30/04/2022
Malgre plenyen, malgre revandikasyon kite genyen depi nan maten devan pak sent terèz nan komin petyon vil, kont yon aktivite kiktirèl kite prevwa fèt nan kad komemorasyon jounen fèt travay ak agrikilti nan peyi a chak 1er me
Delege depatmantal lwès la Pierre Gary Bernadotte, vis delege potoprens lan Jhonny Metelus, Direktè teyat nasyonal la Yves Penel sete ansanm de moun ke n te idantifye kite prezan nan pak sen terèz la ak popilasyon malgre tibilans kite genyen pou aktivite a te reyalize
Nap raple tou ampil moun te bat bravo kontantman pou prezans delege depatmantal lwès la Gary Bernadotte
30/04/2022
NOU ESKIZE NOU DEVAN TOUT MOUN POU ABSANS NOU
MAPAH INFO ON LINE
23/01/2022
Nan jou samdi 22 janvye 2022 a, asanble jeneral pati politik ROCH te reyini o konplè nan lide pou te mete yon nouvo prezidan nan tèt pati politik aprè 12 lane Evens Toussaint fè nan tèt li kòm prezidan.
An prezans 13 manb komite ekzekitif la, yon ventèn manb fondatè, asanble jeneral la te reyini e yo te rive chwazi ansyen DG ministè enteryè a mesye Fednel Monchery kòm nouvo prezidan pati politik ROCH la, nap raple Fednel Monchery sete younn nan konsye pati politik sa ke asanble a chwazi e vote kòm nouvo prezidan pati a.
Yon enfòmasyon MAPAH INFO ON LINE resevwa dirèkteman de yon sous pwòch pati politik sila ki bay enfòmasyon an a la près nan jou samdi 22 janvye 2022 a
PÈ NICKO
MAPAH INFO ON LINE
22/01/2022
Aprè akizasyon nelus nerius kap dirije yon òganizasyon sou nom debloke ayiti kont ansyen majistra Akayè a, Madam Rosemila Petit frere kòmkwa ansyen responsab meri Akayè a ta gagote lajan asenisman
Pou te fè swivi ak dosye sa, selon yon sous pwòch Madam Rosemila, ekip Madam lan te konsilte kabinè avoka yo, e gen yon somasyon ki fèt kont nelus kite fè gwo deklarasyon nan laprès ak medya an liyyy
Selon menm sous sa madam lan pat gen anyen pou wè ak asenisman paske sete MTPC AK SMGRS kita jere dosye asenisman sa, yon dosye MAPAH INFO ON LINE ap swiv de prè
EXA MARIO
MAPAH INFO ON LINE
14/01/2022
Yè jedi 13 janvye 2022 a nan biwo kès asistans sosyal peyi a ki sou titèl MAST, kap dirije pa Madam EDWINE TONTON te tanmen yon jounen distribisyon kit alimantè bay benefisyè ki nan pwogram kès asistans sosyal la
Se te avèk anpil plezi lanmou, pataj Madam EDWINE TONTON te retwouve l ayè jedi a nan manti pase plis ke yon santèn(100) benefisyè fanm kou gason, granmoun tout laj nan biwo kès asistans lan Yon fason pou l te pale ak yo epi l te pwofite pataje ak yo kit alimantè, yon jès ke benefisyè yo apresye anpil selon sa yo repòte MAPAH INFO ON LINE aprann nou, e se pou premye fwa yo jwenn ak yon moun kap jere kès asistans sosyal la ki mete l alèz avèk yo.
Bò kote pal direktris kès asistans sosyal la Madam EDWINE TONTON pwomèt yo lap fè tout fason ti tan lap fè nan tèt kès asistans sosyal la pou l pote yon amelyorasyon ak tout moun ki dwe benefisye de kès asistans sosyal la
Mario exa
MAPAH INFO ON LINE
13 janvye 2022
12/01/2022
MAPAH INFO ON LINE LA POU SA,NAP DEMANTI TOUT MOUN KAP FÈ FAKE NWES
ANPIL TI MEDYA AN LIYYY KI VLE EMEJÈ PA ITILIZE LÒT MWAYEN SE KREYE DIFAMASYON KONT MATELY, YO DI TOUT PAWÒL, MAP VINI AK DENYE FO ENFOMASYON SA KE YON SWA DIZAN MEDYA KI REGWOUPE YON GRENN MOUN AP FÈ KISE RADIO TELE MAKAYA OFFICIEL KI LAGE YON FO ENFOMASYON KÒMKWA MATELY GEN MEMIZ SOU GOUVÈNMAN ARIEL HENRY KANPE A YON ENFOMASYON KI FO
RADIO TÉLÉ MAKAYA OFFICIEL YON RADYO POUN MEFYE ENPE NAN FO ENFOMASYON MENM JAN AK METRONONE KITE FÈ KWÈ BAL PREZIDAN MATELY YO TE ANILE POU ZAFÈ ENPLIKASYON L NAN LANMÒ JOVENEL KI PAT JANM YON BON ENFOMASYON
NAP VEYE FAKE NWES
EXA MARIO
MAPAH INFO ON LINE