Ayïti Perle des Antilles

Ayïti Perle des Antilles

Partager

j' aime Dieu.je suis sympa et f***e de foot.aime la musique et la vie.je deteste l'hypocrisie.j'aime mes amies et ami,ma famille .

Photos 22/06/2021

Nijerya se yon peyi yo fè tout bagay an gran panpan.

Premyèman, Nijerya gran anpil ! Gen 36 Eta. Se youn nan peyi sou kontinan afriken an ki gen plis moun. An 2020, yo te estime gen anviwon 201 milyon moun.

Dezyèmman, se youn nan peyi sou latè kote yo pale plis lang. Nan lane 2014, Sosyete Entènasyonal Lengwistik te konte apeprè 529 lang sou teritwa nijeryen an.

Epitou, gen apeprè 250 gwoup etnik . Pami yo gen kat (4) gwoup ki domine: Yowouba, Awousa, Igbo ak Foulani yo.

Moun sa yo fè tout bagay an gran jan. Si w deja al nan yon maryaj nijeryen, w ap konprann mwen.

Semèn sa a nou pral dekouvri richès kiltirèl, istorik, ak lengwistik Nijerya ou "Naija" pou pitit li yo.

Chaje sit touristik ak natirèl tankou forè sakre Osun-Osogbo, Mòn Mandara, Olumo Rock, elatriye. Yo plen ak resous natirèl tankou petwòl ak gaz natirèl tou.

Nou pral pale sou Anpi Oyo a, ki se Benen ak bò Lwès Nijerya jounen jodiya.

Eske w konnen kisa yon « Orisha » ye ? Se tankou yon lwa. Se ak yo nou pral montre ou lyen ki genyen ant tradisyon ayisyen ak tradisyon nijeryen yo.

Pou fini, nou pral prezante kèk pèsonalite ki te make listwa tankou Rèn Amina ak Fela Kuti. Si w renmen literati afriken, ou pa ka pa konnen Chimamanda Ngozi Adichi. N ap pote kèk nan zèv li yo pou montre w tou.

Semèn nan pral chaje!

Le drapeau haïtien ne serait pas créé à l’Arcahaie 18/05/2021

Le drapeau haïtien ne serait pas créé à l’Arcahaie Le 18 mai 2019 ramène l’anniversaire officiel de la création du drapeau haïtien. Si aujourd’hui le bicolore bleu et rouge est aisément reconnaissable comme emblème de la République d’Haïti, il a subi dans le temps des modifications diverses. Il est aussi sujet à controverses entre cert...

Vidéo | L'histoire mouvementée des Constitutions en Haïti 10/05/2021

Vidéo | L'histoire mouvementée des Constitutions en Haïti L’administration en place se lance dans une entreprise de remplacement unilatérale de la Constitution de 1987. Ce processus se trouve décrié par la société civile et critiquée par la communauté internationale. Partout, l’on pointe le manque d’inclusion de l'initiative, et un avant-proje...

21/04/2021

Depi ou touche papa, fòk tout pitit rasanble

Nòt legliz katolik la vle di nou te echwe nan tantativ jedi pase a pou te renouvle tèt nou, kounya legliz katolik anonse 3 jou pou tout aktivite katolik yo, tankou lekòl tèt nèg ki pa konn doulè malere, legliz yo ki se zouti pou kidnape Nanm pèp Ayisyen fèmen, e pou legliz la antre nan dimansyon mistik.

An nou eseye konprann nòt legliz katolik la nan dimansyon nimerolojik li, lè legliz la mande pou fè 3 jou priyè, chif 3 ki vle di ouvèti, donk mistikman katolik pral kontinye mande ouvèti ak fòs peyi a poul renouvle pouvwa li, an nou gade jou yo, mèkredi, jedi e vandredi, ki se 4e, 5e e 6e jou nan semèn lan, donk 4 vle di konstriksyon, 5 vle di chanjman e 6 vle di pitye, kounya ann li kòd legliz la vle fè pase a

21, 22 e 23 / 04 / 2021 = 21 ( 2 + 1 ) + 4 + 5 = 12 = 1 + 2 = 3, pou 22 avril la = 4 e pou 23 avril la = 5 an nou kòd la kounya :

" Nou mande Ouvèti ak Konstriksyon e chanjman pou nou konstwi fòs nou ankò pou nou kapte Nanm peyi a "

Si nou te konprann sistèm relijye a deja, nou tap konprann se katolik ki papa li, si nap gade filozofi nòt la, nap wè legliz katolik ap pale de sektè relijye a kote yo moutre gen yon inyon ant yo ak pitit yo ki se protestan pou al renouvle fòs krisyanis lan nan peyi a, se gro mistik ki pral fèt nan jou sa yo, pou pèmèt Vatikan toujou gen kontwòl peyi a spirityèlman ak sou plan edikasyon, donk rasanbleman fòs sa a ant relijye yo dwe stope pa Bosal yo nan non Ginen an.

Bosal yo pral di pandan 200 ane legliz katolik pat bay vi nou enpòtans, bouch yo toujou rete fèmen nan mizè ak grangou pèp la, depi se pa yo menm ki blese zafè pèp la, pandan lontan kidnapè yo ap kidnape pitit pèp la, menm chany pat epanye, katolik te rete bouch fèmen, donk pou rezon sa Bosal yo pral mande kraze sistèm, e operasyon bare katolik nan tout Kafou.

Rasanble nan non Ginen an
Rasanble nan non Desalin
Rasanble nan non Bosal yo

Nago Naya pi wouye pi koupe, pitit Djab la ki se Desalin

02/04/2021

Communes et Habitants:🇭🇹👈🏽

1)Abricots- Abricotiens,enns.
2)Acul-du-Nord-Nordilais,es.
3)Anse à foleur-Ansafolais,es.
4)Anse à galets-Galetiens,ennes.
Anse à pitres-Ansapitois,es.
4)Anse d'hainault-Anseharnois,es.
5)Anse Rouge-Anserougiens,ennes.
6Anse à veaux-Ansavelais.
7)Arcahaie-Archelois,es.
8)Arniquet-Arniquetois,es.
9)Boucan Carré-Boucanais,es.
10)Borgne-Borgnelais,es.
11)Bombon-Bombanais,es.
12)Bombardopolis-Bombardopolitains,nes.
13)Belle Anse-Bellancois,es.
14)Belladère-Belladérois,es.
15)Beaumont-Beaumontais,es.
15)Bassin bleu-Bassinois,es.
16)Bas Limbé- Baslimbéens,ennes.
17)Baradères-Baradérois,es.
18)Bainet-Bainetiens,ennes.
19)Baie de Henne-Hennois,es.
20)Bahon-Bahannais,es.
21)Cabaret-Cabarétiens,ennes.
22)Camp-Perrin-Campérinois,es.
23)Cap-Haïtien-Capois,es.
24)Capotille-Capotillais,es.
25)Caracol-Caracollais,es.
26)Carice-Cariciens,ennes.
27)Carrefour-Carrefourois,es.
Cavaillon-Cavalonnnais,es.
28)Cayes-Cayens,ennes.
29)Cayes-Jacmel-Cayes jacmeliens,ennes.
30)Cerca la Source-Cercasourciens,nnes.
31)Cerca Cavaljal-Cavajalais,eMorne-Chansolme-Chansolmiens,ennes.
33)Chambellan-Chambellanais,es.
34)Chantal-Chantalais,es.
35)Chardonnières-Chardonésiens,ennes.
36)Corail-Coralliens,ennes.
37)Cornillon-Cornillonnais,es.
38)Côte de fer-Coteferrais,es.
39)Coteaux-Cotelais,es.
40)Croix-Des-Bouquets-Cruciens,ennes.
41)Dame Marie-Damariens,ennes.
42)Delmas-Delmasiens,ennes.
43)Desdunes-Deduniens,ennes.
44)Dessalines-Dessaliniens,ennes.
45)Ferrier-Ferrois,es.
46)Ennery-Ennois,es.
47)Dondon-Dondonnais,es.
48)Limbé-Limbéens,ennes.
49)Limonade-Limonadiens,ennes.
50)L'Estère-Estériens,ennes.
51)Les Anglais-Anglais,es.
52)Léogane-Léoganais,es.
53)L'Asile-Asilois,es.
54)Lascahobas-Lascahobassiens,ennes.
55)La Victoire-Victoriens,ennes.
56)La Vallée La Tortue-Tortuguais,es.
57)La Chapelle-Chapellois,es.
58)Kenscoff-Kenscovites.
59)Jérémie-Jérémiens,ennes.
60)Jean Rabel-Rabellois,es.
61)Jacmel-Jacmeliens,ennes.
62)Irois-Irosiens,ennes.
63)Ile-à-Vache-Vachiens,ennes.

02/04/2021

Bon a savoir

KI DIFERANS KI GENYEN ANTR JIRIS , FONDEPOUVWA AK AVOKA.

Anpil fwa gen anpil moun ki toujou konfonn fondepouvwa , jiris ak avoka . Fòk mwen di nou se pa menm bagay ditou. Yo chak genyen kondisyon ki pou reyini pou ou kapab yonn oubyen lot .

Ann gade ansanm:

⚖️JIRIS:

Yon jiris se yon moun ki suiv e fè etid dwa , se yon pwofesyonel nan dwa ki gen pou wòl analize dwa nan yon antrepriz . Jiris la ka travay nan antrepriz prive ou piblik li ka travay pou kont li tou . Se yon salarye ki travay pou antrepriz ki anplwaye li a. Jiris la pa ka reprezante kliyan devan tribinal ni negosye nan plas kliyan . Jiris yo souvan espesyalize yo nan yon branch dwa ou plizye branch dwa tankou dwa dèzafè , dwA fanmiy , pwopriyete entèlektyèl elatriye. Travay jiris yo se redije , negosye e mete kontra a jou e tout lòt dokiman jiridik antrepriz la . Jiris la gen pou misyon tou konseye direksyon kot lap travay la sou kesyon jiridik yo.

Fòk mwen di nou pa gen pyès kote nan lalwa ki reglemante kesyon jiris an Ayiti. Kontreman ak avoka yo ka fouye biwo yo e fè sezi men kabine avoka yo envyolab.

⚖️FONDEPOUVWA:

Yon fonde pouvwa se yon moun ki envesti de pouvwa pwokirasyon poul aji nan non yon lòt moun ou yon sosyete.

Fondepouvwa a se yon etidyan ki fini fè 2 lane nan dwa ki pwal fè twazyèm ane . Se pa konsa konsa ou vin fondepouvwa . Gen lwa nan peyi Dayiti ki di jan sa dwe ye.

Lwa ki pale de fondepouvwa a se yon lwa ki la depi 6 jen 1919 e nan lane 1942 ak 1952 te gen kèk modifikasyon nan lwa sa.

Yon fondepouvwa se yon defansè piblik ki ka reprezante kliyan li selman nan dosye ki nan konpetans tribinal de pè. Apre 2 lane nan dwa a sa pa vle di ou tou fondepouvwa , non fòk ou prete sèman devan tribinal de pè zòn ou pwal afekte a.

Men sèman fondepouvwa yo prete a « je jure d’ observer les lois et règlements en vigueur, de respecter les droits de mes concitoyens et de défendre avec honneur et conscience les intérêts qui me sont confiés. »

Fondepouvwa a pa ka deside al travay nan tribinal de pè li vle , nan lang fransè yo di li pa gen « plenitude de juridiction » , konpetans fondepouvwa a teritoryal ( rationae loci). Si fondepouvwa a gen pou li asiste yon kliyan devan yon lòt tribinal nan yon lòt komin diferan de kote yo fikse domisil pwofesyonel li fòk jij de pè nan tribinal kote li afekte a ba li yon pèmi espesyal pou sa. Men nan okenn ka fondepouvwa a pa ka al asiste yon moun devan yon tribinal de pè jiridiksyon yon lot tribinal premye enstans.

Lwa ki pale de fondepouvwa yo di tou depi yon moun te okipe yon fonksyon pandan 5 lane nan tribinal ( ansyen jij , e sipleyan jij de pè , ansyen grefye tribinal premye enstans ou jistis de pè , elatriye) ou kapab plede pou moun devan tribinal de pè .

Yon moun ki pa respekte sa lwa sa di a ki vin plede pou moun devan tribinal yo kapab pousuiv li paske lap egzèse ilegalman yon pwofesyon.

Nan pwofesyon avoka gen òd disiplin men pa gen sa pou fondepouvwa yo, moun ki la pou voye je sou dezòd yon fondepouvwa fè se jij de pè kote lap travay la e komisè gouvenman jiridiksyon li an. Depi yon fondepouvwa fè yon zak li kapab jwenn avètisman , reprimand e menm sispansyon soti yon mwa pou pi pitit a 12 mwa pou pi plis. yon Fondepouvwa yo bay sanksyon sa ka egzèse dwa rekou li , si se jij de pè ki bay sanksyon an li ka fè rekou devan komisè gouvenman e si se komisè gouvenman ki bay li li ka fè rekou devan ministè lajistis.

Selon zak fondepouvwa a fè a sou kliyan oubyen lòt yo kapab radye li pou lavi pou li pa egzèse pwofesyon sa a jamè. Sanksyon sa li menm se konpetans ekskliziv tribinal premye enstans li ye e apre ka gen apel.

⚖️AVOKA:

Yon avoka se yon moun ki otorize pou li pwatike dwa e ki la pou fè respekte la lwa pandan lap pwoteje dwa kliyan li. Avoka a gen anpil responsabilite ki ale pi lwen ke yon pwosè devan tribinal . Avoka a chèche enfòmasyon li redije dokiman , li konseye kliyan an elatriye.

Se sel avoka ki ka plede nan non kliyan li nan tout tribinal . Avoka a gen pou misyon reprezante , defann kliyan li lajistis pou pwoteje enterè li. Pandan avoka ap fè sa li dwe respekte 4 prensip ki se endepandans , lwayote, konfidansyalite ak sekrè pwofesyonel.

Pou ka vin avoka se preske 7 lane ou pran : fòk ou boukle 4 ane etid , siw pran yon lane pou fe memwa e soutni li pou gen lisans apre sa fòk ou fè lekòl bawo ak 2 lane estaj kom avoka estajyè.

Nan domèn dwa yon jiris se yon teyorisyen men yon avoka se non selman yon teyorisyen li se yon atizan tou. Tout avoka se jiris men tout jiris pa avoka . Avoka plede nan tout peyi a e nan tout tribinal , jiris pa ka plede nan tribinal , fondepouvwa ka plede selman nan tribinal de pè kote li prete sèman an.

Ni jiris, ni fondepouvwa, ni avoka gen plas yo nan jostis peyi a . Yo tout se non jan pwofesyon ki itil pou avansman lajistis.

Me Pelex Flereme ©©©

⚖⚖⚖⚖⚖⚖
C'est le devoir de chaque homme de rendre au monde au moins autant qu'il en a reçu.
A. Einstein.

✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉
Siw vle plis eksplikasyon ak detay sou dwa nan peyi Dayiti klike sou link sa pou like page la
https://www.facebook.com/fleremelaw/
Ou kapab tou ekri nou sou WhatsApp : 37011865

Vous voulez que votre entreprise soit Service Du Gouvernement la plus cotée à Delmas ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Téléphone

Site Web

Adresse


Vue
Delmas