24/12/2025
⭕️ENFO | Depatman deta anonse mezi sa a, depi 19 desanm 2025, sou sit ofisyèl yo nan seksyon vwayaj - https://travel.state.gov. Yo di yo pran desizyon sa a, konfòmeman a pwoklamasyon prezidan an te fè sou restriksyon ak limit ki mete sou sitwayen ki soti nan divès peyi, pou paka rantre Etazini.🇺🇸 Avèk mezi sa a, apati 1e janvye 2026,⏰a minui, resòtisan ki nan Afghanistan, Birmanie, Burkina Faso, Tchad, République du Congo, Guinée équatoriale, Érythrée, Haïti, Iran, Laos, Libye, Mali, Niger, Sierra Leone, Somalie, Soudan du Sud, Soudan, Syrie ak Yémen, pap jwenn viza ankò. Depatman deta fè eksepsyon pou sèten viza tankou viza diplomatik ak ofisyèl, viza imigran espesyal pou anplwaye gouvènman ameriken, viza pou moun ki pral patisipe nan sèten gwo evènman espòtif, viza rezidan pèmanan pou n site sa yo sèlman. Gen lòt peyi yo mete restriksyon viza « pasyèl » sou yo, tankou Antigua-et-Barbuda, Bénin, Cuba, Nigeria, Venezuela... Nap raple, lis « travel ban » nan genyen pou kounya 39 peyi, e se yo tout ki gen mezi restriksyon viza ki pran kont yo (pasyèl oubyen konplè) | LSV

24/12/2025
03/12/2025
03/12/2025