17/10/2026
Premye Minis lan, Ekselans Alix Didier Fils-Aimé, ansanm ak manm gouvènman an, komemore jounen samdi 17 oktòb 2026 la, 220yèm ane depi yo te asasinen papa nasyon an, Jeneral Jean-Jacques Dessalines. Selebrasyon sa a te fèt an de (2) pati. Nan premye pati a, Premye Minis la te depoze yon jèb flè nan MUPANAH.
Touswit apre, Ekselans Alix Didier Fils-Aimé ak manm gouvènman an, ansanm ak Sekretè jeneral Laprezidans lan ak Sekretè jeneral Konsèy minis la, nan prezans Jeneral an chèf Lame a ak Direktè jeneral Lapolis la, te reyini nan Palè nasyonal pou kontinye onore memwa papa nasyon an.
Nan diskou li fè pou okazyon an, Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé fè konnen Dessalines mouri, men li pa ale ak rèv diyite ak libète nasyon an, 220 lane apre, rèv sa a kontinye ap chèche chimen l. Li te raple pi bon fason pou nou onore Anperè a, se lè nou kontinye goumen pou souverènte nasyon an, epi li konfime sa pa ka fèt san sekirite. Nan sans sa a, li fè konnen pwogram P 4000 lan ap kontinye vanse epi Leta gentan fòme plis pase 1 500 sòlda nan lide pou fè Ayiti vin responsab pwòp sekirite l.
Chèf gouvènman an te pwofite anonse peyi a ap kòmanse fonksyone ak nouvo Kòd penal la depi 1ye janvye k ap vini an. Nan fen diskou l la, li te mande pou tout moun met tèt ansanm pou yo ka ede peyi a vanse, paske Ayiti pa fèt pou l rete nan kriz.
Seremoni komemorasyon lanmò Anperè a se yon siy ki montre volonte Leta a pou l onore memwa Zansèt yo, epi fè yo sèvi sous enspirasyon pou kenbe fyète nasyon an.