08/12/2025
Mèsi paske nou te reponn envitasyon an.
Òganizasyon Feminis Dantò ap goumen pou yon sosyete san ankenn fòm dominasyon, eksplwatasyon ak opresyon.
Yon sosyete ki chita sou ideyal “libète byennèt” zansèt nou yo.
08/12/2025
Mèsi paske nou te reponn envitasyon an.
04/12/2025
Si w enterese, demen se dènye jou pou kontakte nou.
Nou ankouraje w fè sa kounye a.
Òganizasyon Feminis Dantò gen yon espas diskisyon ki rele « Atelye tematik », kote nou diskite sou yon tematik ki entèrese nou ansanm ak lòt òganizasyon oswa lòt militan.
Fwa sa a, atelye tematik nou ap fèt Samdi 6 Desanm k ap vini la a. Kontakte nou avan 5 Desanm pou w konn modalite patisipasyon yo, si w entèrese.
01/12/2025
Òganizasyon Feminis Dantò gen yon espas diskisyon ki rele « Atelye tematik », kote nou diskite sou yon tematik ki entèrese nou ansanm ak lòt òganizasyon oswa lòt militan.
Fwa sa a, atelye tematik nou ap fèt Samdi 6 Desanm k ap vini la a. Kontakte nou avan 5 Desanm pou w konn modalite patisipasyon yo, si w entèrese.
27/11/2025
Randevou nou kenbe pou pita a 8è nan Hôtel Florita.
Si w jakmèl, vin patisipe ak nou.
24/11/2025
Òganizasyon Feminis Dantò ak Jeux Dits Pwezi kontan envite w diskite ansanm sou vyolans fanm ap viv chak jou.
Nan kad aktivite sila a, n ap gade ansanm dokimantè San ak Swè pou louvri diskisyon yo. N ap fini sware ak yon sèn louvri.
Si w jakmèl, n ap kontan w rejwenn nou.
18/11/2025
18 novanm 1803 - 18 novanm 2025
2 syèk depi zansèt nou yo te kanpe batay pou tout moun viv lib e byen sou tè sa.
18 novanm 2025, nou dwe pran kouraj nou pou Ayiti soti nan enpas sa.
25/10/2025
Pwoteksyon tifi pa ka chita sou asistans imanitè ni kanpay senbolik.
Estrikti etatik ki la pou pwoteje tifi, tigason dwe kreye kondisyon pou yo grandi ak diyite.
# vyolansseksyèl
24/10/2025
Sekirite tifi pa yon garanti menm nan espas li ta dwe plis santi li alèz. Se souvan yon pwòch ki agresè a ak yon manman osnon yon matant ki pito fèmen je.
Sou kiyès tifi nou yo ka konte ?
23/10/2025
Estatistik yo montre, 60% fanm ayisyen sibi vyolans oubyen abi seksyèl anvanm menm yo genyen 18 lane.
Ki angajman Leta ayisyen pran pou pwoteje tifi yo ?
22/10/2025
Chak timoun, chak tifi dwe grandi nan diyite e an sekirite. Jounen jodi a, kontèks sosyal ak politik peyi a pa bay timoun, tifi nou yo garanti sa a. Leta ayisyen pa pwoteje ni tifi ni ti gason.
02/10/2025
Nou envite w konekte pou 3e epi dènye konferans vityèl nou pou seri sa a.
Tema: Migración Haitiana en el contexto global
Tèm: Migrasyon Ayisen nan kontèks global
Ou ka konekte sou zoom, konsa w ka suiv live sou FB òganizasyon an ak patnè li.
Lyen pou konekte: https://us02web.zoom.us/webinar/register/WN_sedMLna-Sx2aDjySTxKm9w
N ap tann ou…
26/09/2025