraineté authentique.
Nos ancêtres ont versé leur sang pour que ce pays marche sur ses deux pieds.
À vous, aujourd’hui, de faire vivre cet héritage.

Message d’espoir
Malgré les injustices et les souffrances imposées à notre peuple depuis des décennies,
le pardon reste possible,
à condition que vous fassiez le choix juste, courageux et patriotique.
Haïti vous regarde.
L’Histoire vous attend.

25/11/2025

Òganizasyon LAPLI ap denonse entèdiksyon Etazini sou acha materyèl pou Lame d Ayiti!

Daprè enfòmasyon ki soti nan yon sous serye nan Ministè Defans lan, Etazini ta bloke plizyè acha ekipman lame a depi mwa dawout 2025. Si sa ta konfime, nou menm nan Òganizasyon LAPLI di nou kont entèvansyon sa a!

Nou se yon pèp lib, souvren e demokratik. Yon nasyon ki pa gen fòs militè se yon nasyon ki frajil, san vizyon e san mwayen pou defann tèt li. Nou mande pou tout Ayisyen leve kanpe pou defann dwa nou pou nou bati yon lame modèn, kap sèvi ak disiplin, etik ak respè dwa moun.

Nou mande Minis Defans lan kontinye fè presyon, e nou di Etazini: respekte souverènte pèp Ayisyen!

Viv yon Ayiti vanyan! Viv Lame d Ayiti!

16/11/2025

DEKLARASYON ÒGANIZASYON LAPLI SOU RAPÒ BINU A
Òganizasyon LAPLI – Yon Lòt Ayiti Pou Tout Pitit Li fè konnen li pran konesans de rapò BINU te pibliye sou sitiyasyon sekirite peyi a, espesyalman pati ki vize aksyon Komise Gouvènman Jean Ernest Muscadin. Nou respekte dwa chak enstitisyon entènasyonal pou fè evalyasyon yo, men nou pa kapab rete an silans fas ak yon rapò ki parèt pèdi balans li, ki pa gade reyalite tèren an, epi ki sanble plis sèvi enterè kèk gwoup pase enterè pèp Ayisyen an.
1- BINU dwe aplike menm rigè ak objektivite pou evalye aktivite gang ak sapat yo e gang ak vès yo pou krim yo.
• Lè li analize Komise Jean Ernest Muscadin, li dwe konsidere aksyon li ki fèt pou pwoteje popilasyon an.
• Evalyasyon an dwe san presyon sou okenn aktè lokal.
Pandan popilasyon an ap mouri nan katye popilè yo, pandan plis pase 80% Depatman Lwès la vin tounen yon zòn kote gang ap dirije, pandan wout yo bloke, komès kraze, ti machann pa ka travèse san peye pèmisyon bandi, nou ta atann ke BINU ta leve vwa li kont moun k ap finanse gang yo, kont boujwa santi k ap sèvi ak mizè pèp la pou konstwi pouvwa pa yo.
Men, se pa la rapò a mete aksan. Okontrè, li chwazi fè presyon sou yon moun ki, daprè temwayaj popilasyon an, se youn nan sèl otorite k ap leve kanpe pou retabli sekirite.
2. BINU pa ka fè silans sou veritab trajedi Ayiti a
Pandan Lamò 100 Jou ak Jeff Gwo Lwa Kanaran t ap simen laterè nan Mibalè — kote yo t ap dekouvri kadav, zo moun, bèt tankou chyen ak kochon t ap manje mò — pandan sa, Lamò 100 Jou t ap parèt sou rezo sosyal yo ap montre sak lajan li estoke lakay li, e li menm fè konnen li gen plizyè lòt pyès chaje ak lajan. Izo 5 Segond ak Jeff Gwo Lwa te fè menm jan, ap atire jèn san travay ak san konviksyon, pou rantre nan zak malonet. Pandan tout sa, timoun ak zam ap mache nan baz san kontwòl, men BINU pa janm montre menm nivo endiyasyon li te gen pou Komisè Muscadin. Kounye a, se Muscadin BINU chwazi mete kòm priyorite.
Nou mande:
Eske BINU pa wè kisa “viv ansanm” sa a tounen pou pèp Ayisyen an?
Eske yo pa wè yon ti gwoup moun rich k ap finanse gang pou kraze Leta, pou manipile popilasyon an, epi pou kontwole peyi a nan lonbraj?
3. Komise Muscadin se chwa yon pèp ki bouke viv anba laperèz
Nou pap antre nan sijè pèsonèl. Men nou pale ak reyalite. Depatman Grandans lan montre yon modèl:
• moun sikile san krent
• pa gen baryè gang
• ti machann ka travay
• biznis rete louvri
• moun fè lajan san pè
• wout yo pa nan men nèg ak zam
Sa se egzanp rezilta konkret, pa pawòl.
E poutan, se egzanp sa BINU chwazi atake?
LAPLI pa nan pwoteksyon moun, nou nan pwoteksyon verite ak enterè peyi a
Nou pa gen okenn alyans ak okenn otorite. Men nou refize pèp Ayisyen an kontinye sèvi kòm esklav pou plan entènasyonal ki pa janm mennen okenn rezilta depi plis pase 20 ane.
Nou di BINU responsab nan fason li ekri rapò li yo, paske rapò sa yo souvan sèvi kòm zouti pou:
• andikape moun ki ap travay pou sekirite,
• pwoteje moun ki finanse dezòd,
• epi pèpetye kriz la.
Nou voye yon mesaj klè bay BINU
LAPLI mande BINU revize apwòch li, mete pèp la nan sant travay li, epi sèvi kòm yon enstitisyon ki vrèman akonpaye Ayiti pou n sòti nan lòbèy nou ladann la a.
Nou di sa avèk respè:
Pèp Ayisyen an wè sa k ap fèt, li konprann jwèt la, epi li pap pèmèt okenn fòs entènasyonal deside pou l di kiyès ki gen dwa pwoteje.
Komise Jean Ernest Muscadin gen sipò yon gwo pati popilasyon an, e se pa BINU ki pral retire dwa pèp la pou chwazi lidè li yo.
Nou rete ouvè pou travay ak tout enstitisyon ki vle ede Ayiti. Men nou pap janm dakò ak okenn rapò ki chèche defann strikti ki finanse krim yo pandan y ap atake moun k ap defann sosyete a.
Ayiti bezwen:
• sekirite,
• stabilite,
• eleksyon,
• respè diyite pèp la.
Se nan sans sa, òganizasyon LAPLI pote vwa li.

Call now to connect with business.

08/11/2025

Henri Christophe se youn nan pèsonalite kle nan istwa Ayiti apre revolisyon endepandans lan. Li te konstwi Sitadèl Laferrière pou rezon estratejik, politik ak defans nasyonal.

Kiyès Henri Christophe te ye?
- Li te yon jeneral nan Lame Endepandans lan.
- Apre lanmò Dessalines an 1806, peyi a te divize an 2 pati: nò ak sid.
- Christophe te vin Prezidan Nò a, epi an 1811 li te pwoklame tèt li Wa Henri I.
- Li te vle bati yon nasyon solid, endepandan, ak pwòp idantite l.

---

Poukisa li te konstwi Sitadèl la?

1. Pwoteksyon kont Franse yo
— Apre endepandans Ayiti an 1804, gen krent Franse yo tounen reprann koloni a.
— Sitadèl la te bati sou tèt mòn pou sèvi kòm fò militè ki t ap pwoteje peyi a si yo t ap atake.

2. Demontre fòs ak souverènte
— Henri Christophe te vle montre ke Ayiti se yon peyi ki pare pou defann tèt li.
— Sitadèl la se te yon senbòl pouvwa ak endepandans.

3. Kreye travay ak ranfòse ekonomi lokal la
— Milier moun te travay sou konstriksyon an; sa te ede bay travay nan zòn lan.

4. Retwèt sekirite pou lame li
— Si lènmi te anvayi peyi a, li te ka refijye tèt li ak lame a nan Sitadèl la epi kontwole tout mòn lan.
Sitadèl la jodi a
- Li se pi gwo fò militè nan Karayib la.
- Klase kòm Patrimwàn Mondyal pa UNESCO.
- Yon senbòl fyète pou pèp ayisyen.

Se pa sèlman yon fò, li se temwanyaj vizyon ak kouraj Henri Christophe, ki te vle yon Ayiti ki pa janm tounen esklav ankò.

Reponn ak kesyon sa nan espas kòmantè: Henri Christophe te dirije Nò Ayiti kòm yon wa ki te defann enterè nasyon an. Jodi a, nou gen lidè ki souvan fè sa kolonyal yo vle. Ki leson n ka aprann nan fason Christophe te travay pou pèp li a?

11/09/2025

Kèlke mo sou sa k’ap pase Kafou…

Popilasyon kafou ap soufri! Chak jou, se ti machann, ti komèsan, ki ale achte lavil pou vin vann yon ti bagay lakay yo. Lè yo tounen Kafou, menm lè yo poko desann machin nan, gen nèg ak zam ki parèt, k’ap mande touche sou chak sak. Chofè a deja fè yo peye yon frè twòp pou sak la, epi lè yo fin depanse dènye kòb yo, fòk yo jwenn lajan ankò pou bay nèg ak zam pou yo depoze sak la atè, pandan se tan lari a se pou pèp la.

Gen de fwa, machann nan pa gen menm yon goud nan men l, yo konn sezi sa l pote a. Se yon piye k'ap fèt ouvètman, sou do moun ki pa menm ka manje chak jou. E pandan sa, ou tande yo pale de "revolisyon"!

Pandan se tan, se sou ti pèp la, yap fè revolisyon. Se pa sou milat, ni sou gwo politisyen, yap fè richès yo non, sou sa ki sanble ak, sou moun ki menm koulè ak yo, ki nan menm katye ak yo, ki nan menm mizè ak yo. Se sou yo yap simen laterè. Epi tout chèf bandi sa yo vin milyadè, pandan malere ap mouri grangou. Yo mete pòs sou chak rak, chak kwen, chak pòch ti pèp la, epi manje vin tounen liks.

Chrisla, pèp Kafou bouke.

Photos from Yon Lòt Ayiti Pou Tout Pitit Li's post 01/09/2025

C’est un véritable drame. Deux blindés de la police kenyane ont eu un accident ce dimanche 31 août 2025 sur la route de Pèlerin. D’après les premières informations reçues, plusieurs personnes auraient été blessées, et deux conducteurs de moto seraient décédés. Trois soldats kenyans seraient également blessés. Toutefois, il est encore trop tôt pour établir un bilan définitif, car les autorités n’ont pas encore communiqué le nombre exact de victimes. Que chacun prenne des nouvelles de ses proches vivant à Pèlerin. Ce pays n’a vraiment pas de chance.

Vous voulez que votre entreprise soit Service Du Gouvernement la plus cotée à Carrefour ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Téléphone

Site Web

Adresse


93bis, Canne à Sucre
Carrefour
6130