Union Nationale des Démocrates Haïtiens-UNDH

Union Nationale des Démocrates Haïtiens-UNDH

Partager

UNDH se yon pati politik ki louvri bra’l byen gran pou’l akeyi tout moun ki vle fè politik pou chanje figi peyi nou

20/02/2026

Mobilize! Mobilize!
Youn di lòt!

UNDH salye tout manm, patizan ak sen patizan li yo e pwofite okazyon an pou raple Gran Rasanbleman Pati Politik la se pou Samdi 28 fevriye a 11h.

UNDH ap tann tout moun nan lokal pati a jan sa abitye ye.
Gen sipriz e anpil pawòl pral pale.
Chak moun mennen lòt moun, envite yon zanmi, yon pwòch ou.

Nou pral kontinye montre se nou ki fòs la

NOU SE UNDH.

19/02/2026

Rankont avèk responsab grand alyans patriotik kap fè pwomosyon pou konferans nasyonal la.

Union nationale des démocrates haïtiens UNDH te resevwa jodia mekredi 18 fevriye 2026 la, prezidan pati politik ansanm pou ayiti a ki se egalman prezidan grande alliance patriotique pour la promotion de la conférence nationale, mr Schultz Simpssie Cazir.

Rankont sa te enskri nan kad pledwaye ak vire won Mr Cazir pou eseye rasanble plis strikti posib otou de ide sa, ki se fè pwomosyon pou gen Yon konferans nasyonal pou evite 30 pwochèn ane yo pase menm jan ak 25 dènye yo la.

Menm jan ak Alyans lan, UNDH konprann enpòtans konferans nasyonal la e pwofite pou salye memwa Turneb Delpé sepandan UNDH wè premye rankont sa kom yon priz kontak e swete yon rankont pi elaji pou reflechi kisa ki ka fèt ansanm.
Pwochen echanj 2 strikti yo se pou vendredi 20 fevriye a 6h nan aswè nan apel konferans.

UNDH se yon pati santris, ki pran dialòg ak inite kòm bousòl li
Nou rete kwè se dialog ak bon jan akò politik ki pou fasilite demen miyò a

19/02/2026

Kreyasyon Yon komite pwovizwa nan tèt biwo nasyonal UNDH pou jesyon li jiska pwochèn eleksyon.

Jodi mekredi 18 fevriye 2026 la, ansanm Moun ke non yo kenbe pou komite pwovizwa te reyini sou direktiv sekretè pati a pou bayo fèy de wout kap pèmèt yo mennen pati a abon pò jiska eleksyon.

Jan stati pati a prevwa sa nan atik 20 ak 21 li, nouvo komite a gen 9 manb ki repati konsa:

1 - Yon sekretè jeneral
2- Yon sekretè adjwen
3- Yon responsab kominikasyon
4- Yon trezorye kontab
5- Yon delege nasyonal
6- Yon responsab finans
7- Yon konseye teknik
8- sekretè redaktè
9- administratè

Gran rasanbleman pati a se pou samedi 28 fevriye e prezantasyon komite a ap gen pou fèt bay piblik la.

Pati politik UNDH kontinye ap travay pou ranfòse tèt li chak jou pi plis.
Malgre sa li reprezante sou tèren an li pa kite fòs la monte nan tèt li men li toujou ap reflechi sou meyè altènativ yo pou fasilite chak desizyon yo.

18/02/2026

Klike sou video sa, Aprè ou fin tande sak di yo, wap an mezi pouw konnen kisa ki pati politik UNDH la.

Video sa dekri UNDH, li pale de egzistans li, li edew konprann kibò UNDH sòti ak ki vizyon li.

Jan sa di nan video a, pòt UNDH ouvri ap tann tout Moun Moun ki ta renmen vin manm pati a.
Demen miyò a posib men se ak vizyonè angaje ki pa abandone.

14/02/2026

Rapò sou 2 rankont sekretè jeneral UNDH la akonpanye kek manm nan direktwa te reyalize jounen mèkredi 11 fevriye 2026 la nan lokal pati a

Nan kad ranfòsman estrikti pati a ak dinamik ouvèti sou patnè enstitisyonèl yo, sekretè jeneral la, Majistra Dodo, ansanm ak Madam Natacha Jean Charles, Watson Morisset ak pòt pawòl la, Diamby Remé, te reyalize de (2) rankont enpòtan nan jounen Mèkredi a.
Yon premye chita avèk Òganizasyon OCTRAACO, yon estrikti ki baze nan Onavil e ki gen nan tèt li Mesye Corneille Pierre.

Chita pale sa a te vize sitou:
- kontinye ranfòse prezans ak estrikti pati a sou teren an.
- Devlope pi bon kowòdinasyon ant lidèchip politik la ak aktè kominotè yo;
- Mete an plas mekanis kolaborasyon pou aksyon dirab nan kominote a.

Echanj yo te fèt nan yon lespri ouvèti ak konpreyansyon mityèl, ak volonte pou konstwi yon patenarya solid ki kapab pote rezilta konkrè pou baz la.

2. Rankont ak CPDEP e PAPPOL

Dezyèm rankont la te fèt ak Centre pour la Promotion de la Démocratie et de l’Éducation (CPDEP), yon estrikti ki travay ak pati politik yo pou ranfòse kapasite yo epi ankouraje bon jan gouvènans. Rankont sa a te enskri nan demach pou tabli yon kolaborasyon ak PAPPOL (Programme d’Appui aux Partis Politiques).
Objektif prensipal yo se:
- Mete sou pye yon seri fòmasyon pou manm UNDH yo;
- Fòme kad pati a sou sistèm elektoral la;
- Bay prezantasyon sou plizyè lòt tematik estratejik ki gen rapò ak lavi politik ak òganizasyonèl pati a.
Inisyativ sa yo antre nan vizyon UNDH pou konstwi yon pati politik ki gen kad kalifye, prepare, epi angaje pou sèvi demokrasi a avèk konpetans ak etik.
- jwenn posibilite poun fòme mandatè nou yo davans pou yo konprann sistèm elektoral la

De rankont sa yo te fèt nan yon atmosfè konstriktif e yo louvri pòt pou nouvo opòtinite kolaborasyon. Lidè UNDH la rete kwè ke patenarya sa yo ap pote inovasyon, fòmasyon solid, ak yon pi bon estriktirasyon pou pati a.
Nou envite tout manm yo ak senpatizan yo rete konekte. Osito gen randevou ak pwogram fòmasyon ki fikse, nou pral enfòme nou pou nou ka patisipe masivman.
UNDH ap kontinye travay pou ranfòse kapasite li yo, elaji patenarya li yo, epi konstwi yon altènativ politik serye pou peyi a.

12/02/2026

Le temps est au dialogue, mais pas à l’arrogance.
Il faut engager un dialogue afin d’aboutir à un accord politique en vue d’organiser des élections participatives, libres et démocratiques, a précisé avec fermeté Diamby Remé, porte-parole de l’Union Nationale des Démocrates Haïtiens (UNDH).
Selon Diamby Remé, si le Premier ministre, Alix Fils-Aimé, n’entend pas raison, il en comprendra les conséquences lorsque celles-ci se feront sentir.

20/01/2026

Premye gran rasanbleman pati politik Union nationale des démocrates haïtiens pou ane 2026 la se samdi 24 janvye

UNDH salye tout manm li yo, patizan ak senpatizan e pwofite okazyon an pou envite tout Moun nan gran rankont pati a jou kap samdi 24 janvye 2026 la nan lokal pati a a 10h nan maten.

Pa rate randevou sa, anpil koze pral pale se la pou’w la

Photos from Union Nationale des Démocrates Haïtiens-UNDH's post 28/12/2025

Kont Randi sou Gran Rasanbleman UNDH – Samdi 27 Desanm 2025

Union Nationale des Démocrates Haïtiens (UNDH) te òganize, samdi 27 desanm 2025, yon gran rasanbleman politik ki make yon etap enpòtan nan dinamik mobilizasyon ak ranfòsman pati a sou plan nasyonal. Evènman sa a te rasanble militan, kad, senpatizan ak plizyè pèsonalite ki gen non nan sosyete a, nan yon anviwònman ki te chaje ak detèminasyon, responsablite ak espwa pou lavni peyi a.

Nan entèvansyon santral li a, Sekretè Jeneral UNDH la, ansyen majistra Petyonvil, Dominique Saint-Roc, te lanse yon apèl klè, fòtman politik, an favè linite fòs serye yo fas ak kriz miltidimansyonèl Ayiti ap travèse. Daprè li, peyi a rive nan yon pwen kritik kote diskou vid ak atitid pasif yo pa kapab ankò reponn ak anvègiti defi yo.

Lidè a te raple ke chanjman reyèl la pa ka fèt pa yon moun sèl, men li dwe sòti nan yon volonte kolektif, òganize ak konsyan. Li te souliye nesesite pou rasanble moun serye yo, menm si yo pa anpil, pou konstwi yon fòs politik solid, ki kapab aji avèk klate, disiplin ak sans responsabilite nan enterè demen miyò peyi a.

Sou plan estratejik, Sekretè Jeneral la te reafime pozisyon UNDH kòm yon pati santris, ki chwazi demokrasi kòm sèl chemen lejitim pou rive sou pouvwa a. Li te fè konnen ke pati a pare pou patisipe nan eleksyon, epi li rete angaje nan batay pou enstitisyon solid, transparans nan jesyon piblik la, ak respè souverènte popilè a.

Nan yon analiz kritik sou jesyon lokal la, Dominique Saint-Roc te raple ke depi anviwon sis (6) lane li pa nan tèt meri Petyonvil la ankò, vil la sibi yon regresyon vizib. Daprè li, absans vizyon ak lidèchip responsab transfòme espas piblik yo an depotwa fatra, sa ki afekte sikilasyon, diyite sitwayen yo, epi degrade imaj vil la. Referans sa a te sèvi pou ilistre konsekans dirèk move gouvènans sou lavi chak jou popilasyon an.

Gran rasanbleman sa a te tou yon demonstrasyon kapasite mobilizasyon UNDH, ki kontinye konstwi tèt li kòm yon altènativ kredib, ki refize vye konpwomi, epi ki chita aksyon politik li sou prensip, valè demokratik ak enterè siperyè nasyon an.

Pou tèmine, gran rasanbleman 27 desanm 2025 la konfime volonte UNDH pou jwe yon wòl santral nan rekonfigirasyon peyizaj politik ayisyen an. Nan yon kontèks kote dezòd, ensekirite ak defisi gouvènans fragilize konfyans sitwayen yo, mesaj Sekretè Jeneral la trase yon liy klè ant ansyen pratik yo ak yon nouvo fason pou fè politik.

UNDH ap lanse yon apèl responsab bay tout fòs viv nasyon an : lè pou rasanble rive, lè pou kite divizyon esteril yo dèyè, epi lè pou konstwi ansanm yon pwojè politik ki baze sou demokrasi, jistis sosyal ak devlopman dirab. Chanjman an posib, men li mande angajman, kouraj ak linite. UNDH di li pare pou pran responsabilite istorik sa a, ansanm ak pèp ayisyen an.

UNDH, fòs kap monte a
Yon lòt vizyon
Yon lòt apwòch
Yon lot fason fè

25/12/2025

Message de l’UNDH à l’occasion des fêtes de Noël

Peuple haïtien,
La fête de Noël ne vient pas pour nous faire oublier nos souffrances. Considérons plutôt qu’il vient nous rappeler nos responsabilités. Car lorsqu’un peuple souffre trop longtemps sans réagir, le silence devient une forme de complicité.

Aujourd’hui, Haïti traverse une crise qui n’a rien de naturel. Ce que nous subissons est le résultat de choix politiques, de l’abandon de l’État et d’un manque de vision. Le pays n’est pas tombé : on l’a simplement laissé à l’abandon. Et pourtant, il peut encore se relever.

L’UNDH l’affirme clairement : nous refusons d’accepter la misère comme un destin, l’insécurité comme une normalité, le désordre comme un système. Ce Noël doit marquer un moment de rassemblement des consciences, et non une fête d’hypocrisie.

Il n’y a pas de changement sans lutte,
Il n’y a pas de dignité sans résistance,
Il n’y a pas de lendemain meilleur sans sacrifice.

Notre combat n’est pas un combat de destruction, mais un combat de reconstruction. Il ne s’agit pas de remplacer des visages, mais de changer les pratiques. Il ne s’agit pas de prendre le pouvoir, mais de rétablir le sens de l’État et le respect du peuple.

Une autre Haïti est possible, mais elle exige plus que de l’espoir :
Elle exige de l’engagement,
Elle exige de la discipline,
Elle exige le courage de briser les vieilles logiques.

En ce Noël, l’UNDH appelle chaque Haïtien à prendre sa place dans le combat. Car le lendemain ne se construira pas sans nous, et l’histoire ne pardonnera pas à une génération qui aura vu son pays mourir sans réagir.

C’est ensemble, avec conscience et conviction, que nous ouvrirons la voie vers une Haïti debout, qui se respecte et qui respecte ses enfants.

Joyeux Noël.
Non à la résignation, mais à la résistance.
Non à l’illusion, mais au combat.
Non à la peur, mais à la responsabilité.

✊🏾🇭🇹
UNDH – Union Nationale des Démocrates Haïtiens

19/12/2025

Nou so’t pase yon lane politik kote nou aprann anpil leson politik sa yo dwe mete nou sou yon pi bon wout pou ane kap rantre. vini nou klotire ane sa ansanm.

13/12/2025

UNDH : Fòs Moral ki Rete Debout pou Ayiti

Nan yon epòk kote anpil aktè politik pèdi sans misyon yo, e popilasyon an pèdi konfyans nan lidè yo, Union Nationale des Démocrates Haïtiens (UNDH) rete youn nan rèl vivan ki pwouve se toujou posib fè politik ak diyite. Pati a refize tout wout konpwomi ki trayi peyi a, li chwazi kanpe bò kote sila yo ki pi fèb yo, kote batay pou jistis ak respè imen kòmanse.

Ala tèt pati a, nou jwenn Dominique Saint Roc, ansyen Majistra Petyonvil, yon nonm k ap mache ak zepòl dwat paske li kite yon mak onèt kote li pase. Saint Roc se lidè ki pa gade pouvwa kòm privilèj, men kòm devwa pou sèvi. Relasyon li ak pèp la senp, san parèy : li pale ak moun yo, li tande yo, li pote chay yo sou tèt li.

Pouvwa, pou UNDH, se pa yon bout wout, se zouti pou ranje sa ki kraze. Se poutèt sa pati a vize ale nan eleksyon pou jwe wòl li nan demen miyò peyi a. Objektif la klè : rekonstri Ayiti sou baz konpetans, sekirite, travay ak moral politik. Li pa fasil, men li posib e UNDH kwè nan posiblite sa a avèk yon disiplin ki pouse respè.

UNDH se pa yon mouvman kap pale fò ; se yon fòs kap grandi an silans, ak travay, ak moun serye. Li pote espwa yon jenerasyon ki bouke ak koze menm jan. Li ofri yon chimen kote lespwa pa tounen ilizyon, men tounen estrateji.

Se pa nan chans nou kwè men pito nan fòs travay ak kapasite pèp la.
UNDH se fòs k ap monte a. E nou kwè sa kapab chanje

Yon lòt vizyon
Yon lot apwòch
Yon lot ayiti

Vous voulez que votre entreprise soit Service Du Gouvernement la plus cotée à Peguy Ville ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Téléphone

Site Web

Adresse


Péguy-Ville, 8 Rue Ferrand De Baudieres
Peguy Ville
HT6140