05/08/2019
Mw se Chèf Osnet, map travay pou yon lòt Ayiti. 100 Pye bwa sa yo nap gade la a, yo te mwaye volonte ak detèminasyon ke mw genyen pou m patisipe nan rebwazman peyi a. Map fwofite okazyon sa a, pou m mande tout sitwayen konsekan vin pote kole nan pwojè sa a, pou remanbre ekonomi peyi a konsa Ayiti ka retounen jwenn plas li nan mitan lòt nasyon yo. Epi tou, yon bagay nou pa dwe janm blye sèke pwoblèm rechofman klamatik la se nou tout ki pou met men pou rezoud li. Se vre kantite sa mw fè a pa anpil men si te gen yon milyon moun ki te fè menm kantite a tou, nou tap fè yon lòt mirak nan mond lan.si tout fwa nou ta renmen pote kole, nou ka rele m nan: 3435-9956/4139-4786
05/06/2018
M'ap sipòte Willio St-Preux nan pwochèn eleksyon depitasyon pou sikonskripsyon kwadèboukè. Li se premye lidè kap travay pou fè politik nan benefis moun l'AP dirije yo. Lè n konsidere travay manatann lan nan latan, pwojè ekleraj nan lizon ak plizyè kote nan zoranje yon kominote polisyen yo bliye.Li se yon vanyan gason, yon nonm solid.pou tèt sa, map mande tout zanmim ki sou face book kap viv nan nlkomin kwadèboukè pou yo edem travay pou vanyan gason sila rive depite nan eleksyon 2019 yo.
15/05/2018
ONADHAS se yon òganizasyon kap defann dwa moun an Ayiti kit nwa, kit yo wouj paske tout se moun, Pa gen moun pase moun. ONADHAS mande vle pou tout moun jwenn jistis libe e libè, la santé, lekòl pou tout timoun san distenksyon ak tout lòt dwa nou genyen pou n viv tankou moun. Kelke swa kote w ye nan peyi dayiti ou ka vin manm òganizasyon dwa moun sa a. Enskripsyon yo fèt pou lajan . ou rele nou sou nimewo sa: 34359956 nap tann apèl ou.
03/05/2018
Politik pa ka chanje mond lan paske politisyen ap chache satisfè tèt yo, fanmi ak zanmi yo. Pou ayiti menm sa pirèd paske nèg kap fè politik isit yo pa politisyen. Se sèlman inisyativ pozitif ki ka chanje ayiti ak tout mond lan. Plante plant se yon bou bagay ki nan enterè tout moun sou latè beni paske yon pye bwa ka bay 14 moun anviwon oksijèn pou byen respire men konbyen moun kap vin mete men nan travay sa a ONADHAS ap fè nan lakou bon repos. Épi tou konbyen moun kap kontribye adistans pou bon travay sa a kontinye nan l'IDE pou patisipe nan rezoud pwoblèm rechofman klimatik la. Komite ONADHAS bezwen èd tout moun kit yo prè kit lwen.