Observatoire de la Décentralisation et du Développement Local - ODDL

Observatoire de la Décentralisation et du Développement Local - ODDL

Partager

Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Observatoire de la Décentralisation et du Développement Local - ODDL, Organisation politique, Maurice Latorture, Musseau, Delmas 48, Delmas.

Cette page Facebook est l'heritage d'un groupe de jeunes des 10 départements du pays au grand plaidoyer lancé par le GRIDE avec le soutien et l'appui de la FENAMH et des autres organisations d'élus qui adhèrent au mouvement.

05/02/2026

Nous vous informons que le Squelette de l'accord est désormais prêt pour votre relecture.

Vous pouvez y accéder directement via ce lien : https://docs.google.com/document/d/1TlbuRovTd4FwHrBP3AY_40YoFNJXbmS65aYjokS7ANg/edit?usp=sharing

Nous vous invitons à prendre connaissance du contenu et à ajouter vos commentaires ou suggestions directement sur le document. Cela nous permettra de centraliser tous nos échanges au même endroit.

Si vous avez besoin d'assistance, n'hesitez pas à nous contacter.

#

03/02/2026

Nou pa p pran nan egzekitif san kontwòl ankò!

01/02/2026

Nou pa pran nan egzekitif san kontwòl ankò!

01/02/2026

La transition légitime, c'est possible.
Un accord concret place le pouvoir de contrôle entre les mains des Assemblées citoyennes.
- Fin des nominations opaques.
- Lutte réelle contre l'insécurité et la corruption.
- Une feuille de route claire.
Lisez. Partagez. Revendiquez cet avenir.
➡️ https://docs.google.com/document/d/1hQjnEO1IAsT7XeLqk7AwnfcE1wBFhdlc/edit

28/01/2026

« Haïti mérite la paix, la justice et le progrès !
Voici l’Accord pour la Sécurité, la Bonne Gouvernance et le Développement d’Haïti (14 chapitres – 36 articles concrets).
Un document citoyen, inclusif, qui propose une vraie rupture : fin des gangs, élections propres, lutte anticorruption, retour des déplacés, relance du pays.

Cliquez sur ce lien pour lire le document 👇: https://docs.google.com/document/d/1rP1GYMwLmtSzgz1NAGrfxWR9EA04szFce-kc02d4q7A/edit?usp=sharing

LISEZ-LE MAINTENANT (https://docs.google.com/document/d/1rP1GYMwLmtSzgz1NAGrfxWR9EA04szFce-kc02d4q7A/edit?usp=sharing)

Dites-nous en commentaire : quelle mesure vous semble la plus urgente pour Haïti ?
Partagez massivement avec la diaspora et vos proches !

23/01/2026

Kelkilanswa pwoblèm nou genyen ak KPT, nou dwe regle sa avèk yo ant Ayisyen. Nou dwe kanpe kont etranje k ap pase lòd, k ap menase dirijan peyi Dayiti ke yo menm ankò foure nan gòj nou.
7 fev. Poko rive, KPT a gen dwa pran desizyon politik toujou. Se domaj, yo pat janm aprann esplike pèp la rezon yo pran yon desizyon. Se sou lòd yo te konn ap aji. Si pou yon fwa, gen yon ti santiman revòlte ki travèse yo fòk nou bat bravo, san nou pa padone dega yo fè.

Si nou tolere sa, lè yon gouvènman serye yo pa ka manipile monte, y ap vin arete, imilye prezidan an jan yo fè Madouro a.

An nou leve kanpe kont enjerans sa yo. An nou revandike dwa grandèt majè peyi a. An nou idantifye tout politisyen mal pou wont k ap mache nan jwèt koken sa a.

20/01/2026

Prof. André Lafontant Joseph invite les parties politiques et la société civile à prendre connaissance de "l'Accord pour la sécurité et le développement local" disponible sur les pages Facebook GRIDE (Groupe de Recherche et d'intervention en Développement et en Éducation) et ODDL (Observatoire de la Décentralisation et le du Développement Local).

19/01/2026

Je vous informe que le Squelette de l'accord est désormais prêt pour votre relecture.
Vous pouvez y accéder directement via ce lien : https://docs.google.com/document/d/1TlbuRovTd4FwHrBP3AY_40YoFNJXbmS65aYjokS7ANg/edit?usp=sharing
Je vous invite à prendre connaissance du contenu et à ajouter vos commentaires ou suggestions directement sur le document. Cela nous permettra de centraliser tous nos échanges au même endroit.

Si vous avez besoin d'assistance, n'hesitez pas à me contacter.

19/01/2026
16/01/2026

Je vous informe que le Squelette de l'accord est désormais prêt pour votre relecture.
Vous pouvez y accéder directement via ce lien :👇🏾👇🏾👇🏾

https://docs.google.com/document/d/1yYIn3ZkEfdNjsRbi_LyhQpY5paoC695kMYDOqAHphOM/edit?usp=sharing

Je vous invite à prendre connaissance du contenu et à ajouter vos commentaires ou suggestions directement sur le document. Cela nous permettra de centraliser tous nos échanges au même endroit.

Si vous avez besoin d'assistance, n'hesitez pas à me contacter.

16/01/2026

Kisa nou ye?
Kisa nou vle ?

Non nou se : Asosyasyon Sitwayen Ayisyen pou Desantralizasyon ak Devlopman lokal.

Nou gen nan tèt asosyasyon sa a yon komite ad òk pou yon ti tan André Lafontant Joseph ap dirije ki gen pou bay plas ak yon direksyon eli nan premye asanble jeneral pou vote estati li ki ta dwe òganize nan 3 mwa pou pita.

N ap konsilte lòt manm yo pou konnen kiyès ki kapab epi ki vle rantre nan komite pwovizwa a epi bay konpozisyon li anvan lontan. Nou monte yon komite estratejik ak kèk lòt enstitisyon ak pèsonalite ki vle pote kole ak asosyasyon an.

Kisa nou pa ye ?
Nou pa yon pati politik
Nou pa yon biznis
Nou pa yon eskalye pou opòtinis sèvi ak nayivte pèp la pou yo rive
Nou pa mare sosis ak ankenn sektè politik
Nou pa makònen ak ankenn fanmi ankenn klik
Nou pa byen prive moun n ap bay dirije asosyasyon an.
Dirijan sa yo pa ka di sou non nou bagay nou poko antann nou sou yo, yo pa ka resevwa lajan sou non asosyasyon an, yo pa ka soutni kandidati moun pou pòs oswa fè koutye pati politik pou yo resevwa lajan oswa lòt avantaj pèsonèl, yo pa ka itilize byen ak materyèl asosyasyon an pou zafè pèsonel yo oswa fanmi yo.
Depi dirijan nou yo koupab youn nan fot sa nou site la yo, gen yon komite etik ak antikoripsyon asosyasyon an k ap jije yo epi ba yo sanksyon ki prevwa.
Sel asanble jeneral la kapab modifye yon sanksyon, nan yon konvokasyon ekstraòdinè.
Apre desizyon asanble jeneral mou, nou ka pote kole ak nenpòt ki pati politik ki bay prèv l ap mache dèyè menm objektif avèk asosyasyon an, jiskaske li prouve se twonpe li te dèyè twonpe nou.
Lè sa a nap denonse l piblikman epi nap konbat li sou teren an.
Nou ka soutni tout kandida palmantè endepandan ki se yon militan konsekan desantralizasyon, devlopman lokal epi yon lenmi koripsyon Si regwoupman nou nan sikinskripsyon an swete sa. Kandida sa a riske pou asosyasyon an denonse l, si se sou blòf li ye.
Pèsonn nan asosyasyon a pa dwe pran yon goud nan men yon kandida oswa yon pati pou soutni yo nan eleksyon. Si sa fèf, n ap denonse epi komite etik la ap mete koupab la deyò piblikman.
Nap fè pifò aktivite nou anliy an atandan sitiyasyon jeneral la pèmèt reyinyon prezansyèl. Nou gen teknisyen pou sa.

Objektif fondamantal nou :
Redistribye richès nasyonal la pou pèp la kapab jwenn sèvis baz ki pèmèt li viv tankou moun, elve pitit li, konbat maladi, jwenn bon dlo potab ; Pou ti moun yo jwenn bon lekol fondamantak nasyonal oswa kominal gratis; Aprann renmen peyi yo, kominote yo ak konsitwayen yo; Aprann respekte byen ki pa pou yo men ki pou tout moun; Respekte anviwonman; Respekte moniman ak zòn istorik peyi a; Respekte fanm ; ede moun ki andikape oswa ki an difikilte ; Jwenn mwayen pou yo fè espò, aprann yon aktivite kiltirel (penti, atizana, mizik, elatriye ; Aprann yon metye itil.

Nou ka deside voye pwòp militan asosyasyon nou an kòm kandida endepandan pou pòs yo kalifye pou yo.
Depi yo chanje kazak, komite etik ap denonse yo, sanksyone yo epi konbat yo sou teren an.

Objektif segondè ijan nan moman an :
Reyini plis pase 5.000 manm endividyèl ak òganizason anvan 30 janvye 2026
Monte asanble depatmantal ki pa janm monte yo paske yo pa janm reyalize eleksyon endirèk. Nou ka jobstate dekrè elektoral sa yo pibliye a pa pale de sa ditou.
Òganize avek konkou inivèsite yo 6 a 10 asanble depatmantal enterimè nan 6 a 10 depatman , avek anplis youn nan pwochen depatman Lèpalm la kote asanble sa yo ap gen otorite pou :
Chwazi 2 reprezantan nan chak depatman sa yo, yon gason ak yon fanm pou ale patisipe nan OCAG pou la epi :
Drese nan asanble depatmantal yo, lis moun depatman yo ak awondisman yo nan atelye awondis yo) pèsonalite yo kwè ki kalifye epi ki serye pou vin delege ak vis delege,
Transmèt lis delege ak vis delege sa yo bay prezidan provizwa OCAG ap chwazi a ki gen pou valide youn nan chwa asanble yo dapre sa k ap prevwa nan akò nou an.

Drese nan regwoupman dyaspora yo lis moun ki diskalifye pou rete anbasadé, konsil, reprezantan peyi a epi bay yon lis pa twò kong moun ki patriyòt, serye epi konpetan pou prezidan konsidere pou l chwazi nouvo manm diplomasi a, jan sa prevwa nan dokiman akò a.

Objektif espesyal pou 7 fev 2026.

Sou reponsabilite dirèk pa nou :

Ranmase nan tout peyi a ak nan dyaspora asiyati moun ki dakò ak akò pou tabli fondasyon pou sekirite ak devlopman nan peyi a
Bay tout komite kominal asosyasyon an ak antèn òganizasyon ki fòme l yo responsabilte pou chèche moun serye ak òganizasyon ki dakò ak akò sa a pou siyen l alamen oubyen andose l sou gras ak yon fòmilè nou prepare deja.
Ede avek kolaborasyon inivèsite yo, meri yo, kazek yo, azek yo, delege vil yo ak lòt semp sitwayen ki manm asosyasyon an, òganize yo omwen 7 asanble ki pou voye delege teritoryal yo nan OCAG la ki se koròm ⅔ akò a ap fikse, dekwa pou OCAG kapab chwazi an ijans yon premye minis enterimè k ap gen pou kontinye regle zafè kourant yo ak tout sa ki prevwa nan akò a, si li ap bòykote OCAG ap mete l atè nan 15 jou.
Mobilize kont vye pratik koripsyon responsab kap jwenn lajan ranseyman kach anba tab nan .en minis finans sou baz pozisyon yo nan pouvwa a. Sa dwe sispann 6 fev 2026 a minui.
Fòse gouvènman enterimè a, si sa nesesè, pibliye bouyon bidjè a pou regwoupman ki reprezante kolektivite yo, Lakoudèkont ak OCAG bay dizon yo avan gouvènman sa a prepare pwojè bidjè a! Jan lalwa prevwa sa.
remèt pwojè bidjè final la pou OCAG apwouve, jan lalwa mande sa ;
Fòse gouvènman enterimè a, si sa nesesè, pibliye yon bidjè ki regilye ak tout anèks li byen klè, pou pita nan mwa mas 2026.
Jwenn finansman nan bidjè a pou fonksyonman asanble depatmantal enterimè yo ak fonksyonman OCAG.
Fòse leta, si sa nesesè chita ak OCAG pou prepare lwa sou enstans ranseyman ak entelijans peyi a.
Remèt tout ògàn kolektivite yo pòsyon Fon jesyon ki konsakre pou yo a ;
Retounen ak Fon kominal yo nan bidjè nasyonal a pou ogmante lajan ki pou envesti nan devlopman lokal nan tout seksyon kominal, tout komin ak tout depatman ki gen nan peyi a.
Louvri kont labank seksyon kominal yo ;
Nan kolaborasyon ak inivèsite yo INFP ak enstitisyon espestalize prive lanse yon pwogram fòmasyon anliy sou lidèchip lokal, bidjè ak kontabilite piblik lokal ki pèmèt eli lokal anplwaye ki deja nan pòs ak lòt moun ki ta renmen travay nan kolektivite yo jwenn diplòm rekonèt pa leta.

Objektif pou 100 premye jou a pati 7 fevr 2026 :

Reyini omwen 70 % nan manm OCAG yo pou resevwa, analize dosye, poze kesyon epi chwazi moun k ap prezidan ak premye minis pwovizwa yo a pati pwopozisyon ki soti nan lakoudèkont, lòt asosyasyon ki soutni oryantasyon politik ki nan akò sentèz nou an oswa nan opozisyon an ki genmoun ak pati ki pa dakò ak akò sa a.
Analize deklarasyon politik jeneral premye minis la ak manm gouvènman l yo prezante bay nasyon an ;
Reklame Egzekison fèydewout sekirite a pou :
debloke wout yo,
fòse gang yo depozezam yo,
monte KSM yo ak PAM yo pou ranfòse Lapolis, jan sa prevwa nan akò a;
Refòme CEP
Evalye epi korije baz done ONI a pou wetire doublon, moun ki mouri depi 2010,ajoute moun ki fèt depi 16 an nan peyi a.
Chwazi yo sistè. Vòt elektronik ki pou bese lajan eleksyon koute, rakousi dèle pou bay rezilta, diminye fwod ak chire pit.
Pèmèt omwen 80 % nan moun ki deplase yo retounen lakay yo, relanse biznis yo pou yo ka vote pou eli lokal yo, depite sikonskripsyon yo ak senatè depatman yo
Konstiksyon nouvo lojman nan katye defavorize yo
Rekonstriksyo tribinal, prizon, lopital, lekòl, biwo seksyon kominal yo.
Fè lajan sikile nan tout peyi a;
Bese pri gaz
Ajiste salè minimòm

04/01/2026

San kondisyon!

Vous voulez que votre entreprise soit Service Du Gouvernement la plus cotée à Delmas ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Téléphone

Adresse


Maurice Latorture, Musseau, Delmas 48
Delmas