Rassemblement des Jovenelistes pour la Démocratie - RJD

Rassemblement des Jovenelistes pour la Démocratie - RJD

Partager

Page officielle du Rassemblement des Jovenelistes pour la Démocratie - RJD.

01/02/2024

RASANBLEMAN JOVENELIS YO POU DEMOKRASI (RJD?

Nòt pou laprès

Depi kèk tan Rasanbleman jovenelis yo pou Demokrasi (RJD), ki sèmante pou Prezidan Jovenel Moïse jwenn jistis, konstate enstriksyon sou asasinay Prezidan an tounen maskarad. Prezime asasen yo ki nan pouvwa politik ak sa ki nan sektè ekonomik makonnen ansanm pou kase fèy kouvri sa, nan enstrimantalize pouvwa jidisyè a. Yo monte yon tranzisyon sanginè ki fè lavi pèp ayisyen tounen lanfè.

Chèf gouvènman poutchis la, mouche Ariel Henry se yonn nan benefisyè e sispèk nan lanmò Prezidan an dapre rapò Direksyon Santral Polis jidisyè ki gen tinon jwèt DCPJ. Enstitisyon sa a fè konnen avan krim nan Ariel Henry te pale ak sèvo prezime operasyon kriminèl la Felix Badio. Li pale ak li pandan krim nan ap fèt enpi apre krim nan fin fèt. E lè sa a Badio sanble te kay Prezidan an. Se poutèt sa lajistis te mande enkilpe Ariel Henry enpi mete entèdiksyon pou li kite peyi a.

Ak sipò oligak kowonpi ki te sèmante pou depafini Prezidan Jovenel Moïse, Ariel Henry ak komisè gouvènman Pòtoprens Edler Guillaume monte yon operasyon entoksikasyon opinyon piblik la pou eseye fè kwè si se pa Prezidan ki touye tèt li konn se patizan li yo ki touye l. Sa moutre nou klè prezime asasen yo mete babkoukèt nan bouch lajistis, vyole endepandans li. Pap ka gen jistis pou Jovenel Moïse ak Ariel Henry sou pouvwa.

Apre plis pase trant mwa depi tranzisyon sanginè sa a enstale nan tèt peyi a, nou deja konte plis pase 12026 mò anba bal, 10000 kidnaping ak 375000 deplase, san konte fanm ak tifi vyole. Li lè li tan pou rèy asasen yo fini.

Se poutèt sa Rasanbleman jovenelis yo pou demokrasi (RJD) ap kontinye apiye tout mouvman revandikasyon pèp la pou yon chanjman radikal nan peyi a.

Tout moun ki sanble, rasanble. Tout òganizasyon ak estrikti politik ki sanble, rasanble. Nou ka fè l n ap fè l.

Pa gen wout pa bwa, lòt Ayiti a ap rive tout bon!

Rénald Lubérice
Rasanbleman Jovenelis yo pou Demokrasi (RJD)

09/12/2022

Réaction du RJD à la note Secteur privé

Port-au-Prince, le 9 décembre 2022

Le Rassemblement des Jovenelistes pour la Démocratie (RJD) a pris connaissance de la Note de presse de 6 pages, non datée, du Secteur privé haïtien, signée par huit des principales associations patronales du pays et certains grands groupes industriels et commerciaux. Appelant les différents acteurs à résoudre leurs différends par un accord politique devant conduire aux élections, les signataires s’engagent à accompagner la mise en œuvre de réformes établissant de nouvelles règles de conduite des affaires en Haïti. Ils annoncent à la Nation avoir mis « fin aux divisions » qui les séparaient et lancent « une alliance pour le changement ».

Le RJD fait les remarques suivantes :

Cette annonce intervient 17 mois après l’assassinat du Président Jovenel Moïse, qui a donné sa vie pour qu’un changement réel et sérieux intervienne dans la manière de faire les affaires dans le pays, et seulement trois jours après les sanctions du Canada contre G. Bigio, R. Deeb et S. Abdallah, tous membres très influents du secteur privé.

Cette crise profonde que traverse notre pays est avant tout économique. Si la manière de conduire les affaires change, la politique n’aura d’autre choix que de s’adapter au nouvel ordre des choses.

Ces acteurs économiques promettent dans l’immédiat la réforme des pratiques commerciales internes afin d’abandonner la concurrence déloyale et le non-respect des normes éthiques et juridiques qui ont contribué à plonger le pays dans cette catastrophe. Ils vont travailler sur un code de conduite public-privé pour ce faire.

Ils appellent à une administration transitoire de consensus avec laquelle ils collaboreront pour l’élaboration d’un Plan Stratégique de Développement Economique et Social (PSDES), tout en promettant leur collaboration à la promotion de « la libre entreprise, la concurrence juste et équitable, l’investissement direct, la compétitivité, l’inclusion sociale et la croissance économique ».

Si la démarche très t**dive du secteur privé est sincère ce sera un tournant majeur pour une Haïti sans gangs armés, avec des parlementaires compétents dédiés à l’intérêt commun et non celui d’un seul ou d’un petit groupe, une douane juste et impartiale au service de tous et non d’un seul et ses copains, la possibilité pour la diaspora de faire affaire en Haïti sans risque de se faire kidnapper ou assassiner.

Dans cette note, il n’y a pas d’engagement clair du secteur privé de renoncer, à partir des prochaines élections, à appuyer la prise du pouvoir sans les urnes, sous quelque forme que ce soit.

Il n’est jamais trop t**d pour bien faire. Le RJD supportera cette démarche du secteur privé si elle ne s’inscrit pas dans une tentative de fuir les sanctions internationales pour continuer plus t**d le « business as usual ». Il appelle la société dans son ensemble à prendre les signataires de cette note au mot : Ils disent vouloir faire les choses autrement. Aidons-les à les faire autrement, ainsi Jovenel Moïse ne serait pas mort pour rien. Le RJD appelle à la mise en place d'un Observatoire Citoyen du respect des engagements pris par le secteur privé dans sa note.

FIN.-

RJD-1222-08-15

Pour authentification

Bureau de Communication du RJD : [email protected]

11/11/2022

POZISYON RJD SOU KONPLO K AP MARINEN POU LIBERE ASASEN PREZIDAN JOVENEL YO.

NÒT POU LAPRÈS
11 novanm 2022

Rasanbleman Jovenelis yo pou Demokrasi (RJD) denonse ak tout fòs konplo asasen an libète yo ap marinen pou libere sòlda kolonbyen ki enplike nan asasinay prezidan peyi an, Ekselans Jovenel Moïse nan dat 7 Jiyè 2021 andedan lakay li. RJD ap raple, daprè rapò DCPJ sou asasina a ak ankèt sèvis espesyalize peyi Kolonbi, sòlda kolonbyen sa yo patisipe dirèkteman nan touye Prezidan an.

Depi lè li pran tèt Primati a, Ariel Henry ki gen non li site tou nan touye Prezidan Jovenel Moïse, fè tout fason pou li bloke ankèt sou asasinay sa a. Se pa san rezon li te pran defans sòlda kolonbyen yo nan yon entèvyou li te bay CNN.

Tribinal Premye Entans Pòtoprens, sou lobedyans Bernard St-Vil te fè manda asasen yo te itilize pou antre asasinen Prezidan an anndan lakay li. Se pa san rezon, sou lòd oligak kowonpi ak machann blakawout, Ariel Henry ap travay men nan men ak menm Bernard St-Vil sa a enpi Bertho Dorcé, Minis lajistis ki se defansè sistèm ki manje Prezidan an, pou ekzekite misyon yo genyen ki se blanchi tout asasen ak otè entelektyèl zak sal sa a.

RJD vle tout moun konprann peyi an pap ka pran chimen pwogrè ak estabilite si limyè pa fèt sou zak sal 7 jiyè 2021 an, ki plonje Ayiti nan kawo total, ki plonje pèp la nan plis mizè ak ensekite.

Se pou sa, l ap lanse yon mizangad bay dwayen Bernard St-Vil. Bernard St-Vil kanpe la ! Sispann fè jwèt politisyen kriminèl sou pewòl oligak kowonpi k ap marinen konplo depi yon bon bout tan pou sal imaj peyi an plis toujou, nan libere asasen ki patisipe nan touye demokrasi peyi an, nan detwi rèv pèp la pou yon lavi miyò.

Menmjan li te mobize pou te arete kolonbyen ki te patisipe nan touye prezidan an, Rasanbleman Jovenelis yo mande pèp la mobilize pou fè echèk ak plan poutchis Ariel Henry ak konplis li yo ki kidnape peyi an depi 16 mwa.

Yon jou l a va jou

Jistis pou Ayiti !
Jistis pou Prezidan Jovenel Moïse

Pou otantifye nòt sila a:
Bureau de Communication du RJD : [email protected]

09/11/2022

NÒT POU LAPRÈS

9 novanm 2022

Pozisyon RJD sou dosye katouch ki sezi sou fwontyè Beladè a.

Rasanbleman Jovenelis yo pou Demokrasi (RJD) aprann nouvèl arestasyon sitwayèn Manessa Millien sou fwontyè Karisal/Eliaspiña nan machin prive li ki ta chaje bal pou tout kalte zam. Selon premye deklarasyon Madan Millien fè, li di se papa pitit li, yon sèten Chilè, ki te mande l sèvis pou transpòte bwat sa yo pou li, san li pat konnen sa ki gen ladan yo.

Manessa Milien gen timoun tou ak Vis Delege awondisman Lascahobas la, li viv nan kay ak li. Vis Delege a ki se Yvanoski Joachim deklare li pat okouran de aktivite Manessa Millien, li di li wont anpil pou yon moun ki pataje vi l melanje nan yon zak parèy.

Misye Yvanoski Joachim gen repitasyon yon moun ki dwat. Se pou lajistis 2 peyi yo mennen bon jan ankèt pou moun oswa gwoup moun ki responsab zak kriminèl sa a peye jan lalwa mande sa. Chak moun ki vann zam oubyen minisyon koupab menmjan ak bandi ki itilize yo pou touye pitit Bondye.

Machann zam ak minisyon se ko-otè tout zak kidnaping, vòl, vyòl ak lanmò pa bal ki fèt nan peyi an.

RJD toujou kanpe lwen e l ap kontinye kanpe lwen machann zam ak minisyon, machann blakawout, oligak kowonpi ansanm ak sevitè yo ki kaptire leta, sipotè gang ak tout kriminel ki touye Prezidan Jovenel Moise pou yo ka kontinye maspinen pèp la.

RJD pote solidarite l bay chak moun nan lajistis ak lapolis k ap fè efò pou kraze gang ak palto, gang san palto, ak tout moun ki viktim anba ensekirite.

Yon jou l a va jou!

Rèy kriminèl yo gen pou fini.

Pou otantifye nòt sila a:
Bureau de Communication du RJD : [email protected]

30/10/2022

RJD- NÒT POU LAPRÈS #12

29 Oktòb 2022

Rasanbleman Jovenelis yo pou Demokrasi (RJD) aprann avèk anpil tristès zak asasinay ki fèt sou biznisman, lidè politik, ansyen kandida pou pòs Prezidan, konpatriyòt Eric Jean-Baptiste ansanm ak chofè li.

M. Jean-Baptiste se yon sitwayen konsekan ki toujou pran gwo angajman pou peyi l, sitou nan denonse abi MINUSTAH ki te pote kolera bay pèp ayisyen. Zak malonèt sa a revolte konsyans tout ayisyen alawonnbadè, mete dlo nan zye fanmi li ak pati politik RDNP li t ap dirije.

RJD di se twòp atò. Li rele chalbare dèyè nèg ak zam, tout moun k ap sipòte gang pou kontinye vòlè, kidnape, vyole ak touye pitit nasyon an. Chalbare dèyè zotobre ki kache dèyè gang pou fè san koule.

Yon jou l a va jou. Kriminèl ki patisite nan touye Prezidan Jovenel Moïse yo ki plonje peyi a nan sitiyasyon malouk sa a, k ap kontinye masakre pèp la pou kenbe pouvwa ap gen pou yo peye sa yo fè.

Zanmi ak fanmi Eric Jean-Baptiste siye dlo nan je nou. Pèp ayisyen siye dlo nan je w, leve kanpe pou di sètase. Roberson Alphonse ansanm ak tout lòt sitwayen ki sou kabann lopital akòz bal asasen, bon retablisman!

Rèy kriminèl yo gen pou fini.

A bon entendeur, salut!

Pou otantifye nòt sila a

Bureau de Communication du RJD : [email protected]

29/09/2022

Atak ki fèt sou Magalie Habitant ki t ap patisipe nan yon manifestasyon pasifik kont ensekirite ak lavi chè jounen jedi 29 sektanm 2022 a inakseptab. RJD kondane ak fòs zak kriminèl sila a ki sanble pote siyati pouvwa Ariel Henri a. Atanta sa a sanble kou dlo kòk ak zak maspinay ki te kont fèt sou manifestan yo nan lane 2001-2003. RJD pote solidarite li bay Magalie Habitant, pandan li kondane zak malonèt ki fèt sou li a.

07/06/2022

L'accès à de bonnes infrastructures routière, électrique, numérique, sanitaire, scolaire, environnementale et hydraulique est un prérequis pour tout pays qui vise d'accéder au développement durable.
Jovenel Moïse, Président
27 Septembre 2018

05/06/2022

En programmant des examens officiels à la date de commémoration de l'assassinat crapuleux de , la coalition d'assassins qui dirige le pays ne peut plus cacher sa velléité à détruire, par tous les moyens, la mémoire du président.
Quel dommage ! Jovenel Moïse demeure.

31/05/2022

Port-au-Prince, le 30 mai 2022

COMMUNIQUÉ DE PRESSE

Depuis l'assassinat crapuleux du Président Jovenel Moïse le 7 juillet 2021, le Rassemblement des Jovenelistes pour la Démocratie (RJD) constate que les assassins du rêve d’un avenir meilleur du peuple haïtien s’entêtent à obscurcir, voire supprimer les réalisations du Président Moïse ainsi que les rudes batailles qu'il a menées afin d'arracher l'État des griffes des oligarques corrompus, batailles pour lesquelles il a été si cruellement assassiné.

Grâce à leur accession au pouvoir, les mercenaires politiques, exécutants du putsch du 7 juillet 2021, font tout ce qu'ils peuvent pour :

1 - Étouffer les grands projets initiés par le Président, dont le Barrage de Marion, la construction des canaux d'irrigation sur la Rivière Massacre, l'abandon de la plus grande centrale électrique du pays par le refus de mettre en fonction la centrale de Carrefour; tous les grands projets d’infrastructure sont arrêtés.

2 - Instrumentaliser le pouvoir judiciaire pour barrer la route à toute velléité visant à faire lumière sur l'assassinat du Président en protégeant les assassins et leurs complices.

La dernière manœuvre malsaine et nauséabonde des assassins vise à redonner la centrale Varreux, propriété de l’Etat haïtien, à la SOGENER, une compagnie accusée de corruption et de surfacturation dans un dossier l'opposant à l'État haïtien, représenté par des avocats détenant une procuration signée concomitamment et solidairement par le directeur général de la DGI, le Ministre de l'économie et des finances, le directeur général du ministère des travaux publics ainsi que le directeur général de l'EDH, les habilitant à ester en justice au nom de l'État haïtien.

Partant du principe que nul ne peut remplacer la loi ni la justice, le RJD se demande comment un haut fonctionnaire, directeur général de la DGI, gardien de droit des archives de cette prestigieuse institution, peut-il prétendre ignorer des documents sur lesquels il a lui-même apposé sa signature ? Le RJD, gardien de l'héritage politique du président Jovenel Moïse, dénonce avec la plus grande fermeté ces individus mal intentionnés, quelque soit leur rang, qui tentent d'utiliser la violence de l'argent sale, l'arrogance des biens mal acquis pour continuer de soumettre le système polico-administratif haïtien au détriment des intérêts supérieurs de la Nation.

Le Rassemblement des Jovenelistes pour la Démocratie reste ferme sur sa volonté de lutter afin d'obtenir justice pour le président martyr. Ainsi il lance un appel à tous.tes les haïtiens.nes qui ont cru dans les engagements du président Jovenel Moïse en vue de se concerter pour faire échec au projet macabre des putschistes. Haïti ne doit plus redevenir la vache à lait des oligarques corrompus.

Le peuple haïtien et la justice vaincront.

FIN.

POUR AUTHENTIFICATION

Bureau de Communication RJD: [email protected]

10/05/2022

Note de Denonciation
- RJD-0522-10-

Port-au-Prince, le 10 mai 2022

Le Rassemblement des Jovenelistes pour la Démocratie (RJD) dénonce avec véhémence l'agression physique ainsi que les menaces de mort proférées à l'encontre de M. Phèdre
LACROIX, Maire Adjoint de la commune de Belladère, membre du RJD.

M. Lacroix était en plein travail au profit de la communauté Belladèroise lorsque le maire titulaire M. Maclish Ledoux ainsi que son agent de sécurité, M. Osner Adelson-Aimé, armé d'un fusil automatique l'ont agressé physiquement.

Le RJD constate avec amertume que depuis l'assassinat du Président Jovenel MOÏSE le 7 juillet de l'année dernière, il devient difficile pour ceux qui partagent sa vision de vivre en toute quiétude voire continuer à travailler pour le bien-être de la population haïtienne.

Désireux de continuer d’œuvrer dans le respect des valeurs républicaines et des principes démocratiques, le RJD refuse une société où certains croient dur comme fer qu'ils peuvent faire passer leurs lois en méprisant le droit de vivre et l'intégrité physique de l'autre. Le Rassemblement des Jovenelistes pour Démocratie exhorte les autorités policières à assurer la sécurité de M. LACROIX qui est un citoyen respecté et respectable qui n'a d'autre ambition que de servir sa communauté.

Bâtir une Haïti nouvelle et meilleure, respectant la dignité de tous les haïtiens et toutes les haïtiennes et assurant la sauvegarde des acquis démocratiques est la tâche première des Jovenelistes.

POUR AUTHENTIFICATION
Bureau de Communication du RJD: [email protected]

27/04/2022

C'est avec le coeur lourd que nous apprenons la triste nouvelle du décès de Mr Dieudonné Lhérisson, homme politique, leader du PLANSPA. A sa famille et ses collaborateurs du PLANSPA, nous adressons nos plus sincères condoléances en ce moment de deuil.

Vous voulez que votre entreprise soit Service Du Gouvernement la plus cotée à Port-au-Prince ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Adresse


Port-au-Prince