22/06/2021
Nijerya se yon peyi yo fè tout bagay an gran panpan.
Premyèman, Nijerya gran anpil ! Gen 36 Eta. Se youn nan peyi sou kontinan afriken an ki gen plis moun. An 2020, yo te estime gen anviwon 201 milyon moun.
Dezyèmman, se youn nan peyi sou latè kote yo pale plis lang. Nan lane 2014, Sosyete Entènasyonal Lengwistik te konte apeprè 529 lang sou teritwa nijeryen an.
Epitou, gen apeprè 250 gwoup etnik . Pami yo gen kat (4) gwoup ki domine: Yowouba, Awousa, Igbo ak Foulani yo.
Moun sa yo fè tout bagay an gran jan. Si w deja al nan yon maryaj nijeryen, w ap konprann mwen.
Semèn sa a nou pral dekouvri richès kiltirèl, istorik, ak lengwistik Nijerya ou "Naija" pou pitit li yo.
Chaje sit touristik ak natirèl tankou forè sakre Osun-Osogbo, Mòn Mandara, Olumo Rock, elatriye. Yo plen ak resous natirèl tankou petwòl ak gaz natirèl tou.
Nou pral pale sou Anpi Oyo a, ki se Benen ak bò Lwès Nijerya jounen jodiya.
Eske w konnen kisa yon « Orisha » ye ? Se tankou yon lwa. Se ak yo nou pral montre ou lyen ki genyen ant tradisyon ayisyen ak tradisyon nijeryen yo.
Pou fini, nou pral prezante kèk pèsonalite ki te make listwa tankou Rèn Amina ak Fela Kuti. Si w renmen literati afriken, ou pa ka pa konnen Chimamanda Ngozi Adichi. N ap pote kèk nan zèv li yo pou montre w tou.
Semèn nan pral chaje!

01/06/2021
18/05/2021
10/05/2021
21/04/2021
02/04/2021